Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hebrews 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now faith is the assurance of things hoped for, the conviction of things not seen. Alò, lafwa se asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.
2 For by it the people of old received their commendation. Paske se pa lafwa, moun nan tan ansyen yo te vin apwouve.
3 By faith we understand our Father's word formed the universe, so what is seen came not from the visible. Pa lafwa nou konprann ke mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.
4 By faith Abel brought our Father a better offering than Cain's, through which he was proven righteous, our Father commending him by accepting his gifts. Though he died, through his faith he still speaks. Pa lafwa Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.
5 By faith Enoch was taken up, not seeing death, and was not found, because our Father had taken him. Before his taking, he was commended as pleasing to our Father. Pa lafwa Enoch te monte pou l te kab pa wè lanmò. E kò li pa te jwenn akoz ke Bondye te pran l. Paske li te twouve temwen ke avan li te monte a, li t ap fè Bondye plezi.
6 Without faith it's impossible to please him: whoever approaches our Father must believe he exists and rewards those who sincerely seek him. Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.
7 By faith Noah, warned about what wasn't yet visible, built an ark in reverence to save his household. By this he condemned the world and became heir of the righteousness that comes through faith. Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.
8 By faith Abraham obeyed the call to go to a place he'd receive as inheritance, leaving without knowing his destination. Pa lafwa Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale.
9 By faith he settled in the land of promise as in a foreign land, living in tents with Isaac and Jacob, co-heirs of the same promise. Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la.
10 For he was watching for the city with foundations, whose designer and builder is our Father. Paske li t ap chache vil ki gen fondasyon an, ki gen kòm achitèk ak fondatè, Bondye menm.
11 By faith Sarah herself received power to conceive, though past age, since she trusted the one who promised was faithful. Pa lafwa, menm Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la.
12 So from one man—as good as dead—were born as many descendants as the stars of the sky, as countless as sand on the seashore. Akoz sa te vin fèt de yon sèl moun, e li menm, tankou yon moun mouri deja, yon kantite desandan “an chif kòm zetwal, e ki pa kab kontwole tankou grenn sab lanmè.”
13 All these died in faith, without receiving what was promised—yet seeing it from afar and welcoming it, admitting they were foreigners and exiles on earth. Tout sila yo te mouri nan lafwa san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a.
14 For those who say this show they are seeking a homeland of their own. Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo.
15 If they had remembered the land they'd left, they'd have had a chance to return. Si vrèman, yo t ap panse ak peyi sa a ke yo te soti a yo t ap twouve chans pou retounen.
16 But as it is, they desire a better country—a heavenly one. So our Father is not ashamed to be called their Father: he has prepared them a city. Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Li te prepare yon vil pou yo.
17 By faith Abraham, being tested, offered Isaac; he who had received the promises was offering his only son, Pa lafwa Abraham, lè l te vin pase a leprèv, li te ofri Isaac; e sila ki te resevwa pwomès la, t ap ofri sèl fis li a.
18 of whom it was said, "Through Isaac will your offspring be named." Se te selon fis sa menm ke Li te di: “Nan Isaac, desandan ou yo va rele.”
19 He reasoned our Father could raise him even from the dead—and, figuratively, he got him back from there. Men li te konsidere ke Bondye kapab leve moun menm soti nan lanmò. E vreman, li te osi resevwa li (Isaac) soti nan lanmò kòm yon modèl de sila ki t ap vini an.
20 By faith Isaac called down future blessings on Jacob and Esau. Pa lafwa Isaac te beni Jacob ak Ésaü, menm selon bagay ki t ap vini yo.
21 By faith Jacob, dying, blessed each of Joseph's sons and worshiped, leaning on the top of his staff. Pa lafwa Jacob, pandan li t ap mouri, li te beni tout fis Joseph yo, e li te adore pandan li t ap apiye sou tèt baton li.
22 By faith, dying, Joseph mentioned the exodus of Israel's sons and gave orders about his bones. Pa lafwa Joseph, lè l t ap mouri, te pale sou egzòd a fis Israël yo, e te pase lòd konsènan zo li yo.
