Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Peter 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So put away all malice and all deceit and hypocrisy and envy and all slander. Konsa mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang
2 Like newborn babies, crave pure milk of the word, so you grow into salvation, epi tankou tibebe ki fenk ne, se pou nou gen lanvi pou lèt pi a pawòl la, pouke pa li menm, nou kapab grandi vè sali,
3 now that you have tasted that the Lord is good. si vrèman nou te goute dousè a Senyè a.
4 As you come to him, the living stone rejected by people but chosen, precious to our Father. Vin kote Sila ki kòm yon wòch vivan te rejte pa lèzòm, men ki chwazi pa Bondye, e presye nan zye Li.
5 You too are being built, like living stones, into a spiritual house and a holy priesthood, offering spiritual sacrifices our Father accepts through Jesus Christ. Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.
6 Scripture says: "See, I set in Zion a chosen, precious cornerstone; whoever believes in him will never be put to shame." Paske sa twouve nan Lekriti sen an: “Byen gade, Mwen poze nan Sion yon wòch byen chwazi, yon wòch kwen prensipal la, e sila ki kwè nan Li a p ap wont.”
7 This honor, then, is for you who believe. For those who don't, the stone the builders rejected has become the cornerstone, Alò, valè presye sila a, se pou nou menm ki kwè, men pou sila ki pa kwè yo: “Wòch ke bòs mason yo te rejte a, sa te devni vrè wòch ang lan.”
8 and a stumbling stone, a rock that trips them. They trip because they disobey the word—exactly what they were appointed for. Epi: “yon wòch pou fè moun bite e yon wòch ofans.” Yo bite konsa akoz yo dezobeyisan a pawòl la, e se pou move desten sila a, yo te deziye.
9 But you are a chosen people, a royal priesthood, a holy nation, a people belonging to our Father, to proclaim the praises of the one who called you from darkness into his amazing light. Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a.
10 Once you were not a people, now you are our Father's people; once you had not received mercy, now you have received mercy. Paske, avan, nou pa t yon pèp, men koulye a, nou se Pèp Bondye a; nou pa t resevwa mizerikòd, men koulye a, nou resevwa mizerikòd.
11 Dear friends, I urge you—foreigners and exiles—to avoid fleshly desires that war against your soul. Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap fè lagè kont nanm nan.
12 Live good lives among the nations, so that when they slander you as wrongdoers, they may see your good deeds and glorify our Father on the day he visits us. Kenbe kondwit nou pwòp pami pèp etranje yo, pouke nan bagay ke yo pale mal sou nou kòm malfektè yo, yo kapab akoz bon zèv nou, bay Bondye glwa, lè yo wè yo nan jou gran vizitasyon selès la.
13 Submit to every human authority for the Lord's sake—whether the emperor, as supreme, Soumèt tèt nou pou koz a Senyè a, a tout otorite ki etabli pami lòm, kit se yon wa kit se yon moun an otorite
14 or to governors, sent by the emperor to punish wrongdoers and praise those who do good. oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo pou pini malfektè yo e louwe sila ki fè byen yo.
15 For this is our Father's will: that by doing good you silence the ignorant talk of foolish people. Paske se volonte Bondye, pou lè nou fè sa ki bon, pou sa fè inyoran yo ak san konprann yo rete an silans.
16 Live as free people—not using freedom to cover evil—but as servants of our Father. Se pou nou tankou moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm sèvitè a Bondye.
17 Respect everyone, love the family of believers, fear our Father, honor the emperor. Onore tout moun. Renmen frè nou yo. Gen lakrent Bondye, onore wa a.
18 Servants, submit to your masters with full respect—not only the good and gentle, but also the harsh. Sèvitè, se pou nou soumèt a mèt nou avèk tout respè, non sèlman a sila ki bon e dous yo, men osi a sila ki difisil yo.
19 For it is commendable if someone bears up under the pain of unjust suffering, mindful of our Father. Paske sa jwenn favè, si yon nonm, pou koz a konsyans anvè Bondye, sipòte afliksyon ki enjis.
20 What credit is it to endure a beating for doing wrong? But enduring suffering for doing good—this is commendable before our Father. Paske ki glwa ki genyen si, lè nou peche e yo trete nou sevèman, nou andire li avèk pasyans? Men si lè nou fè sa ki bon e soufri pou li, nou andire li avèk pasyans, sa twouve favè devan Bondye.
21 You were called to this, since Christ suffered for you too, leaving an example for you to follow in his steps. Paske nou te rele pou koz sa a akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,
22 "He committed no sin, and no deceit was found in his mouth." Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a.
23 When they hurled their insults at him, he did not retaliate; when he suffered, he made no threats, but entrusted himself to the one who judges justly. Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.
24 He himself bore our sins in his body on the tree, so that we might die to sin and live for righteousness; by his wounds you have been healed. Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.
25 For you were straying like sheep, but now have returned to the Shepherd and Guardian of your souls. Paske nou te toujou egare tankou mouton, men koulye a nou gen tan retounen a Bèje e Gadyen nanm nou an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]