Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

James 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 James, a servant of our Father and the Lord Jesus Christ, to the twelve tribes scattered among the nations: greetings. Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon.
2 Consider it pure joy, my brothers and sisters, whenever you face trials of many kinds, Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo
3 because you know that the testing of your faith produces perseverance. nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans.
4 Let perseverance finish its work so that you may be mature and complete, lacking nothing. Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.
5 If any of you lacks wisdom, ask our Father, who gives freely to all without criticizing, and it will be given you. Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.
6 Ask in faith, without doubting, for the doubter is like a sea wave, driven and tossed by the wind. Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an.
7 That person should not expect to receive anything from our Father. Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a,
8 Such a person is double-minded and unstable in all their ways. tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.
9 Let the believer in humble circumstances take pride in their high position, Kite frè ki nan sikonstans ki ba, bay glwa nan wo pozisyon li;
10 but let the rich boast in their low state, since they'll pass like a wildflower. e kite moun rich la, bay glwa nan imilyasyon li, paske tankou zèb k ap fleri, li osi va disparèt.
11 The sun rises with scorching heat and withers the grass. Its flower falls; its beauty vanishes. So the rich fade away amid their pursuits. Paske solèy la leve avèk yon gwo chalè, epi zèb la seche; flè li tonbe, e bote aparans li an vin disparèt. Konsa tou, moun rich la nan mitan tout sa l ap chèche yo, li va vin disparèt.
12 Blessed is the one who endures trial, because once tested they'll receive the crown of life our Father promised to those who love him. Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.
13 When tempted, no one should say, "Our Father is tempting me." Evil can't tempt our Father, and he tempts no one. Pa kite pèsòn di lè l tante: “Se Bondye k ap tante m,” paske Bondye pa kapab tante pa mal, e Li menm, Li pa tante pèsòn.
14 But each person is tempted, dragged away and lured by their own evil desire. Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo.
15 Then desire conceives and gives birth to sin; sin, full-grown, gives birth to death. Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè peche a fin akonpli, li pote lanmò.
16 Don't be deceived, my dear brothers and sisters. Pinga nou vin twonpe, frè byeneme mwen yo.
17 Every good and perfect gift is from above, coming down from the Father of lights, who never changes or casts a shifting shadow. Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.
18 By his choice, he gave us birth through the word of truth, so we'd be a kind of firstfruits of his creation. Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.
19 Know this, my dear brothers and sisters: everyone should be quick to listen, slow to speak, slow to anger, Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè.
20 because human anger does not produce the righteousness of our Father. Paske kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.
21 So strip off all moral filth and excess evil; humbly receive the word planted in you, able to save your souls. Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.
22 Do not merely listen to the word, and so deceive yourselves. Do what it says. Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo.
23 Anyone who hears the word but doesn't act on it is like one who looks at his natural face in a mirror, Paske si yon moun ap tande pawòl la, e li pa aji selon li, li tankou yon moun ki gade figi natirèl li nan yon miwa.
24 and, after looking at himself, goes away and immediately forgets what he looks like. Yon fwa, li fin gade tèt li e li ale, li gen tan bliye ki kalite moun li te ye a.
25 But whoever peers into the perfect law of freedom, continuing in it—not a forgetful hearer but a doer who acts—will be blessed in his doing. Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va beni nan sa li fè.
26 If anyone thinks himself religious but doesn't control his tongue, he deceives his own heart—his religion is worthless. Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.
27 Pure and spotless religion before our Father is this: caring for orphans and widows in their distress, and keeping oneself unstained from the world. Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou a se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]