Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ecclesiastes 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Guard your steps entering the house of God. Draw near to listen, not to offer fools' sacrifice—they don't know they're doing evil. Veye pa ou yo pandan w ap desann lakay Bondye a, e vin toupre pou koute olye ofri sakrifis a moun ensanse yo. Paske yo pa konnen ke se mal y ap fè.
2 Don't rush your mouth, and don't let your heart hurry to speak before God—God is in heaven, you're on earth, so keep your words few. Pa fè vit avèk pawòl ou, ni kouri twò vit pou soulve yon refleksyon devan prezans Bondye. Paske Bondye nan syèl la, e ou sou tè a; pou sa pa kite pawòl ou yo vin anpil.
3 For a dream comes from too much activity, and a fool's voice from too many words. Paske rèv la vin akonpli ak anpil travay; e vwa a yon moun ensanse, ak anpil pawòl.
4 When you vow a vow to God, don't delay paying it—he has no delight in fools. Pay what you vow. Lè ou fè yon ve a Bondye, pa fè reta pou peye l; paske li pa pran plezi nan moun ki plen foli. Peye sa ou te pwomèt la!
5 It is better not to vow than to vow and not fulfill it. Li pi bon pou pa fè ve pase fè yon ve pou pa peye l.
6 Don't let your mouth make you sin, or tell the messenger it was a mistake. Why should God be angry at your voice and destroy your handiwork? Pa kite pawòl ou yo fè ou fè peche, e pa di nan prezans a mesaje Bondye a ke ou te mal pale. Poukisa Bondye ta dwe vin fache akoz vwa ou, e detwi tout zèv men ou yo?
7 For in many dreams and many words there is fleeting vapor. Therefore fear God. Paske nan fè anpil rèv ak nan anpil pawòl, gen yon gwo vid. Pito gen lakrent Bondye.
8 If you see the poor oppressed, and justice and righteousness violated in a province, don't be surprised—one official is watched by a higher one, and higher ones stand over them. Si ou wè malere a vin oprime e pa gen lajistis nan pwovens yo, pa sezi lè ou wè l. Paske gen chèf sou chèf, e gen chèf pi wo sou yo.
9 Yet the profit of the land is for everyone; even the king is served by the field. Apre tout bagay, yon wa ki kiltive latè se yon avantaj pou peyi a.
10 Whoever loves money never has enough; whoever loves wealth never has enough income. This too is fleeting. Sila ki renmen lajan an p ap satisfè ak lajan; ni sila ki renmen richès la ak sa li reyisi. Sa anplis se vanite.
11 As wealth grows, so do those who consume it—what gain for its owner but watching it with his eyes? Lè bon bagay ogmante, sila ki manje yo ogmante. Konsa, pa gen lòt avantaj pou mèt yo, sof ke kanpe veye?
12 A worker's sleep is sweet, whether he eats little or much; the rich man's abundance won't let him sleep. Dòmi a ouvriye a dous, kit li manje piti oswa anpil; men vant plen a moun rich la p ap kite l dòmi.
13 I have seen a sickening evil under the sun: wealth kept by its owner, to his harm. Gen yon gwo mechanste ke m konn wè anba solèy la: richès sere pa mèt li jiskaske li rive donmaje pwòp tèt li.
14 That wealth was lost in a bad venture, and when he fathered a son he had nothing left to leave him. Lè richès sa yo te pèdi akoz yon move envestiman, e li vin papa a yon fis; alò, nanpwen anyen pou ba li.
15 As he came from his mother's womb, naked he returns, going as he came, taking nothing from his labor to carry in his hand. Kon li soti nan vant manman li toutouni an; se konsa li va retounen jan li te sòti a. Li p ap pote anyen nan men l kon fwi travay li.
16 This too is a bitter evil: just as he came, so he goes. What does he gain from toiling for wind? Sa anplis se yon gwo malè—menm jan yon nonm fèt la, se konsa l ap mouri. Alò, kote avantaj pou sila k ap travay di nan van an?
17 All his days he eats in darkness, with much frustration, sickness, and anger. Pandan tout lavi li, li manje nan tenèb ak gwo chagren, maladi ak kòlè.
18 This I have seen: it is good and fitting to eat, drink, and see good in all the labor one labors at under the sun through the few days of life God gives—for that is one's lot. Men sa mwen konn wè ki bon e ki pwòp pou moun fè a: manje, bwè e fè kè kontan nan tout travay ke li fè anba solèy la, pandan ti tan kout ke Bondye ba li a. Paske se sa ki rekonpans li.
19 Also, when God gives someone wealth, possessions, and power to enjoy them, to accept their portion and find joy in their labor—that is God's gift. Anplis, menm jan pou tout moun ke Bondye te bay richès ak byen yo, anplis Li te bay li kapasite pou manje ladann yo e rejwi nan travay li. Sa se don Bondye a.
20 He will seldom recall the days of his life, since God keeps him busy with the joy of his heart. Konsa, se pa souvan ke moun nan va konsidere ane lavi li yo, paske Bondye kenbe l okipe tout tan ak rejwisans kè li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]