23 By faith Moses' parents hid him three months after his birth, seeing he was a beautiful child, unafraid of the king's edict. Pa lafwa Moïse, lè l te fèt, te kache pandan twa mwa pa paran li yo, paske yo te wè ke li te yon bèl pitit; e yo pa t pè lòd wa a.
24 By faith Moses, when he was grown up, refused to be called the son of Pharaoh's daughter, Pa lafwa, Moïse lè l te fin grandi, li te refize rele fis a fi Farawon an;
25 choosing mistreatment with our Father's people over sin's fleeting pleasures. men li te chwazi pito sipòte afliksyon avèk pèp Bondye a pase pou l ta rejwi nan plezi peche k ap pase yo.
26 He considered the disgrace of Christ greater wealth than Egypt's treasures, since he looked toward the reward. Li te konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan.
27 By faith he left Egypt, not fearing the king's anger, enduring as if seeing our Father, who is invisible. Pa lafwa, li te kite Égypte, san krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la.
28 By faith he kept the Passover and blood-sprinkling, so the destroyer of the firstborn wouldn't touch them. Pa lafwa, li te fè Pak Jwif la, e li te flite san an, pou sila ki te detwi premye ne yo pa t kab touche yo.
29 By faith they crossed the Red Sea as on dry land; the Egyptians, trying the same, were swallowed up. Pa lafwa yo te travèse Lamè Wouj, kòmsi yo t ap pase sou tè sèk. E Ejipsyen yo, lè yo te tante fè l, te vale nèt.
30 By faith the walls of Jericho fell down after they had been encircled for seven days. Pa lafwa miray Jéricho yo te tonbe apre yo te fin fè wonn yo pandan sèt jou.
31 By faith Rahab the prostitute did not die with those who disobeyed, since she welcomed the spies in peace. Pa lafwa Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè.
32 What more can I say? Time fails me to tell of Gideon, Barak, Samson, Jephthah, David and Samuel and the prophets, Epi kisa mwen kapab di anplis? Paske nanpwen tan pou pale de Gédéon Barak, Samson, Jephthé, David, Samuel, ak pwofèt yo,
33 who through faith conquered kingdoms, enforced justice, obtained promises, shut the mouths of lions, ki pa lafwa, te fè konkèt wayòm yo, te fè zèv ladwati, te resevwa pwomès yo, e te fèmen bouch a lyon yo.
34 put out fire's power, escaped the edge of the sword, grew strong from weakness, became mighty in war, and turned back foreign armies. Yo te etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale.
35 Women received their dead back by resurrection; others were tortured, refusing release, to gain a better resurrection. Fanm yo te resevwa anretou mò yo pa rezirèksyon. Lòt yo te toumante, ni pa t aksepte pou yo ta lage, paske yo te pito resevwa yon pi bon rezirèksyon.
36 Still others suffered mocking and flogging, and even chains and imprisonment. Epi lòt nan yo te pase pay nan moke ak resevwa kout fwèt; wi, menm chenn ak prizon tou.
37 They were stoned, sawn in two, killed by the sword. They wandered in sheepskins and goatskins—destitute, tormented, mistreated. Yo te lapide ak kout wòch, yo te siye an de bout, yo te pwovoke, e te mete a lanmò avèk nepe. Yo te ale toupatou an po mouton ak po kabrit, san mwayen, aflije, maltrete—
38 The world wasn't worthy of them—they wandered deserts, mountains, caves, and holes in the ground. moun ke mond lan pa menm merite yo— Yo te gaye kò yo nan dezè, mòn, nan kavo, ak twou nan tè yo.
39 And all these, though they were commended for their faith, did not receive what was promised, Malgre, tout moun sila yo, ki te vin apwouve selon lafwa yo pa t resevwa sa ki te pwomèt la.
40 since our Father provided something better for us, so they would not be perfected without us. Paske Bondye te ranje yon pi bon pwovizyon pou nou menm pouke apa de nou menm, yo pa ta kapab vin pafè.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]