Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

James 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Come now, you who are rich, weep and wail over the miseries that are coming upon you. Vini koulye a nou menm ki rich, kriye e rele fò akoz mizè k ap vini sou nou yo.
2 Your riches have rotted, and your clothes have become moth-eaten. Richès nou yo gen tan pouri e rad nou yo gen tan manje pa mit.
3 Your gold and silver have rusted; their rust will witness against you and burn your flesh like fire. You piled up riches in the last days. Lò ak lajan nou yo gen tan pran lawouj, e lawouj yo va yon temwen kont nou, e va manje chè nou tankou dife. Se pandan dènye jou yo ke nou te mete trezò nou nan depo a!
4 Look: the wages you held back from the workers who mowed your fields cry out, and the harvesters' cries have reached the ears of the Father of heaven's armies. Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.
5 You lived on earth in luxury and indulgence. You fattened your hearts in a day of slaughter. Nou te viv nan richès sou tè a e mennen yon vi nan gran plezi. Nou te angrese kè nou nan yon jou labatwa.
6 You have condemned and murdered the righteous one, who does not resist you. Nou te kondane e mete a lanmò nonm jis la; li pa t reziste kont nou.
7 So be patient, brothers and sisters, until the Lord's coming. Think of the farmer: he waits patiently for the land's precious fruit, until it gets the early and late rains. Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo.
8 You too must be patient. Strengthen your hearts, because the coming of the Lord is near. Nou menm tou, se pou nou pasyan. Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.
9 Don't grumble against each other, brothers and sisters, or you'll be judged. Look—the Judge stands at the doors. Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.
10 Brothers and sisters, take the prophets who spoke in the name of our Father as examples of suffering and patience. Frè m yo, pran pwofèt yo ki pale nan non Senyè a kòm egzanp de soufrans ak pasyans.
11 See, we call those who endured blessed. You've heard of Job's endurance and seen what our Father brought about—our Father is rich in compassion and mercy. Nou konte sa ki te andire yo kòm beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.
12 Above all, my brothers and sisters, do not swear—neither by heaven, nor earth, nor any other oath. Let your yes be yes and your no, no, so you won't fall under judgment. Men, anplis de tout bagay, frè m yo pa sèmante ni pa syèl la, ni pa tè a, ni pa okenn lòt sèman. Men ke wi ou rete wi e non ou rete non, pou nou pa tonbe anba jijman.
13 Is anyone among you suffering? Let them pray. Is anyone cheerful? Let them sing praises. Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj.
14 Anyone sick among you? Have them call for the church elders, and have the elders pray over them, anointing them with oil in the name of the Lord. Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e onksyone li ak lwil nan non Senyè a.
15 The prayer of faith will save the sick person, and the Lord will raise him up. And if he has sinned, he will be forgiven. Konsa, priyè la ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone.
16 So confess your sins to each other and pray for each other, that you may be healed. A righteous person's prayer is powerful and effective. Konsa konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab geri. Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay.
17 Elijah was a man like us, and he prayed hard that it not rain; it did not rain on the land for three years and six months. Élie se te yon nonm avèk yon nati tankou pa nou an, e li te priye fò pou li pa t fè lapli, e li pa t fè lapli sou tè a pandan twazan si mwa.
18 Then he prayed again, and the heavens gave rain, and the earth produced its fruit. Answit, li te priye ankò, epi syèl la te vide lapli, e tè a te pwodwi fwi li.
19 My brothers and sisters, if anyone among you wanders from the truth and someone turns them back, Frè m yo si yon moun pami nou vin egare e kite verite a, men yon lòt fè l retounen,
20 know this: whoever turns a sinner from their wrong way saves that person's soul from death and covers a multitude of sins. fè li konnen ke sila ki detounen yon pechè soti de erè chemen li an, va sove nanm li de lanmò, e va kouvri yon gran kantite peche.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]