Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

James 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 My brothers and sisters, as believers in our glorious Lord Jesus Christ, do not show favoritism. Frè m yo, pa kenbe lafwa nou nan Senyè laglwa nou an, Jésus Kri avèk patipri.
2 Say a man wearing a gold ring and fine clothes enters your assembly, and a poor man in shabby clothes enters too. Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak rad sal,
3 If you notice the well-dressed one and say, "Sit here, a good seat," but tell the poor man, "Stand over there," or "Sit on the floor by my feet," epi nou prete atansyon espesyal a sila ki byen abiye a, e nou di l: “Ou mèt chita la nan yon bon plas”, epi nou di a pòv la: “Chita laba”, oubyen: “Chita bò pye m nan”,
4 haven't you played favorites among yourselves and become judges guided by evil motives? Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij avèk move lentansyon?
5 Listen, my beloved brothers and sisters: Hasn't our Father chosen the world's poor to be rich in faith, heirs of the kingdom promised to those who love him? Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo?
6 But you disrespected the poor. Don't the rich oppress you and drag you into court? Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal.
7 Aren't they blaspheming the honorable name called over you? Èske yo pa blasfeme bèl non pa sila nou te resevwa apèl la?
8 If you truly obey the royal law according to the Scripture, "Love your neighbor as yourself," you do well. Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: “Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.
9 But if you show favoritism, you are sinning, and the law convicts you as lawbreakers. Men si nou montre patipri, nou ap fè peche e gen tan vin koupab devan lalwa kòm transgresè.
10 Whoever keeps the whole law but stumbles at one point is guilty of breaking it all. Paske sila ki kenbe tout lalwa a, malgre sa, li tonbe nan yon sèl, li vin koupab de tout.
11 For our Father, who forbade adultery, also forbade murder. So if you avoid adultery yet commit murder, you're a lawbreaker. Paske, Sila a ki te di: “Pa fè adiltè” a, Li te di tou: “Pa touye moun”. Alò, si nou pa fè adiltè, men nou touye moun, nou gen tan vin yon transgresè lalwa.
12 Speak and act as people who will be judged by the law of freedom. Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa lalwa libète a.
13 Judgment is merciless to one who showed no mercy; mercy triumphs over judgment. Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.
14 What good is it, my brothers and sisters, if someone claims faith without works? Can that faith save him? Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li?
15 Suppose a brother or sister is poorly clothed and lacking daily food, Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou,
16 and one of you tells them, "Go in peace, stay warm and fed," but gives nothing for their bodily needs—what good is that? epi youn nan nou di yo: “Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi?
17 In the same way, faith by itself, if it is not accompanied by works, is dead. Menm jan an lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.
18 But someone will say, "You have faith, and I have works." Show me your faith without works, and I'll show you my faith from my works. Konsa, yon moun ka byen di: “Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv.”
19 You believe that our Father is one; you do well. Even the demons believe that—and shudder. Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Demon yo kwè tou, e yo tranble.
20 Do you want me to show you, you foolish person, that faith apart from works is useless? Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke lafwa san zèv vin initil?
21 Was not Abraham our father justified by works when he offered his son Isaac on the altar? Èske Abraham, zansèt nou an, pa t jistifye pa zèv lè li te ofri Isaac, fis li a, sou lotèl la?
22 You see that faith was working together with his works, and faith was completed by his works. Nou wè ke lafwa t ap travay avèk zèv li yo, e kòm rezilta a, zèv lafwa li a te vin pafè.
23 This fulfilled the Scripture: "Abraham believed our Father, and it was credited to him as righteousness"—he was called our Father's friend. Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: “Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a.
24 You see that a person is justified by works and not by faith alone. Menmjan nou wè ke yon nonm jistifye pa zèv, e non sèlman pa lafwa a.
25 Likewise, wasn't Rahab the prostitute also justified by works, welcoming the messengers and sending them out a different way? Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesajè yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an?
26 As the body without the spirit is dead, so also faith without works is dead. Paske menm jan ke kò san lespri a mouri deja, menm jan an tou lafwa san zèv deja mouri.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]