Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Peter 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Peter, apostle of Jesus Christ, to the chosen exiles scattered through Pontus, Galatia, Cappadocia, Asia, and Bithynia. Pierre, yon apot Jésus Kri, a sila ki rete a letranje yo, ki gaye nan Pont, Galatie, Cappadoce, Asie ak Bithynie, sila ki chwazi davans yo,
2 Chosen by our Father's foreknowledge, made holy by the Holy Spirit, to obey Jesus Christ and be sprinkled with his blood: grace and peace multiplied to you. selon konesans davans a Bondye, Papa a, pa travay Lespri Sen an, pou nou ta kapab obeyi Jésus Kri e vin aspèje avèk san Li: Ke lagras ak lapè kapab pou nou nan pi gran mezi.
3 Blessed is our Father, and the Father of our Lord Jesus Christ: by his great mercy he gave us new birth into a living hope through Jesus Christ's resurrection from the dead, Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a
4 into an inheritance that can never perish, spoil, or fade, kept in heaven for you, pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou
5 protected through faith by our Father's power for the salvation ready to be revealed in the last time. ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.
6 You rejoice greatly in this, though now, briefly, you may have had to be distressed by various trials. Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv,
7 These have come so that your faith—tested and found genuine, worth more than fire-refined gold that still gets destroyed—may bring praise, glory, and honor when Jesus Christ appears. pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.
8 Though you've never seen him, you love him; though you don't see him now, you trust him, rejoicing with joy beyond words and full of glory, Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa
9 for you are receiving the goal of your faith, the salvation of your souls. ki fè kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.
10 Prophets who spoke of the grace meant for you investigated and searched carefully into this salvation, Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo,
11 searching for the time and situation the Spirit of Christ in them pointed to, when he predicted Christ's sufferings and the glories after them. pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.
12 It was revealed to them: they served not themselves but you, when they spoke of these things now announced to you through those who preached the good news to you by the Holy Spirit sent from heaven. Even angels long to look into these things. Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.
13 So, minds braced for action and fully sober, hope completely on the grace to be brought to you when Jesus Christ is revealed. Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a—
14 As obedient children, don't let yourselves be shaped by the desires you once followed in your ignorance. Kòm timoun obeyisan pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan,
15 But just as the one who called you is holy, so be holy in all you do; men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou.
16 for it is written: "Be holy, because I am holy." Paske sa ekri: “Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”
17 Since you call on a Father who judges every deed without favoritism, spend your exile time here in reverent fear. Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.
18 You know silver and gold—things that decay—didn't rescue you from the empty life passed down from your ancestors, Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo,
19 but with Christ's precious blood, a lamb without defect or stain. men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm.
20 Chosen before the world's foundation, revealed in these last times for your sake. Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm
21 Through him you believe in our Father, who raised him from the dead and glorified him, so your faith and hope are in our Father. ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.
22 Having purified your souls by obeying the truth for sincere love of the brothers, love each other deeply from a pure heart. Akoz ke obeyisans a verite a te vin pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè,
23 For you have been born again—not of perishable seed but imperishable—through the living, enduring word of our Father. paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.
24 For, "All people are like grass, and all their glory like the flowers of the field; the grass withers and the flowers fall, Paske: “Tout chè tankou zèb, e tout laglwa li tankou flè zèb la. Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,
25 but the word of our Father endures forever." And this is the word that was preached to you. men pawòl Senyè a dire pou tout tan.” E sa se pawòl ki te preche a nou menm nan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]