Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Proverbs 31 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The words of King Lemuel—an oracle his mother taught him: Pawòl a wa Lemuel yo; pwofesi ke manman li te ansegne li a:
2 What, my son? What, son of my womb? What, son of my vows? “O fis mwen an! O fis a vant mwen an! O fis a ve mwen yo!
3 Do not give your strength to women, or your ways to those who destroy kings. Pa bay fòs ou a fanm, ni wout ou a sila ki konn detwi wa yo.
4 It is not for kings, Lemuel—not for kings to drink wine, or for rulers to crave strong drink. Se pa pou wa yo, O Lemuel, se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,
5 For if they drink, they will forget what is decreed and pervert the rights of all the oppressed. Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la, e tòde dwa a sila ki aflije yo.
6 Give strong drink to one who is perishing, and wine to those in bitter distress. Bay bwason fò a sila k ap peri a, ak diven a sila ki gen lavi anmè a.
7 Let them drink and forget their poverty, and remember their misery no more. Kite li bwè pou bliye mizè li e pa sonje pwoblèm li ankò.
8 Open your mouth for the voiceless, for the rights of all who are left destitute. Ouvri bouch ou pou bèbè a; pou dwa yo a tout sila ki san sekou.
9 Open your mouth, judge righteously, and defend the rights of the poor and needy. Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati, e defann dwa a aflije yo ak endijan an.”
10 A woman of valor—who can find her? She is far more precious than jewels. Yon madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li? Paske valè li depase bijou.
11 The heart of her husband trusts in her, and he will lack nothing of value. Kè a mari li mete konfyans nan li e li p ap manke reyisi.
12 She does him good and not harm, all the days of her life. Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal pandan tout jou lavi li.
13 She seeks out wool and flax, and works with willing hands. Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kè kontan.
14 She is like the merchant ships, bringing her food from afar. Li tankou bato komès; li mennen manje li soti byen lwen.
15 She rises while it is still night, provides food for her household, and portions for her servant girls. Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou bay manje a tout lakay li, ak yon pòsyon pou sèvant li yo.
16 She considers a field and buys it; from the fruit of her hands she plants a vineyard. Li konsidere yon chan e achte li. Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.
17 She wraps herself in strength and makes her arms strong. Li mare senti l ak gwo fòs pou fè bra li vin fò.
18 She perceives that her trading is profitable; her lamp does not go out at night. Li santi ke siksè li bon; lanp li pa janm etenn lannwit.
19 She puts her hands to the spinning staff, and her hands grasp the spindle. Li lonje men l vè aparèy tise a e men l kenbe l.
20 She opens her hand to the poor and reaches out her hands to the needy. Li lonje men l vè pòv yo avèk sila ki gen bezwen an.
21 She has no fear for her household when it snows, for all her household are clothed in scarlet. Lakay li pa fè krent pou lanèj, paske tout lakay abiye an wouj.
22 She makes coverings for herself; her clothing is fine linen and purple. Li fè kouvèti pou tèt li; tout vètman li se twal fen blan ak mov.
23 Her husband is known in the gates, when he sits among the elders of the land. Mari li byen rekonèt nan pòtay lavil yo, lè l chita pami ansyen a peyi yo.
24 She makes linen garments and sells them, and supplies sashes to the merchants. Li fè vètman an len pou vann yo, e founi sentiwon a tout komèsan yo.
25 Strength and dignity are her clothing, and she laughs at the days to come. Fòs ak respè se abiman li e li souri a lavni.
26 She opens her mouth with wisdom, and faithful instruction is on her tongue. Li ouvri bouch li avèk sajès e enstriksyon ladousè sou lang li.
27 She watches over the ways of her household and does not eat the bread of idleness. Li gade byen tout afè lakay li e li pa manje pen laparès.
28 Her children rise up and call her blessed; her husband also, and he praises her: Pitit li yo leve e beni li; mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:
29 "Many daughters have done valiantly, but you surpass them all." “Anpil fi te fè byen bon; men ou pi bon anpil pase yo tout.”
30 Charm is deceptive and beauty is fleeting, but a woman who reveres our Father—she will be praised. Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite; men se fanm nan ki krent SENYÈ a k ap resevwa lwanj.
31 Give her the fruit of her hands, and let her works praise her in the gates. Ba li sa ke men l te pwodwi, epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]