Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 22 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Epi Éliphaz, Temanit lan, te reponn:

2“Èske yon nonm plen kouraj kapab itil a Bondye?Byen klè yon nonm saj se itil a pwòp tèt li.

3Èske Toupwisan an pran plezi nan ladwati ou,oswa twouve pwofi si chemen ou yo san fot?

4Èske se akoz krentif la menm ou gen pou Bondyeke L ap repwoche ou?Ke l ap antre nan jijman kont ou?

5Se pa ke mechanste ou grane inikite ou yo san limit?

6Paske ou te pran garanti a frè ou yo san koze te menm retire rad pa yo jis yo vin toutouni.

7A moun fatige yo, ou pa t bay dlo pou bwèe a grangou yo, ou te refize yo pen.

8Men posede tè a se pou nonm ki pwisan an,e se moun entèg ki viv ladann.

9Ou te voye vèv yo ale men vide te kraze fòs a òfelen yo.

10Akoz sa, pèlen yo antoure ou,e laperèz, sibitman, vin bay ou gwo lakrent,

11oswa se fènwa pou ou pa kab wèak anpil dlo ki kouvri ou.

12“Èske Bondye pa nan wotè syèl la?Menm anplis, gade zetwal byen lwen yo; kijan yo wo!

13Ou di: ‘Kisa Bondye konnen?Èske Li kab jije nan fènwa pwofon an?

14Nwaj yo se yon plas pou L kab kache,pou L pa kab wè.Se anwo plafon syèl la l ap mache.’

15Èske ou va kenbe ansyen chemen a,kote mesye mechan yo te mache,

16ki te rachte avan lè yo,ki te lese fondasyon ki lave aretire nèt pa rivyè a?

17Yo te di a Bondye: ‘Kite nou!’,Epi: ‘Kisa Toupwisan an kab fè pou nou?’

18Sepandan, Li te ranpli lakay yo ak bon bagay;men konsèy a mechan yo lwen m.

19Moun ladwati yo wè, yo fè kè kontan.Inosan yo moke yo.

20Yo di: ‘Anverite, advèsè nou yo koupe retire nèt.E dife a fin manje retay yo.’

21“Vin konnen L depi koulye a e fè lapè avè L;se konsa, sa ki bon va rive kote ou.

22Souple, resevwa enstriksyon nan bouch Lie etabli pawòl Li yo nan kè ou.

23Si ou retounen bò kote Toupwisan an,ou va restore,si ou retire inikite a byen lwen tant ou.

24Mete riches ou nan pousyè a,lò Ophir a pami wòch kouran dlo yo.

25Alò, se Toupwisan an ki va riches ou,e pi bèl ajan pou ou.

26Paske konsa ou va rejwi nan Toupwisan an,e leve figi ou vè Bondye.

27Ou va priye a Li menm, e Li va tande ou.Ou va peye ve ou yo.

28Anplis, ou va fè yon dekrè e li va etabli pou ou;konsa limyè va briye sou wout ou.

29Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans,e moun ki enb lan, Li va sove li.

30Li va delivre menm sila ki pa inosan yo,e delivrans sa a va fèt akoz men ou ki pwòp.”

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]