Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 23 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Job answered: Alò, Job te reponn:
2 "Even today my complaint is bitter; his hand is heavy despite my groaning. Menm jodi a, plent mwen yo se rebelyon. Men Li rete lou malgre tout plent mwen yo.
3 If only I knew where to find him, so I could come to his dwelling! O ke m ta kab konnen kibò mwen ta kab twouve Li, pou m ta kab pwoche chèz Li a!
4 I would lay my case before him and fill my mouth with arguments. Mwen ta prezante ka m nan devan L, e plen bouch mwen ak diskou yo.
5 I would learn the words he would answer me and understand what he would say to me. Mwen ta vin aprann pawòl ke Li ta reponn yo e apèsi sa Li ta di m.
6 Would he argue with me in the greatness of his power? No—he would surely give me a hearing. Èske Li ta sèvi gran fòs Li pou goumen ak mwen? Non, anverite, Li ta koute mwen.
7 There an upright person could reason with him, and I would be acquitted forever by my judge. La, moun ladwati yo ta rezone avè L; epi mwen ta delivre jis pou tout tan de Jij mwen an.
8 But if I go east, he is not there; and to the west I cannot find him. Men gade, mwen fè avan, men Li pa la, e mwen fè bak, men mwen pa kab twouve Li.
9 When he works in the north, I cannot see him; when he turns to the south, I cannot find him. Lè L aji agoch, mwen pa kab wè Li. Li vire adwat, mwen pa wè L.
10 But he knows the way that I take; when he has tested me, I will come out as gold. Men Li konnen chemen ke m pran an. Li fè m pase a leprèv, e mwen va sòti tankou lo.
11 My foot has held fast to his steps; I have kept his way and not turned aside. Pye m te kenbe fèm a pa Li. Mwen te kenbe chemen Li an, e mwen pa t vire akote.
12 I have not departed from the command of his lips; I have treasured the words of his mouth more than my daily bread. Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo. Mwen te kenbe pawòl a bouch Li kon pi presye pase manje ki fè m gen fòs la.
13 But he is unchangeable—who can turn him back? Whatever he desires, he does. Men pa gen lòt tankou Li; se kilès ki kab kanpe kont Li? Sa ke nanm Li pito, se sa ke Li fè.
14 For he will carry out what he has appointed for me, and many such things are in his mind. Paske li acheve sa ki deziye pou mwen an. Se anpil dekrè konsa ki rete avè L.
15 That is why I am terrified before him; when I consider it, I am in dread of him. Pou sa, mwen deranje nèt nan prezans Li. Lè m kalkile, Li fè m pè anpil.
16 God has made my heart faint; the Almighty has terrified me. Se Bondye ki fè kè m sote. Se Toupwisan an ki deranje m konsa.
17 Yet I am not silenced by the darkness, by the thick gloom that covers my face." Akoz mwen pat koupe retire nèt avan fenwà a, ni Li pat kouvri gwo tenèb la devan figi m.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]