Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hebrews 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So, with so great a cloud of witnesses surrounding us, let's strip off every weight and the sin that clings so tightly, and run with endurance the race laid out before us. Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an,
2 Looking to Jesus, the founder and perfecter of our faith, who for the joy set before him endured the cross, despising its shame, and is seated at the right hand of our Father's throne. ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.
3 Weigh how he endured such hostility from sinners against himself, so you don't grow weary or lose heart. Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.
4 In your struggle against sin you have not yet resisted to the point of shedding your blood. Nou poko reziste jis rive pou rann san nan lit nou kont peche.
5 Have you forgotten the encouragement addressing you as sons? "My son, don't dismiss our Father's discipline, or lose heart when he corrects you. Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo: “Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a, ni vin febli lè nou korije pa Li;
6 For our Father disciplines the one he loves, and chastises every son whom he receives." Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo, e Li fwete tout fis ke L resevwa.”
7 It is for discipline that you endure. Our Father is treating you as sons; for what son is there whom his father does not discipline? Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin?
8 If you lack the discipline all children share, you're illegitimate, not sons. Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vrè fis.
9 Then too, we had physical fathers who disciplined us, and we respected them. Shouldn't we submit far more to the Father of spirits, and live? Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv?
10 They disciplined us briefly as they saw fit; he disciplines us for our good, so we may share his holiness. Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.
11 For the moment all discipline seems painful rather than pleasant, but later it yields the peaceful fruit of righteousness to those who have been trained by it. Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.
12 Therefore lift your drooping hands and strengthen your weak knees, Konsa ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo,
13 and make straight paths for your feet, so the lame limb won't be dislocated but instead healed. epi fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.
14 Pursue peace with everyone, and the holiness without which no one will see our Father. Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a.
15 Watch that no one falls short of our Father's grace, that no root of bitterness grows up to cause trouble and make many unclean, Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi.
16 that no one is sexually immoral or unholy like Esau, who sold his birthright for one meal. Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen san Bondye tankou Esaü ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje.
17 You know that afterward, wanting to inherit the blessing, he was rejected, for he found no opportunity to reverse the decision, though he sought the blessing with tears. Paske nou konnen ke menm apre sa, lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.
18 For you have not come to what can be touched, and blazing fire, and darkness, and gloom, and storm, Paske nou pa t vin kote yon mòn ki kapab touche e ki t ap flanbe, ni a tenèb, fènwa, ak tanpèt
19 and a trumpet blast, and a voice of words, whose hearers begged no more be said to them. ni a gwo kout twonpèt ak son pawòl ki sone tankou sila ki te tande l t ap mande sekou a, pou okenn pawòl pa t pale a yo menm ankò.
20 For they could not bear the command: "If even an animal touches the mountain, it must be stoned." Paske yo pa t kapab sipòte dekrè lan: “Menm si yon bèt touche mòn nan, li va lapide ak kout wòch.”
21 Indeed, so terrifying was the sight that Moses said, "I am trembling with fear." Vizyon sila a te si tèlman tèrib ke Moïse te di: “Mwen plen lakrent ak tranbleman”.
22 But you have come to Mount Zion, city of the living Father, heavenly Jerusalem, and to countless angels in joyful assembly, Men nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole,
23 and to the assembly of the firstborn enrolled in heaven, and to our Father, judge of all, and to the spirits of the righteous made perfect, anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo,
24 and to Jesus, mediator of a new covenant, and to sprinkled blood speaking a better word than Abel's blood. epi anvè Jésus medyatè yon akò tounèf la, e anvè san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la.
25 See that you don't refuse the One speaking. If those who refused the One warning them on earth didn't escape, how much less will we, if we turn from the One warning from heaven. Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la.
26 Then his voice shook the earth; now he has promised: "Yet once more I will shake not only the earth but also the heavens." Epi vwa Li te souke tè a nan moman an, men koulye a, Li fè yon pwomès, e Li di: “Malgre sa, yon fwa ankò Mwen va souke, non sèlman tè a, men osi syèl la.”
27 The phrase "Yet once more" signals removal of shaken things—that is, created things—so the unshaken may remain. Ekspresyon sa a: “Malgre yon fwa ankò”, fè nou konprann ke tout bagay ki te kreye, ki kapab souke va retire, pou bagay sila ki pa kapab souke yo, kapab vin rete.
28 So, receiving an unshakable kingdom, let's hold on to thankfulness and offer our Father acceptable worship, with reverence and awe, Konsa, akoz ke nou resevwa yon wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent.
29 for our Father is a consuming fire. Paske Bondye nou an se yon dife k ap devore.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]