Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

James 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 My brothers and sisters, not many of you should become teachers, since we teachers face stricter judgment. Pa kite anpil nan nou ansenye, frè m yo, paske nou konnen ke konsa, nou va resevwa yon jijman ki pi sevè.
2 For we all stumble in many ways. Anyone who never stumbles in speech is a mature man, able to control his whole body too. Paske nou tout tonbe nan plizyè sans. Si yon moun pa tonbe nan sa li di, li menm se yon moun pafè, li kapab kontwole tout kò a menm jan an.
3 If we put bits in horses' mouths to make them obey us, we guide their whole bodies too. Koulye a si nou mete mò nan bouch a cheval yo pou yo kab obeyi nou, nou dirije tout kò yo tou.
4 Consider ships too: though large and driven by strong winds, a tiny rudder steers them wherever the pilot wants. Gade menm bato yo; malgre yo trè gran e pouse pa gwo van, yo toujou dirije pa yon gouvènè tou piti nenpòt kote volonte a pilòt la pito.
5 So too the tongue is a small body part, yet boasts great things. See how small a fire sets ablaze a great forest! Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li vante gwo bagay. Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti!
6 The tongue is a fire, a world of wickedness placed among our body's parts. It stains the whole body, sets the whole course of life ablaze, and is itself set ablaze by hell. Konsa lang lan se yon dife, yon vrè mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.
7 Every kind of beast, bird, reptile, and sea creature is tamed, and has been tamed, by humankind, Paske tout kalite bèt ak zwazo, reptil ak kreyati lanmè yo, donte e vin donte pa ras lòm nan.
8 but no human being can tame the tongue. It is a restless evil, full of deadly poison. Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak pwazon mòtèl.
9 With it we bless our Father; with it we curse people made in the likeness of our Father. Avèk li, nou beni Senyè nou an ak Papa a, e avèk li, nou madichonnen moun ki fèt ak limaj Bondye.
10 From the same mouth come blessing and cursing. My brothers and sisters, this should not be. Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.
11 Does a spring pour out both fresh and bitter water from the same opening? Èske yon sous kapab koule dlo fre avèk dlo anmè nan menm bouch la?
12 Brothers and sisters, can a fig tree bear olives, or a vine figs? Neither can a salt spring yield fresh water. Èske yon pye fig frans, frè m yo, pwodwi oliv, oubyen yon pye rezen pwodwi fig? Ni dlo sale pa kapab pwodwi dlo fre.
13 Who is wise and understanding among you? Let him show his deeds through good conduct, in wisdom's humility. Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.
14 But if bitter envy and selfish ambition fill your heart, don't boast or lie against the truth. Men si nou gen jalouzi, fachez ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a.
15 This is not the wisdom that comes down from above, but is earthly, unspiritual, demonic. Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik.
16 For where there is jealousy and selfish ambition, there will be disorder and every vile practice. Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.
17 Wisdom from above: pure first, then peace-loving, gentle, reasonable, full of mercy and good fruit, unbiased, sincere. Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi.
18 And the harvest of righteousness is sown in peace by those who make peace. Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]