Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 24 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Why doesn't the Almighty set aside times for judgment? Why do those who know him never see his days? “Poukisa Toupwisan an pa mete tan nan rezèv? E poukisa sila ki konnen Li yo pa wè jou Li yo?
2 The wicked move boundary stones; they seize flocks and pasture them as their own. Kèk retire limit bòn yo. Yo sezi e devore bann mouton yo.
3 They drive away the donkey of the fatherless; they take the widow's ox as collateral. Yo pouse fè ale bourik a òfelen yo, yo pran bèf a vèv la kon garanti.
4 They shove the needy off the road, so that the poor of the land are forced into hiding. Yo pouse endijan yo akote wout la. Malere peyi a oblije kache nèt.
5 Look—like wild donkeys in the wilderness, the poor go out to their labor, scavenging for food; the wasteland yields bread for their children. Gade byen, kon bourik mawon nan dezè a, yo vin parèt pou chache manje. Dezè a bay yo anpil manje pou pitit yo.
6 They harvest fodder in fields not their own and glean the vineyard of the wicked. Yo rekòlte nan chan a lòt yo, e ranmase nan chan rezen a mechan yo.
7 They spend the night naked, without clothing, with no covering against the cold. Yo pase lannwit lan toutouni san rad, e yo pa gen pwotèj kont fredi a.
8 They are drenched by the mountain rains and huddle against the rock for lack of shelter. Yo mouye ak lapli mòn yo, e yo anbrase wòch yo akoz mank pwotèj yo.
9 The fatherless child is snatched from the breast, and the infant of the poor is seized as collateral. Lòt yo sezi òfelen an soti nan tete a, e kont malere a, yo pran garanti.
10 They go about naked, without clothing; starving, they carry the sheaves. Se yo ki koz malere a ale toutouni san rad, kap pote pakèt akoz grangou.
11 Among the olive groves they press out oil; they work the winepresses, yet they go thirsty. Anndan miray moun sa yo, yo pwodwi lwil. Yo foule li nan preswa, men yo swaf.
12 From the city the dying groan, and the throats of the wounded cry out for help—yet God does not charge anyone with the wrongdoing. Depi nan vil la, moun yo plenyen fò, e nanm a sila ki blese yo pouse gwo plent, men Bondye pa prete atansyon de foli sa a.
13 "There are those who rebel against the light; they do not know its ways or remain in its paths. “Gen lòt moun ki fè rebèl kont limyè a. Yo pa vle konnen pa li, ni rete nan chemen li yo.
14 At dawn the murderer rises to kill the poor and needy, and by night he prowls like a thief. Asasen an leve granmmaten. Li touye malere a ak endijan an. Nan lannwit, se yon vòlè li ye.
15 The eye of the adulterer watches for twilight, thinking, 'No eye will see me,' and he keeps his face hidden. Zye adiltè a tann lannwit rive; li di: ‘Zye p ap janm wè m.’ Li kouvri figi li.
16 In the dark they break into houses; by day they shut themselves away, for they want nothing to do with the light. Nan fènwa, yo fouye anndan kay yo. Yo fèmen yo menm pandan jounen an. Yo pa konnen limyè.
17 For deep darkness is morning to them all; they are at home with the terrors of the dark. Paske pou li maten se menm jan ak fènwa a byen pwès, tèlman li abitye ak gwo perèz nan fènwa pwès la.
18 "Yet you say they are swift on the face of the waters; their portion of the land is cursed, and no one turns toward their vineyards. “Se kim yo ye k ap monte sou dlo. Pòsyon pa yo modi sou latè. Yo pa tankou chan rezen yo.
19 As drought and heat steal away the melting snow, so the grave snatches those who have sinned. Sechrès ak chalè manje dlo lanèj la. Menm jan tou, Sejou Lanmò fè sila ki te peche yo.
20 The womb that bore them forgets them; the worm feasts on them; they are remembered no more, and wickedness is shattered like a tree. Vant manman an va bliye li. Vè va manje li byen dous, jiskaske moun pa sonje l ankò. Konsa, mechanste la va kase tankou yon pyebwa.
21 They prey on the barren woman who bears no child and show no kindness to the widow. Li fè tò a fanm esteril la. Li pa gen mizerikòd pou li.
22 "Yet by his power God drags off the mighty; he rises up, and no one is sure of his own life. Men Bondye konsève pwisan an pa lafòs Li. Li vin gwo, men lavi li pa asire.
23 God lets them rest in security, and they lean on it, but his eyes are on their ways. Bondye bay yo sekirite e yo repoze ladan l. Zye Li veye tout sa yo fè.
24 They are exalted for a little while, and then they are gone; they are brought low and gathered up like everyone else, cut off like heads of grain. Yo leve wo pou yon ti tan, e yo ale. Konsa, yo vin rale ba e tankou tout lòt bagay, yo pote ale. Menm tankou tèt sereyal, yo koupe, yo retire.
25 If this is not so, who can prove me a liar and reduce my words to nothing?" Alò, si se pa konsa li ye, se kilès ki kab fè prèv ke m bay manti, oswa anile pawòl mwen yo?”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]