Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Peter 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I urge the elders among you, as fellow elder, witness of Christ's sufferings, and sharer in the glory about to be revealed: Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a,
2 Shepherd our Father's flock among you, watching over it—not forced but willing, as our Father wants; not for shameful profit but eager, se pou nou vin bèje a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi.
3 not lording it over those entrusted to you, but being examples to the flock. Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an.
4 And when the Chief Shepherd appears, you will receive the unfading crown of glory. Epi lè Chèf Bèje a vin parèt, nou va resevwa kouwòn laglwa ki p ap janm gate a.
5 Likewise, younger ones, submit to elders. All of you, dress yourselves in humility toward each other, for our Father opposes the proud but gives grace to the humble. Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".
6 So humble yourselves under our Father's mighty hand, that he may lift you up in the right time, Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7 casting all your anxiety on our Father, because he cares for you. Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
8 Stay sober and watchful; your adversary the devil roams like a roaring lion, hunting someone to devour. Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.
9 Resist him, standing firm in faith, knowing your fellow believers worldwide endure the same suffering. Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.
10 And our Father of all grace, who called you to his eternal glory in Christ, will himself restore, support, strengthen, and ground you after brief suffering. Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm.
11 To him be the dominion forever. Amen. A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.
12 Through Silvanus, a faithful brother as I see him, I've written briefly—encouraging you and testifying that this is the true grace of our Father. Stand firm in it. Avèk èd Silvain, frè fidèl nou yo (se konsa mwen panse sou li) mwen ekri nou an brèf, pou ankouraje nou e bannou temwayaj ke sa se vrè gras a Bondye a. Kanpe fèm ladann!
13 She who is in Babylon, chosen together with you, sends you greetings, and so does Mark, my son. Madanm ki Babylone nan, ki te chwazi ansanm avèk nou an, voye bannou salitasyon li, tankou fis mwen an Marc tou.
14 Greet one another with a kiss of love. Peace to all of you who are in Christ. Salye youn lòt avèk yon bo lanmou. Lapè avèk nou tout ki nan Kris la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]