Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ecclesiastes 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Dead flies make the perfumer's oil stink and ferment; so a little foolishness outweighs wisdom and honor. Mouch mouri bay lwil pafen yon move odè; Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa pou depase sajès ak respè.
2 The heart of the wise inclines to his right, but the heart of a fool to his left. Kè a yon moun saj mennen li adwat, men kè a moun san konprann nan mennen l agoch.
3 Even when the fool walks along the road, he lacks sense, and he shows everyone that he is a fool. Menm lè ensanse a mache nan lari li manke bon tèt. Li montre tout moun ke se moun fou li ye.
4 If the ruler's anger rises against you, do not leave your post, for calmness lays great offenses to rest. Si kòlè a wa a vin monte kont ou, pa abandone pozisyon ou; paske rete kalm ka evite gwo ofans.
5 There is an evil I have seen under the sun, the kind of error that comes from a ruler: Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a——
6 foolishness is set in many high places, while the rich sit in low positions. Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba.
7 I have seen slaves on horseback, and princes walking on foot like slaves. Mwen konn wè esklav ki monte sou cheval ak prens k ap mache atè tankou esklav.
8 Whoever digs a pit may fall into it, and whoever breaks through a wall may be bitten by a snake. Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray.
9 Whoever quarries stones may be hurt by them, and whoever splits logs is endangered by them. Sila ki taye wòch yo ka blese ladann, e sila ki fann gwo bout bwa a kapab an danje.
10 If the axe is dull and its edge is not sharpened, you have to use more strength; but wisdom brings success. Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi!
11 If the snake bites before it is charmed, the charmer gains nothing. Si sèpan an mòde avan li vin chame, nanpwen pwofi.
12 A wise man's words bring him favor, but the lips of a fool consume him. Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt;
13 The beginning of his words is foolishness, and the end of his talk is wicked madness. Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen mechanste ak betiz.
14 Yet the fool keeps on talking. No one knows what is coming, and who can tell anyone what will happen after him? Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo. Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li sa ki va rive apre li.
15 Fools wear themselves out with their work, for they do not even know the way to town. Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l, ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la.
16 Woe to you, land, when your king is a child and your princes feast in the morning. Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa; ak prens yo k ap fè fèt granmaten.
17 Blessed are you, land, when your king is the son of nobles and your princes feast at the proper time—for strength, and not for drunkenness. Beni se ou menm, O peyi ki gen yon fis byen prepare kon wa a ak prens ki manje nan pwòp lè yo, pou bay fòs, e non pou fè banbòch vin sou.
18 Through laziness the rafters sag, and through idle hands the house leaks. Akoz parès ak neglijans, twati a vin pann, e nan enpridans kay la vin koule.
19 Bread is made for laughter, and wine gladdens life, and money answers everything. Yon gwo tab manje fèt pou yo rejwi yo, diven pou fè kè kontan; epi lajan se repons pou tout bagay.
20 Do not curse the king even in your thoughts, and do not curse the rich even in your bedroom, for a bird of the sky may carry your words, and a winged creature may report what you say. Anplis, nan chanm a kouche ou, pa bay wa a madichon; e nan chanm a kouche ou, pa bay yon moun rich madichon. Paske yon zwazo syèl la ka pote bri a, e sa ki gen zèl yo ka fè yo konnen bagay la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]