Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

James 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Where do wars and fights among you come from? Isn't it your cravings warring inside you? Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo?
2 You want and don't have—you kill. You crave and can't get it—you quarrel and fight. You don't have because you don't ask. Nou anvi e nou pa genyen, donk nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande.
3 You ask and do not receive, because you ask wrongly, to spend it on your own pleasures. Nou mande e nou pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.
4 You adulterous people! Don't you know friendship with the world is hostility toward our Father? Whoever chooses to be its friend becomes an enemy of our Father. Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.
5 Or does Scripture speak for nothing, saying the spirit he placed in us longs jealously? Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”
6 But he gives more grace. That is why Scripture says, "Our Father opposes the proud but gives grace to the humble." Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”
7 Submit yourselves, then, to our Father. Resist the devil, and he will flee from you. Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou.
8 Come close to our Father, and he will come close to you. Cleanse your hands, sinners; purify your hearts, double-minded. Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.
9 Grieve, mourn, and weep. Turn your laughter to mourning and your joy to gloom. Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès.
10 Humble yourselves before our Father, and he will lift you up. Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.
11 Don't speak against each other, brothers and sisters. Whoever speaks against a brother, or judges him, speaks against the law and judges it. But if you judge the law, you're not keeping it—you're judging it. Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li.
12 Only one gives the law and judges—able to save or destroy. Who are you to judge your neighbor? Gen yon sèl ki bay Lalwa; se sèl Li ki kapab sove e detwi. Men nou menm, ki moun nou ye pou jije vwazen nou an?
13 Come now, you who say, "Today or tomorrow we will go to this or that city, spend a year, trade, and profit." Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.”
14 You don't know what tomorrow brings. What is your life? For you're a mist, visible briefly, then gone. Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt.
15 Instead you ought to say, "If our Father wills, we will live and do this or that." Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”
16 As it is, you boast in your arrogance. All such boasting is evil. Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste.
17 So whoever knows the good to do and fails to do it, sin is theirs. Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]