Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ecclesiastes 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 For everything there is a season, and a time for every matter under heaven: Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—
2 a time to be born, and a time to die; a time to plant, and a time to uproot what is planted; Yon tan pou ne, yon tan pou mouri; yon tan pou plante, ak yon tan pou dechouke sa ki plante a.
3 a time to kill, and a time to heal; a time to tear down, and a time to build up; Yon tan pou touye e yon tan pou geri; yon tan pou demoli e yon tan pou bati.
4 a time to weep, and a time to laugh; a time to mourn, and a time to dance; Yon tan pou kriye e yon tan pou ri; yon tan pou fè dèy e yon tan pou danse.
5 a time to throw away stones, and a time to gather stones together; a time to embrace, and a time to refrain from embracing; Yon tan pou voye wòch e yon tan pou ranmase wòch; yon tan pou anbrase e yon tan pou evite anbrase.
6 a time to seek, and a time to lose; a time to keep, and a time to throw away; Yon tan pou chache e yon tan pou pèdi. Yon tan pou konsève, e yon tan pou jete.
7 a time to tear, and a time to sew; a time to be silent, and a time to speak; Yon tan pou chire e yon tan pou koude; yon tan pou rete an silans e yon tan pou pale.
8 a time to love, and a time to hate; a time for war, and a time for peace. Yon tan pou fè lanmou e yon tan pou rayisman; yon tan pou fè lagè e yon tan pou fè lapè.
9 What gain has the worker from his toil? Ki avantaj ouvriye a genyen nan tout efò ke li fè yo?
10 I have seen the task that God has given people to keep them busy. Mwen te wè tach ke Bondye te bay a fis a lòm yo, avèk sila yo okipe tèt yo.
11 He made everything beautiful in its time, and set eternity in the human heart—yet no one can grasp what God has done from start to end. Li te fè tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan kè yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te fè a soti nan kòmansman jis rive nan lafen.
12 I know nothing is better for them than to enjoy life and do good while they live. Mwen konnen ke pa gen pi bon bagay pou yo ta fè pase rejwi e fè byen pandan yo gen lavi a.
13 Also, that everyone eat, drink, and find satisfaction in all their work—this is God's gift. Anplis, pou tout moun ki manje ak bwè yo wè bonte Bondye nan tout travay li yo—se don Bondye sa ye.
14 I know all God does lasts forever; nothing can be added, nothing removed. He has done it so people will fear before him. Mwen konnen ke tout sa Bondye fè va dire pou tout tan. Nanpwen anyen pou mete sou li e nanpwen anyen pou retire sou li, paske Bondye te tèlman travay pou lòm ta gen lakrent Li.
15 What is has already been, and what will be has already been; and God seeks out what was driven away. Sa ki egziste, te la deja e sa ki va ye, te ye deja. Konsa, Bondye chache jwenn sa ki fin pase.
16 I also saw under the sun: evil in the place of judgment, and evil in the place of righteousness. Anplis, mwen te wè anba solèy la ke nan plas lajistis gen mechanste; e nan plas ladwati gen mechanste.
17 I said in my heart: "God will judge the righteous and the wicked, for there's a time for every matter and every deed, there." Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Bondye va jije ni sila ki dwat la, ni sila ki mechan an,” paske gen yon tan pou chak zèv ak chak bagay.
18 I said in my heart: "God tests people, so that they may see they're just animals." Mwen te di pwòp tèt mwen selon fis a lòm yo: “Anverite, Bondye te fè yo pase a leprèv pou yo ta wè ke se tankou bèt ke yo ye.”
19 Humans and animals share one fate: one dies as the other dies; both have the same breath. Humans have no advantage over animals—all is vapor. Paske desten a fis a lòm yo ak desten a bèt yo se menm. Tankou youn mouri, konsa lòt la mouri. Anverite, yo tout gen menm souf la, e nanpwen avantaj pou lòm sou bèt yo, paske tout se vanite.
20 All go to one place; all came from the dust, and all return to the dust. Tout ale menm kote. Tout te sòti nan pousyè a, e tout ap retounen nan pousyè a.
21 Who knows whether the human spirit goes up, and whether the animal's spirit goes down to the earth? Se kilès ki ka konnen ke souf a lòm monte anwo e souf a bèt yo desann anba tè?
22 So I saw nothing is better than a person rejoicing in their work, since that is their lot. For who can show them what comes after them? Mwen te wè ke nanpwen anyen ki pi bon pou lòm ta fè pase fè kè kontan nan tout sa li fè, paske se konsa sò a tonbe pou li. Paske se kilès ki ka fè l wè sa ki va vin rive apre li?
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]