Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ecclesiastes 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The words of the Teacher, son of David, king in Jerusalem. Pawòl predikatè a, fis a David la, Wa Jérusalem.
2 "Utterly fleeting," says the Teacher, "utterly fleeting! Everything is fleeting." “Vanite sou vanite”, predikatè la di: “Vanite sou vanite! Tout se vanite.”
3 What does a person gain from all the labor at which they toil under the sun? Ki avantaj yon nonm gen nan tout travay ke li fè anba solèy la?
4 A generation goes, and a generation comes, but the earth remains forever. Yon jenerasyon ale e yon jenerasyon vini; men tè a rete pou tout tan.
5 The sun rises and the sun sets, and hurries back to the place where it rises. Anplis, solèy la leve e solèy la kouche; konsa li kouri al jwenn plas li pou li leve la ankò.
6 The wind blows to the south and turns to the north; round and round it goes, ever returning on its circuits. Van an soufle vè sid, vire kote nò e kontinye vire fè wonn li. Sou menm kous vire won an, li retounen ankò.
7 All the streams run to the sea, yet the sea is never full; the streams return to their source and flow again. Tout rivyè yo desann vè lanmè a; sepandan li pa vin plen. Nan plas kote rivyè yo koule a, se la yo koule ankò.
8 All things are wearisome, more than anyone can express; the eye is not satisfied with seeing, nor the ear filled with hearing. Tout bagay sa yo fatigan; lòm pa kapab menm eksplike sa. Zye pa satisfè ak wè, ni zòrèy ak tande.
9 What has been is what will be, and what has been done is what will be done; there is nothing new under the sun. Sa ki te ye, se sa ki va ye e sa ki te konn fèt, se sa k ap fèt. Konsa, nanpwen anyen ki nèf anba syèl la.
10 Is there anything anyone can point to and say, "Look, this is new"? It was already here, in the ages before us. Èske gen yon bagay sou sila a nou ta kab di: “Men sa a nèf”? Deja, li te la depi syèk ki te ekoule avan nou yo.
11 There is no remembrance of those who came before, and even those yet to come will not be remembered by those who follow them. Nanpwen memwa a ansyen bagay yo, ni anplis a sila k ap vini pita, pami sila ki vini apre yo.
12 I, the Teacher, was king over Israel in Jerusalem. Mwen menm, predikatè a, te sèvi kon wa sou Israël nan Jérusalem.
13 I gave my heart to seek and explore by wisdom all that is done under heaven—a miserable task God has given mankind to struggle with. Mwen te konsantre tout refleksyon mwen pou chache e egzamine sou sajès tout sa ki te konn fèt anba syèl la. Sa se yon gwo tach lou ke Bondye te bay fis a lòm yo pou l ta aflije yo.
14 I saw all the deeds done under the sun, and look—it is all fleeting, a chasing after wind. Mwen te wè tout zèv ki te fèt anba solèy la e, men vwala, tout se vanite e chache kouri dèyè van.
15 What is crooked cannot be made straight, and what is lacking cannot be counted. Sa ki kwochi p ap ka drese e sa ki manke p ap ka konte.
16 I told myself, "Look, I have grown great and gained more wisdom than all who ruled Jerusalem before me; my heart has seen much wisdom and knowledge." Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Men gade, mwen te fè sajès vin grandi e ogmante plis pase tout lòt wa ki te sou Jérusalem avan mwen yo. Wi, panse mwen te obsève anpil richès ak sajès avèk konesans.”
17 I set my mind to know wisdom, and madness and foolishness; I learned this too is a chasing after the wind. Mwen te dirije panse mwen pou konnen sajès e pou konnen sa ki ensanse ak sa ki foli nèt. Konsa, mwen te vin wè ke sa osi se chache kouri dèyè van.
18 For with much wisdom comes much grief, and the more knowledge, the more sorrow. Paske nan anpil sajès gen anpil tristès, e nan anpil konesans gen anpil doulè.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]