Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ecclesiastes 10 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Mouch mouri baylwil pafen yon move odè;Se konsa yon ti kras foli gen pouvwapou depase sajès ak respè.

2Kè a yon moun saj mennen li adwat,men kè a moun san konprann nanmennen l agoch.

3Menm lè ensanse a mache nan larili manke bon tèt.Li montre tout moun kese moun fou li ye.

4Si kòlè a wa a vin monte kont ou,pa abandone pozisyon ou;paske rete kalm ka evite gwo ofans.

5Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a—— 6Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba. 7Mwen konn wè esklav ki monte sou cheval ak prens k ap mache atè tankou esklav. 8Sila ki fouye fè yon twou ka byen tonbe ladann, e yon sèpan ka mòde gèrye a ki kraze yon miray. 9Sila ki taye wòch yo ka blese ladann, e sila ki fann gwo bout bwa a kapab an danje. 10Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi!

11Si sèpan an mòde avan li vin chame, nanpwen pwofi. 12Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt; 13Kòmansman diskou ensanse a se foli, e fen diskou li se plen mechanste ak betiz. 14Malgre tout sa, moun ensanse a ogmante pawòl li yo. Pèsòn pa konnen sa ki va rive, e kilès kab di li sa ki va rive apre li.

15Zèv a moun ensanse a tèlman fatige l, ke li pa konnen kijan pou li rive nan vil la.

16Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa;ak prens yo k ap fè fèt granmaten.

17Beni se ou menm, O peyi ki gen yon fis byen prepare kon wa aak prens ki manje nan pwòp lè yo, pou bay fòs,e non pou fè banbòch vin sou.

18Akoz parès ak neglijans, twati a vin pann,e nan enpridans kay la vin koule.

19Yon gwo tab manje fèt pou yo rejwi yo,diven pou fè kè kontan;epi lajan se repons pou tout bagay.

20Anplis, nan chanm a kouche ou, pa bay wa a madichon;e nan chanm a kouche ou, pa bay yon moun rich madichon.Paske yon zwazo syèl la ka pote bri a,e sa ki gen zèl yo ka fè yo konnen bagay la.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]