Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Eliphaz the Temanite answered: Epi Éliphaz, Temanit lan, te reponn:
2 "Can a man be of any benefit to God? Surely the wise man benefits only himself. “Èske yon nonm plen kouraj kapab itil a Bondye? Byen klè yon nonm saj se itil a pwòp tèt li.
3 Is it any pleasure to the Almighty if you are righteous, or any gain to him if you live blamelessly? Èske Toupwisan an pran plezi nan ladwati ou, oswa twouve pwofi si chemen ou yo san fot?
4 Is it for your reverence that he rebukes you and brings you to judgment? Èske se akoz krentif la menm ou gen pou Bondye ke L ap repwoche ou? Ke l ap antre nan jijman kont ou?
5 Is not your wickedness great? Are not your sins endless? Se pa ke mechanste ou gran e inikite ou yo san limit?
6 For you demanded collateral from your brothers for no reason and stripped the clothing from the naked. Paske ou te pran garanti a frè ou yo san koz e te menm retire rad pa yo jis yo vin toutouni.
7 You gave no water to the weary to drink, and you withheld bread from the hungry. A moun fatige yo, ou pa t bay dlo pou bwè e a grangou yo, ou te refize yo pen.
8 The man of power owned the land, and the favored one lived in it. Men posede tè a se pou nonm ki pwisan an, e se moun entèg ki viv ladann.
9 You sent widows away empty-handed and crushed the arms of orphans. Ou te voye vèv yo ale men vid e te kraze fòs a òfelen yo.
10 That is why snares surround you, and sudden terror overwhelms you; Akoz sa, pèlen yo antoure ou, e laperèz, sibitman, vin bay ou gwo lakrent,
11 or darkness, so that you cannot see, and a flood of water covers you. oswa se fènwa pou ou pa kab wè ak anpil dlo ki kouvri ou.
12 Is not God in the heights of heaven? See how high the highest stars are! “Èske Bondye pa nan wotè syèl la? Menm anplis, gade zetwal byen lwen yo; kijan yo wo!
13 Yet you say, 'What does God know? Can he judge through such deep darkness? Ou di: ‘Kisa Bondye konnen? Èske Li kab jije nan fènwa pwofon an?
14 Thick clouds veil him so that he cannot see, and he walks on the vault of heaven.' Nwaj yo se yon plas pou L kab kache, pou L pa kab wè. Se anwo plafon syèl la l ap mache.’
15 Will you keep to the ancient path that wicked men have walked? Èske ou va kenbe ansyen chemen a, kote mesye mechan yo te mache,
16 They were snatched away before their time, their foundation washed away by a flood. ki te rachte avan lè yo, ki te lese fondasyon ki lave a retire nèt pa rivyè a?
17 They said to God, 'Leave us alone! What can the Almighty do to us?' Yo te di a Bondye: ‘Kite nou!’, Epi: ‘Kisa Toupwisan an kab fè pou nou?’
18 Yet it was he who filled their houses with good things—so I want nothing to do with the plans of the wicked. Sepandan, Li te ranpli lakay yo ak bon bagay; men konsèy a mechan yo lwen m.
19 The righteous see it and are glad; the innocent mock the wicked, saying, Moun ladwati yo wè, yo fè kè kontan. Inosan yo moke yo.
20 'Surely our enemies are destroyed, and the fire has consumed what they left behind.' Yo di: ‘Anverite, advèsè nou yo koupe retire nèt. E dife a fin manje retay yo.’
21 Submit to God now and be at peace with him; in this way good will come to you. “Vin konnen L depi koulye a e fè lapè avè L; se konsa, sa ki bon va rive kote ou.
22 Receive instruction from his mouth, and store up his words in your heart. Souple, resevwa enstriksyon nan bouch Li e etabli pawòl Li yo nan kè ou.
23 If you return to the Almighty you will be restored; if you drive injustice far from your home, Si ou retounen bò kote Toupwisan an, ou va restore, si ou retire inikite a byen lwen tant ou.
24 and lay your gold in the dust, the gold of Ophir among the stones of the streambed, Mete riches ou nan pousyè a, lò Ophir a pami wòch kouran dlo yo.
25 then the Almighty himself will be your gold, your precious silver. Alò, se Toupwisan an ki va riches ou, e pi bèl ajan pou ou.
26 Then you will delight in the Almighty and lift up your face to God. Paske konsa ou va rejwi nan Toupwisan an, e leve figi ou vè Bondye.
27 You will pray to him, and he will hear you, and you will fulfill your vows. Ou va priye a Li menm, e Li va tande ou. Ou va peye ve ou yo.
28 What you decide will be done, and light will shine on your ways. Anplis, ou va fè yon dekrè e li va etabli pou ou; konsa limyè va briye sou wout ou.
29 When others are brought low and you say, 'Lift them up!', he will save the downcast. Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans, e moun ki enb lan, Li va sove li.
30 He will deliver even the one who is not innocent, who will be delivered through the cleanness of your hands." Li va delivre menm sila ki pa inosan yo, e delivrans sa a va fèt akoz men ou ki pwòp.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]