Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ecclesiastes 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 A good name is better than fine perfume, and the day of death than the day of birth. Yon bon non pi bon pase yon pomad swa, e jou mouri pi bon pase jou nou te ne a.
2 It is better to go to the house of mourning than to go to the house of feasting, for that is the end of everyone, and the living should take it to heart. Li pi bon pou ale nan kay k ap fè dèy pase nan kay k ap fè fèt; paske se konsa ke chak moun va fini, e sila ki vivan an pran sa a kè.
3 Sorrow is better than laughter, for a sad face is good for the heart. Tristès pi bon pase ri; paske lè figi moun nan tris, kè la vin pi bon.
4 The heart of the wise is in the house of mourning, but the heart of fools is in the house of pleasure. Panse a saj la anndan lakay k ap fè dèy; men panse a san konprann nan kay plezi.
5 It is better to hear the rebuke of the wise than to hear the song of fools. Li pi bon pou koute repwòch a yon nonm saj pase pou yon moun ta koute chanson a moun san konprann yo.
6 For like the crackling of thorns under a pot, so is the laughter of the fool. This too is fleeting. Paske tankou bwa pikan sèch pete nan dife; se konsa lè yon nonm ensanse ap ri; epi sa anplis se vanite.
7 Surely oppression turns a wise person into a fool, and a bribe corrupts the heart. Paske chantay ka fè yon nonm saj vin fou, e lajan anba tab fè kè vin konwonpi.
8 The end of a matter is better than its beginning, and a patient spirit is better than a proud spirit. Lè yon bagay fin fèt, li pi bon pase lè l te kòmanse a. Pasyans nan lespri pi bon pase awogans lespri a.
9 Do not be quick in your spirit to become angry, for anger settles in the lap of fools. Pa chofè kè ou pou vin fache; paske fache rete nan kè a moun ensanse.
10 Do not say, "Why were the former days better than these?" For it is not from wisdom that you ask this. Pa di: “Poukisa jou lontan yo te pi bon pase jodi a”? Paske nanpwen sajès nan kesyon sa a.
11 Wisdom is good with an inheritance, an advantage to those who see the sun. Sajès ansanm ak eritaj bon, e se yon avantaj pou sila ki konn wè solèy yo.
12 For wisdom is a shelter, just as money is, but the advantage of knowledge is this: wisdom preserves the life of the one who has it. Paske sajès se yon pwotèj, menm ke lajan se yon pwotèj la; men avantaj a bon konprann nan se ke sajès va prezève lavi a sila ki genyen l.
13 Consider the work of God: who can straighten what he has made crooked? Konsidere zèv Bondye yo, paske se kilès ki ka drese sa ke Li menm te koube?
14 In the day of prosperity be joyful, and in the day of adversity consider: God has made the one as well as the other, so that no one can find out anything that will come after them. Nan jou bonè yo fè kè kontan; men nan jou malè yo, reflechi—Bondye te fè tou de pou lòm pa dekouvri anyen nan sa k ap swiv li.
15 In my fleeting days I've seen it all: a righteous man dying in his righteousness, a wicked man living long in his evil. Mwen te wè tout bagay pandan tout jou vanite mwen yo; gen yon nonm dwat ki mouri nan ladwati, ak yon nonm mechan ki fè vi li long ak mechanste li a.
16 Do not be excessively righteous, and do not make yourself overly wise; why should you destroy yourself? Pa fè eksè nan ladwati, ni pa vin twò saj. Poukisa ou ta detwi pwòp tèt ou?
17 Don't be too wicked, and don't be foolish—why die before your time? Pa fè eksè nan mechanste, ni pa vin ensanse. Poukisa ou ta vle mouri avan lè ou?
18 Good to grasp this, and not let go of that too, for whoever fears God comes through both. Li bon pou ou ta kenbe pran yon bagay san ou pa lage lòt la; paske sila ki gen lakrent Bondye a ap vini ak tou de.
19 Wisdom makes the wise person stronger than ten rulers who are in a city. Sajès ranfòse yon nonm saj plis pase dis gwo chèf ki nan yon vil.
20 Surely there is no one righteous on earth who does good and never sins. Anverite, nanpwen yon moun dwat sou latè ki fè sa ki bon tout tan, e ki pa janm peche.
21 Also, do not take to heart everything people say, or you may hear your servant cursing you, Anplis, pa pran a kè tout pawòl ki pale, sof ke ou ta tande sèvitè ou lè l ap bay ou madichon.
22 for your own heart knows that many times you yourself have cursed others. Paske ou vin konprann ke ou menm tou anpil fwa konn bay moun madichon.
23 I tested all this by wisdom. I said, "I am determined to be wise"—but it was beyond me. Mwen te tante fè tout sa ak sajès e mwen te di: “Mwen va saj”, men sa te chape lwen mwen.
24 Whatever exists is far off and deep, very deep—who can discover it? Sa ki te konn egziste vin lwen, e se yon mistè menm. Se kilès ki ka dekouvri li?
25 I turned my heart to know, explore, and seek wisdom and the sum of things, and to know the evil of foolishness and the foolishness that is madness. Mwen te dirije panse m pou konnen; pou fè ankèt e chache sajès avèk rezon, e pou konnen mechanste se foli; e foli menm rive fè moun fou.
26 I find the woman more bitter than death: her heart is snares and nets, her hands chains. One good before God escapes her; the sinner is caught by her. Epi mwen te dekouvri pi anmè pase mouri, kè a fanm ki fè pèlen an. Men li yo se tankou chenn. Yon moun ki plè Bondye va chape anba men l, men pechè a va vin kaptire anba l.
27 "See, this is what I found," says the Teacher, "adding one to another to find the sum, “Gade byen, se sa mwen dekouvri,” predikatè a di: “Ajoute yon bagay a yon lòt pou twouve konprann.”
28 which my soul kept seeking but didn't find. One man in 1,000 I found, but a woman among all these I didn't find. Sou sila m toujou ap chache a, men m poko jwenn; mwen te twouve yon nonm pami mil, men mwen pa t jwenn fanm pami tout sa yo.
29 Look, this alone I found: God made humanity upright, but they sought many schemes." Men gade, se sèl sa mwen dekouvri; Bondye te fè lòm kanpe dwat, men yo chache anpil manèv pou vin koube.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]