Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Peter 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Likewise, wives, submit to your own husbands, so that even if some disobey the word, they may be won without a word by their wives' conduct, Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo,
2 seeing your pure, reverent conduct. lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.
3 Do not let your beauty be the outward kind—braided hair, gold jewelry, fine clothing. Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad;
4 But let it be the hidden person of the heart, the undying beauty of a gentle, quiet spirit, precious in our Father's sight. men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye.
5 For this is how the holy women of old who hoped in our Father adorned themselves, submitting to their own husbands, Paske nan fason sa a, nan tan pase yo, fanm sen yo osi ki te espere nan Bondye, te konn byen abiye yo, e soumèt a pwòp mari yo.
6 as Sarah obeyed Abraham, calling him lord. And you have become her children if you do good, fearing no terror. Menmjan Sara te obeyi Abraham nan, e li te rele l senyè a, nou gen tan devni pitit li si nou fè sa ki bon e nou p ap pè anyen.
7 Husbands, similarly, live with your wives with understanding, honoring each as the weaker vessel and as coheirs of the grace of life, so your prayers aren't hindered. Nou menm, mari yo, menm jan an, viv avèk madanm nou avèk sajès, kòmsi avèk yon veso ki pi fèb. Ba li onè tankou yon moun ki pataje gras lavi a, pouke priyè nou yo pa bloke.
8 Finally, all of you, be of one mind, sympathetic, loving one another as family, tenderhearted, and humble. Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.
9 Do not repay evil for evil or insult for insult, but bless instead—you were called to this, so you may inherit blessing. Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon.
10 For, "Whoever desires to love life and to see good days, let him keep his tongue from evil and his lips from speaking deceit. Paske: “Sila ki dezire lavi a, pou renmen e wè anpil jou ki bon, dwe gade lang li kont sa ki mal e lèv li kont bay manti.
11 Let him turn away from evil and do good; let him seek peace and pursue it. Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon; kite li chache lapè e pouswiv li.
12 For the eyes of our Lord are on the righteous, and his ears are open to their prayer, but the face of our Lord is against those who do evil." Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo, e zòrèy Li atantif a lapriyè yo; men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”
13 Now who is there to harm you if you are eager to do what is good? Kilès ki kapab fè nou mal si nou montre zèl pou sa ki bon?
14 But if you suffer for righteousness, you are blessed. Don't fear their fear, don't be shaken. Men menmsi nou ta soufri pou koz a ladwati, nou beni. Pa pè entimidasyon pa yo, e pa twouble.
15 Set Christ apart as Lord in your hearts. Always be ready to answer anyone who asks the reason for your hope, but with gentleness and respect. Men fè Kris sen kòm Senyè a nan kè nou. Toujou rete prè pou fè defans bay tout moun ki mande nou pou nou rann kont de esperans ki nan nou an, men avèk dousè ak respè pou Bondye.
16 Keep a clear conscience, so that when you're slandered, those who insult your good conduct in Christ are shamed. Epi kenbe yon bon konsyans, pouke nan bagay ke yo pale mal de nou yo, sila ki pale mal de nou an, akoz bon konpòtman nou nan Kris la, kapab vin wont.
17 Better to suffer for doing good, if that's our Father's will, than for doing evil. Paske li pi bon si Bondye ta vle sa, pou nou soufri pou fè sa ki bon pase pou fè sa ki mal.
18 For Christ too suffered once for sins, the righteous for the unrighteous, to bring us to our Father—put to death in flesh, made alive in spirit, Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a.
19 in which he also went and proclaimed to the spirits in prison, Ladann, Li te osi ale fè pwoklamasyon a lespri nan prizon yo.
20 who disobeyed long ago, when our Father waited patiently in Noah's days as the ark was being built, in which a few—eight people—were brought safely through the water. Se yo menm ki avan te dezobeyisan yo, lè pasyans a Bondye te toujou ap tann nan jou a Noe yo, lè lach la t ap konstwi a. Se ladann kèk moun (sa vle di uit moun) te mennen rive sof nan dlo a.
21 This corresponding baptism now saves you too—not removing body dirt, but appealing to our Father for a good conscience—through Jesus Christ's resurrection, Sa se yon modèl pare ak batèm, ki koulye a ap sove nou—pa akoz li retire salte sou kò a, men akoz yon angajman anvè Bondye pou gen yon bon konsyans pa rezirèksyon a Jésus Kri a.
22 who entered heaven and is at our Father's right hand, with angels, authorities, and powers subject to him. Li menm ki, sou men dwat Bondye, te ale nan syèl, kote tout zanj, otorite, ak pouvwa yo te fin soumèt a Li menm.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]