Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ecclesiastes 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In my heart I said, "Come, I'll test you with pleasure; enjoy what's good." But this too was fleeting. Mwen te di nan tèt mwen: “Vini koulye a, mwen va teste ou ak plezi. Pou sa, fè kè ou kontan.” Epi sa osi se te vanite.
2 I said of laughter, "It is madness," and of pleasure, "What does it accomplish?" Mwen te di de afè ri, “Sa se foli,” e de plezi, “Kisa l ap akonpli?”
3 I explored in my heart how to cheer my body with wine—my heart still guiding me with wisdom—and to grasp foolishness, until I might see what is good for people to do under heaven the few days of their lives. Mwen te fè ankèt ak panse m kòman pou eksite kò m ak diven pandan panse m ap gide m ak sajès ak jan pou kenbe foli, jiskaske mwen ta kapab wè sa ki bon ki genyen pou fis a lòm yo fè anba syèl la pandan ti kras ane ke y ap viv yo.
4 I undertook great works. I built houses for myself and planted vineyards. Mwen te agrandi zèv mwen yo. Mwen te bati kay pou mwen; mwen te plante chan rezen pou mwen.
5 I made myself gardens and parks, and planted in them all kinds of fruit trees. Mwen te fè jaden ak bèl plas pou tèt mwen e mwen te plante ladann yo tout kalite pye fwi.
6 I made myself pools of water to irrigate a forest of growing trees. Mwen te fè gwo basen dlo pou tèt mwen pou awoze yon forè bwa ki t ap grandi.
7 I bought male and female slaves, and had home-born slaves too. I owned larger herds and flocks than anyone before me in Jerusalem. Mwen te achte esklav, ni mal ni femèl e mwen te genyen ki te fèt lakay mwen. Anplis mwen te genyen bann mouton avèk twoupo pi gran pase tout wa ki te Jérusalem avan m yo.
8 I gathered for myself silver and gold, the treasure of kings and provinces. I got male and female singers, and men's delights—many concubines. Anplis, mwen te ranmase ajan ak lò pou pwòp tèt mwen ansanm ak trezò a wa yo ak pwovens pa yo. Mwen te founi pou pwòp tèt mwen chantè, ni mal, ni femèl, e tout plezi a lòm yo—anpil konkibin.
9 So I became great, greater than all before me in Jerusalem; and my wisdom stayed with me. Epi mwen te vin gran, pi gran pase tout wa ki te avan m Jérusalem yo. Konsa, sajès mwen te kanpe avè m.
10 Whatever my eyes wanted I did not withhold. I refused my heart no joy, for my heart delighted in all my work, and this was my reward for all my work. Tout sa ke zye m te anvi, mwen pa t refize yo. Mwen pa t refize kè m okenn plezi li te vle, paske kè m te kontan akoz tout zèv mwen yo, e sa se te rekonpans pou tout travay mwen yo.
11 Then I surveyed all my hands had done and the toil I spent doing it, and it was all fleeting, chasing wind; nothing was gained under the sun. Konsa, mwen te konsidere tout zèv men m te konn fè yo, avèk travay ke m te fòse fè yo, men gade byen, tout te vanite ak kouri dèyè van, e pa t gen okenn avantaj anba solèy la.
12 So I turned to consider wisdom, madness, and foolishness. For what can the king's successor do? Only what has already been done. Konsa mwen te vire konsidere sajès, afè moun ensanse menm ak foli; paske se kisa yon nonm ki swiv wa sila a ka fè, sinon sa ki te konn fèt deja?
13 I saw that wisdom has more gain than foolishness, as light has more than darkness. Epi mwen te wè ke sajès toujou genyen sou vanite, tankou limyè genyen sou tenèb.
14 The wise person has eyes in his head, but the fool walks in darkness. And yet I perceived that the same fate befalls them all. Zye a mesye saj la anndan tèt li; men moun ensanse a mache nan tenèb. Sepandan, mwen konnen ke se menm desten ki va rive yo tou de.
15 Then I thought, "The fool's fate is mine too. So why have I been so very wise?" And I decided this too is fleeting. Konsa, mwen rive di tèt mwen: “Kon desten a moun ensanse a, se konsa l ap rive m. Alò, poukisa mwen te fòse fè anpil sajès?” Alò, pou sa mwen te di tèt mwen: “Sa, anplis, se vanite.”
16 The wise, like the fool, will not be remembered for long; in days to come both are forgotten. How the wise die just like fools! Paske nanpwen okenn memwa k ap sonje nonm saj la, menm jan pou ensanse a, akoz nan tout jou k ap vini yo, tout moun va bliye yo nèt. Epi konsa, nonm saj la ak ensanse a mouri tou de!
17 So I hated life, because the work done under the sun grieved me; it is all fleeting, a chasing after wind. Pou sa, mwen te rayi lavi, paske travay ki te fèt anba syèl la te yon doulè pou mwen; paske tout bagay se kòve ak kouri dèyè van.
18 I hated all my labor under the sun, since I must leave it to the one after me. Konsa, mwen te rayi tout fwi a travay mwen yo, pou sila mwen te fè efò anba solèy la; paske mwen ap oblije kite li bay nonm nan k ap swiv mwen an.
19 Who knows if he will be wise or a fool? Yet he will control all I worked for with my wisdom under the sun. This too is fleeting. Epi se kilès ki konnen si li va saj, oswa moun fou? Malgre li va gen kontwòl sou tout fwi travay mwen. Pou sila mwen te fòse fè ak sajès yo, anba solèy la. Sa, anplis, se vanite.
20 So I gave my heart up to despair over all the toil I labored at under the sun. Pou sa, mwen te pèdi espwa nèt a tout fwi a zèv mwen pou sila mwen te travay anba solèy la.
21 One may work with wisdom, knowledge, and skill, yet must leave it all to be enjoyed by someone who never worked for it. This too is fleeting, a great evil. Kote ki genyen yon nonm ki te travay ak sajès, konesans ak kapasite, alò, li va kite eritaj li a yon moun ki pa t travay pou yo. Sa osi se vanite ak yon gwo mal.
22 What does a person gain from all the toil and striving of heart he labors at under the sun? Paske se kisa ke yon nonm jwenn pou tout travay li, nan efò ke li te fòse fè anba solèy la?
23 All his days bring sorrow, his work grief; even at night his mind gets no rest. This too is fleeting. Paske tout jou li yo, travay li plen ak doulè ak chagren; menm nan lannwit tèt li pa jwenn repo. Sa tou, se vanite.
24 Nothing is better for a person than to eat, drink, and enjoy his work. This too, I saw, is from God's hand, Nanpwen anyen pi bon pou yon nonm, ke manje, bwè, e di tèt li, ke travay li a bon. Sa a mwen konn wè tou, ke li sòti nan men Bondye.
25 for apart from him, who can eat or who can find enjoyment? Paske se kilès ki ka manje, e kilès ki ka jwenn plezi li plis pase m?
26 God gives wisdom, knowledge, and joy to the person who pleases him, but to the sinner he gives the work of gathering and collecting, only to hand it to one who pleases God. This too is fleeting, chasing wind. Paske a yon nonm ki bon nan zye Bondye, Li te bay sajès, konesans ak lajwa; men a pechè a, Li te bay tach ranmase ak rasanble pou li kab bay a sila ki bon nan zye Bondye a. Sa anplis se vanite ak kouri dèyè van.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]