Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Peter 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So, since Christ suffered in the flesh, arm yourselves too with the same mindset: whoever suffers in the flesh is done with sin. Konsa, paske Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche,
2 So you no longer spend your remaining time in the flesh for human cravings, but for the will of our Father. pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.
3 You've already spent enough time doing what those who don't know the Father want: living in sensuality, lust, drunkenness, wild parties, drinking bouts, and lawless idol worship. Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.
4 They're surprised you no longer run with them into the same flood of wild living, so they insult you for it. Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou.
5 But they will answer to the one ready to judge the living and the dead. Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije vivan ak mò yo a.
6 This is why the gospel was preached even to those now dead: judged in the flesh as all people are, but they may live in the spirit as our Father does. Paske pou rezon sa a, levanjil la preche menm a sila ki mouri yo, pouke, malgre, yo jije nan lachè kòm lòm, yo ta kapab viv nan lespri selon volonte a Bondye a.
7 The end of all things is near. Therefore be clear-minded and self-controlled so that you can pray. Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye.
8 Above all, keep loving one another deeply, because love covers a multitude of sins. Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.
9 Show hospitality to one another without grumbling. Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.
10 Each of you, use whatever gift you've received to serve others, as good stewards of our Father's varied grace. Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la.
11 Whoever speaks should speak as one delivering the very words of our Father. Whoever serves should serve by the strength he supplies, so that in everything he may be glorified through Jesus Christ. To him belong the glory and the power forever and ever. Amen. Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.
12 Dear friends, don't be surprised at the fiery trial testing you, as if something strange were happening to you. Byeneme yo, pa vin etone de eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou.
13 Instead, rejoice as much as you share Christ's suffering, so you may also rejoice with joy when his glory is revealed. Men nan menm degre ke nou pataje soufrans Kris la, kontinye rejwi nou, anfen ke nan revelasyon laglwa Li, nou kapab rejwi nou avèk gwo lajwa.
14 If insulted for Christ's name, you're blessed, for the Spirit of glory and of our Father rests on you. Si yo pale mal de nou pou non a Kris la nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.
15 None of you should suffer as a murderer, thief, criminal, or meddler in others' affairs. Fè si ke okenn nan nou pa soufri kòm asasen, vòlè, oswa yon malfektè, ni yon moun k ap simen latwoublay;
16 But if you suffer as a Christian, don't be ashamed, but praise our Father that you bear that name. Men, si yon moun soufri kòm yon Kretyen (yon moun k ap adore Kris), li pa dwe wont, men li dwe glorifye Bondye nan non sila a.
17 For it is time for judgment to begin with the household of our Father; if it starts with us, what awaits those who disobey the good news of our Father? Paske li lè pou jijman kòmanse avèk manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?
18 And, "If the righteous are barely saved, what will become of the ungodly and sinner?" Epi si se avèk difikilte ke moun jis yo sove, kisa ki va rive nonm ki san Bondye a, ak pechè a?
19 So then, those who suffer by our Father's will should entrust their souls to their faithful Creator, doing good. Konsa, sila yo osi ki soufri selon volonte Bondye a lè yo fè byen, lese yo remèt nanm yo a Li menm kòn yon Kreyatè Fidèl.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]