Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ecclesiastes 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 There is an evil I have seen under the sun, and it weighs heavily on humanity: Gen yon mal ke m konn wè anba syèl la e ki gaye patou pami lòm—
2 A man God gives wealth, riches, and honor, lacking nothing his soul desires—yet God doesn't let him eat from it; a stranger eats it instead. This is fleeting, a miserable sickness. Yon nonm ke Bondye fin bay richès, byen ak lonè, jiskaske nanm li pa manke anyen nan tout sa ke li dezire. Men Bondye pa kite li manje ladann, paske yon etranje ap jwe benefis yo. Sa se vanite ak gwo malè.
3 If a man fathers one hundred children and lives many years—however long his life—but his soul isn't satisfied with good things, and he isn't even buried, I say a stillborn child is better off than he is. Si yon nonm fè yon santèn timoun e viv anpil ane, malgre fòs kantite ke yo kapab ye, men nanm li pa janm satisfè ak bon bagay, e li pa menm ka fè yon bon antèman; alò, mwen di: “Pito li te sòti kon foskouch nan vant li.”
4 It comes in vapor and goes into darkness; darkness covers its name. Paske li parèt an ven e non li vin kouvri nan fènwa.
5 Though it never saw the sun or knew anything, it has more rest than that man. Li pa janm wè solèy la, e li p ap janm konnen anyen; li pi bon pase lòt la.
6 Even if he lives 1,000 years twice over without ever enjoying good, don't all go to the same place? Menm si lòt la viv pandan mil ane de fwa e pa rejwi de bon bagay—èske se pa tout moun ki ale menm kote a?
7 All a person's toil is for his mouth, yet his appetite is never satisfied. Tout travay a lòm se pou satisfè bouch li; malgre sa, apeti li pa janm satisfè.
8 What advantage has the wise over the fool? What does the poor person gain by knowing how to conduct himself before others? Paske, se ki lavantaj yon nonm saj genyen sou yon moun san konprann? Ki lavantaj malere a genyen nan konnen jan pou mache devan sila ki vivan yo?
9 Better the sight of eyes than desire's wandering. This too is fleeting, a chasing after the wind. Sa ke zye wè pi bon pase sa ke nanm dezire. Sa tou, se san rezon ak kouri dèyè van.
10 Whatever exists was already named, and what man is, is known; and he cannot dispute with one stronger than himself. Tout sa ki egziste te gen non deja, e yo tout konnen sa ke lòm nan ye; paske li pa ka goumen ak sila ki pi fò pase l.
11 The more words, the more fleeting it all becomes, and how does that profit anyone? Paske, gen anpil pawòl ki ogmante vanite. Alò, se ki lavantaj pou yon nonm?
12 For who knows what is good for a person in the few days of their fleeting life, passed like a shadow? For who can tell them what will happen after them under the sun? Paske kilès ki konnen sa ki bon pou yon nonm pandan lavi li, pandan ti kras ane lavi li ki san rezon an? Li va pase yo tankou lonbraj. Paske se kilès ki ka di sa k ap rive apre li anba solèy la?
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]