Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ecclesiastes 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I set my heart to examine all this: the righteous, the wise, and their deeds are in God's hand. Whether love or hatred, no one knows—everything lies ahead of them. Paske, tout sa mwen te pote kon fado nan kè m pou eksplike li; ke moun dwat yo, moun saj yo, avèk tout zèv yo nan men Bondye. Lòm pa konnen si se lanmou, oswa rayisman; nenpòt bagay kapab tann li.
2 The same happens to everyone: one fate for the righteous and the wicked, the good, the clean and unclean, the one who sacrifices and the one who doesn't. As with the good, so with the sinner; the one who swears an oath, like the one afraid to swear. Se menm bagay la pou tout moun. Gen yon sèl desten pou moun dwat yo ak mechan yo; pou bon an, pou moun san tach la, ak pou enpi a; pou sila ki ofri sakrifis ak sila ki pa ofri sakrifis la. Tankou sila ki dwat ak pechè a menm jan; tankou sila ki fè sèman an, se konsa sila ki refize sèmante a ye.
3 This is the evil in all done under the sun: one fate for all. Human hearts are full of evil, madness fills their hearts while they live—then they go to the dead. Men yon mal nan tout sa ki konn fèt anba solèy la, ke gen menm desten an pou tout moun. Anplis, kè a fis a lòm yo plen mechanste, e foli rete nan kè yo pandan tout lavi yo. Apre, yo ale kote mò yo.
4 Whoever lives still has hope: a living dog is better than a dead lion. Paske, nenpòt moun ki jwenn ansanm ak lòt vivan yo gen espwa; anverite, yon chen vivan pi bon pase yon lyon ki mouri.
5 For the living know they will die, but the dead know nothing; they have no more reward, for their memory is forgotten. Paske vivan yo konnen ke y ap mouri; men mò yo pa konnen anyen; ni yo pa jwenn rekonpans ankò, paske memwa yo fin bliye nèt.
6 Their love, their hatred, their envy have already perished; they will never again share in anything done under the sun. Anverite, lanmou yo, rayisman yo, ak fòs kouraj yo deja fin mouri, e yo pa gen pati ankò nan tout sa ki fèt anba solèy la.
7 Go, eat your bread with joy, drink your wine with a glad heart, for God has already approved your deeds. Ale manje pen ou ak kè kontan e bwè diven ak kè plen ak jwa; paske Bondye deja pran plezi nan sa ou fè a.
8 Let your garments always be white, and let your head never lack oil. Kite tout vètman ou yo rete blan tout tan, e pa kite lwil la manke sou tèt ou.
9 Enjoy life with the wife you love, all the fleeting days of life God has given you under the sun—all your fleeting days—for that is your portion in life and in the toil you labor at under the sun. Fè rejwisans lavi ou ak fanm ke ou renmen pandan tout jou kout lavi ou ke Li te bay ou anba solèy la. Paske sa se rekonpans ou nan lavi ak nan travay di ou konn fè anba solèy la.
10 Whatever your hand finds to do, do it with your strength, for there's no work or plan or knowledge or wisdom in the grave, where you're going. Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.
11 Again I saw under the sun: the race is not to the swift, nor the battle to the strong, nor bread to the wise, nor riches to the discerning, nor favor to the skilled—time and chance happen to them all. Anplis, mwen te wè anba solèy la ke kous la pa pou moun ki rapid la, ni batay la pa pou gwo gèrye yo, ni pen pou saj la, ni richès a sila ki byen konprann nan, ni favè a moun abil; paske tan avèk jan tout bagay dewoule vin genyen yo tout.
12 No one knows their time: like fish caught in an evil net, like birds caught in a snare, people are trapped in an evil time that falls on them suddenly. Anplis, lòm pa konnen lè li tankou pwason ki kenbe nan yon filè mechan an, o zwazo ki kenbe nan pèlen an. Se konsa fis a lòm yo sezi nan yon move moman. Epi lanmò an tonbe sou yo sibitman.
13 I have also seen this example of wisdom under the sun, and it seemed great to me: Sa osi, mwen te vin konprann kon sajès anba solèy la, e li te etone panse m.
14 A small city with few people: a great king came against it, surrounded it, and built great siegeworks against it. Te gen yon ti vil ak kèk grenn moun ladann. Yon gran wa te parèt sou li, te antoure li, e te konstwi zam syèj kont li.
15 A poor wise man was found in it who saved the city by his wisdom, yet no one remembered that poor man. Men te twouve ladann yon malere byen saj; li te delivre vil la avèk sajès li. Men pa t gen pèsòn ki te sonje moun malere sila a.
16 I said, "Wisdom is better than strength," yet the poor man's wisdom is despised, and his words are unheard. Konsa mwen te di: “Sajès pi bon pase pwisans.” Men sajès a malere a meprize, e pou pawòl li, pèsòn pa tande yo.
17 The quiet words of the wise are heard better than the shouting of a ruler among fools. Pawòl a saj k ap koute lè tout bagay kalm pi bon pase vwa chèf k ap rele fò nan mitan moun ensanse.
18 Wisdom is better than weapons of war, but one sinner destroys much good. Sajès pi bon ke zam lagè; men yon sèl pechè detwi anpil ki bon.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]