Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hebrews 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Let love for one another as family continue. Kite lanmou pou frè yo kontinye.
2 Don't forget hospitality to strangers; through it some have hosted angels unaware. Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen.
3 Remember prisoners as though chained with them, and the mistreated, since you too are in the body. Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.
4 Marriage should be honored among all, the marriage bed kept pure—our Father will judge the sexually immoral and adulterous. Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.
5 Keep your life free from the love of money; be content with what you have, for our Father himself has said, "I will never leave you, never abandon you." Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”
6 So we say with confidence: Our Father is my helper; I will not fear. What can anyone do to me? pou nou di avèk konfyans: “Senyè a se soutyen mwen. Mwen p ap pè. Sa lòm ka fè m?”
7 Remember your leaders who spoke our Father's word to you. Consider the outcome of their way of life, and imitate their faith. Sonje sila ki te dirije nou yo, ki te pale pawòl Bondye ak nou. Konsidere rezilta a zèv pa yo, e imite lafwa yo.
8 Jesus Christ is the same yesterday and today and forever. Jésus Kri se menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan.
9 Don't be swept away by strange, varied teachings. It's good for the heart to be strengthened by grace, not by foods—those who live by them gain nothing. Pa vin pote ale pa doktrin varye e dwòl, paske li bon pou kè a ranfòse pa lagras, men pa ak kalite manje ki pa t bay benefis a sila ki te swiv yo.
10 We have an altar from which those who serve the tent have no right to eat. Nou gen yon lotèl kote sila ki fè sèvis nan tabènak yo pa gen dwa manje.
11 For the bodies of animals whose blood the high priest brings into the sanctuary for sin are burned outside the camp. Paske kò a bèt sila yo ki gen san yo, ke Wo Prèt la pote nan lye sen an kòm yon ofrann pou peche yo, dwe brile deyò kan an.
12 So Jesus also suffered outside the gate to make the people holy through his own blood. Menm jan an, Jésus osi, pou Li te kapab sanktifye pèp la ak pwòp san Li, te soufri deyò pòtay la.
13 Therefore let us go out to him outside the camp, bearing the shame he endured. Donk, annou ale jwenn Li deyò kan an pou pote repwòch Li yo.
14 For here we have no lasting city, but we are seeking the city that is to come. Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.
15 Through him, then, let us always offer our Father a sacrifice of praise—the fruit of lips confessing his name. Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.
16 Don't forget to do good and share what you have—such sacrifices please our Father. Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.
17 Obey your leaders and submit to them—they watch over your souls, since they'll answer for you. Let them do this joyfully, not with groaning, for that profits you nothing. Obeyi lidè nou yo e soumèt nou a yo. Paske yo kontinye ap gade sou nanm nou, kòm sila ki oblije rann kont. Kite yo fè sa avèk jwa, olye chagren, paske sa pa t ap gen pwofi pou nou.
18 Pray for us, since we're sure our conscience is clear, wanting to act honorably in everything. Priye pou nou, paske nou asire ke nou gen yon bon konsyans, nan dezire kondwi tèt nou avèk lonè nan tout bagay.
19 I urge you even more to do this, so I may be restored to you sooner. Mwen ankouraje nou menm plis pou fè sa pou mwen kapab vin restore a nou menm pi vit menm.
20 May our Father of peace, who raised our Lord Jesus—the great Shepherd of the sheep—from the dead by the blood of the eternal covenant, Koulye a, ke Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an,
21 complete you in every good thing to do his will, working in us what pleases him through Jesus Christ, to whom be glory forever and ever. Amen. ekipe nou nan tout bon zèv, pou fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
22 Brothers and sisters, I urge you to bear with this word of encouragement—I've written only briefly. Men mwen ankouraje nou frè m yo, pou sipòte pawòl egzòtasyon sila a, paske mwen ekri nou brèvman.
23 Know that our brother Timothy has been released; if he comes soon, I will see you with him. Byen aprann ke frè nou Timothée lage, e mwen va wè nou avèk li menm, si li vini vit.
24 Greet all your leaders and all the saints. Those from Italy send you greetings. Salye tout lidè nou yo ak tout sen yo. Sila an Italie yo salye nou.
25 Grace be with you all. Amen. Ke lagras rete avèk nou tout.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]