Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ecclesiastes 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Who is like the wise? Who knows what a thing means? A person's wisdom brightens their face; the hardness of their face is changed. Se kilès ki tankou nonm saj ki konnen sans a yon bagay? Sajès a yon nonm klere li e fè vizaj sevè li a vin briye.
2 Keep the king's command, I say, because of your oath before God. Mwen di: “Swiv lòd wa a akoz sèman ki te fèt devan Bondye a.
3 Don't rush to leave his presence, or stand in an evil matter—the king does whatever he pleases. Pa prese abandone lòd li. Pa jwenn ou menm nan yon move konbinezon, paske l ap fè nenpòt sa ki fè li plezi.”
4 For the king's word holds supreme authority, and who can say to him, "What are you doing?" Akoz pawòl a wa a pote otorite, se kilès ki va di l: “Kisa w ap fè la a?”
5 Whoever keeps a command knows no harm; a wise heart knows time and way. Sila ki swiv yon kòmand wayal pa jwenn twoub; paske yon kè saj konnen tan ak mwayen ki bon pou aji.
6 Every matter has its time and way, though one's trouble weighs heavy on him. Paske gen yon tan ak mwayen ki bon pou chak plezi, malgre pwoblèm moun an peze lou sou li.
7 For no one knows what is to come, and who can tell them how it will be? Si pa gen pèsòn ki konnen ki sa k ap vin rive, se kilès ki ka di li kilè li va rive.
8 No one controls the wind to hold it back, or the day of death. No one is discharged from that war, and evil won't rescue those who practice it. Nanpwen moun ki ka sèvi ak van pou anpeche van, ni ki gen otorite sou jou lanmò a; epi pa gen lese tonbe ni kite nan tan lagè, ni mal la kap fèt p ap delivre sila ki fè l yo.
9 I saw all this, giving my heart to every deed done under the sun—a time one person ruled another to their harm. Tout sa mwen konn wè yo, e kon aplike panse m a tout zèv ki te fèt anba solèy la, kote moun sèvi otorite l sou lòt pou fè mal la.
10 Then I saw the wicked buried and laid to rest; they came and went from the holy place and were praised in the city where they had done so. This too is fleeting. Konsa, mwen konn wè mechan yo antere, menm sila ki te konn antre sòti nan lye sen yo, e ase vit yo vin bliye nèt nan menm vil kote yo te aji konsa a. Sa tou, se vanite.
11 Because sentence for an evil deed is not carried out quickly, people's hearts are fully set on doing evil. Akoz jijman kont yon zak mechan pa rive ase vit; akoz sa, kè fis a lòm nan ki rete pami yo vin dedye nèt pou fè mal.
12 Though a sinner does evil one hundred times and still lives long, yet I know it will go well for those who fear God, who fear before him. Malgre yon pechè fè mal san fwa e mennen yon vi ki long, mwen toujou konnen ke sa prale byen pou sila ki gen lakrent Bondye yo, ki gen lakrent devan L yo.
13 The wicked will not fare well, nor lengthen their days like a shadow, since they do not fear God. Men, sa pa prale byen pou moun mechan an, e li p ap pwolonje jou li yo tankou yon lonbraj, paske li pa gen lakrent Bondye.
14 Something fleeting happens on earth: righteous people getting what the wicked deserve, and wicked people getting what the righteous deserve. I said this too is fleeting. Gen yon vanite ki fèt sou latè, sa vle di, gen moun dwat ki vin viktim a mechan yo. Yon lòt kote, gen moun mechan an ki vin tonbe akoz zèv moun dwat yo. Mwen di sa anplis se vanite.
15 So I praised enjoyment: nothing is better for a person under the sun than eating, drinking, and being glad. This accompanies them through their labor, the days of life God gave them under the sun. Pou sa, mwen te rekòmande plezi; paske, pa gen anyen pou yon nonm anba solèy la fè sof ke manje, bwè, e fè plezi; epi sa va fè l kanpe nan travay di li diran tout jou lavi, ke Bondye te bay li anba solèy la.
16 When I set my heart to know wisdom and see the work done on earth, though one's eyes see no sleep day or night. Lè mwen te bay kè m pou aprann sajès ak pou m wè tach ki te konn fèt sou tè a, (malgre sa ta fè yon moun pa janm dòmi ni lajounen, ni lannwit),
17 Then I saw all God's work: no one can find out the work done under the sun. However hard they search, they won't find it; even if the wise claim to know, they can't find it out. konsa, lè mwen te wè tout zèv Bondye te fè, mwen te vin aprann ke lòm p ap kapab dekouvri travay ki te konn fèt anba syèl la. Malgre lòm ta chache ak tout dilijans, li p ap twouve li. Malgre yon nonm saj ta di: “Mwen konnen”, li p ap ka dekouvri li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]