Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Job answered: “Konsa, Job te reponn:
2 "Listen carefully to my words, and let this be the comfort you offer me. Koute pawòl mwen byen pre; kite sa sèvi tankou chemen pou konsole.
3 Bear with me while I speak, and after I have spoken, you may go on mocking. Pran pasyans pou m kab pale, epi tann lè m fini pou ou kab giyonnen m.
4 As for me, is my complaint against a mere man? Why should I not lose my patience? Pou mwen, èske plent mwen an se anvè yon nonm? Epi poukisa mwen pa ta dwe manke pasyans?
5 Look at me and be appalled, and put your hand over your mouth. Gade mwen! Vin etone! Kouvri bouch ou ak men ou!
6 When I remember it, I am terrified, and shuddering grips my flesh. Lè m sonje, mwen twouble. Chè m vin ranpli ak laperèz.
7 Why do the wicked go on living, growing old and increasing in power? “Poukisa mechan yo viv toujou, vin vye e vin pwisan nèt?
8 Their children are settled and secure with them before their eyes, and their offspring before their sight. Desandan yo vin etabli pou yo ka wè yo, ak pitit pa yo devan zye yo.
9 Their houses are safe and free from fear, and no rod of God falls upon them. Lakay yo pwoteje kont laperèz, e baton Bondye pa janm rive sou yo.
10 Their bull breeds and never fails; their cow calves and does not miscarry. Towo yo toujou kouple san manke. Vach yo fè pitit e pa fè foskouch.
11 They let their little ones run free like a flock, and their children skip about. Yo mete pitit yo deyò tankou yon bann. Yo flannen e danse toupatou.
12 They sing to the tambourine and the lyre and celebrate to the sound of the pipe. Yo chante ak tanbouren avèk ap, e rejwi ak son flit la.
13 They spend their days in prosperity, and in peace they go down to the grave. Yo pase jou yo nan byen reyisi. Epi konsa yo desann nan Sejou Lanmò Yo.
14 Yet they say to God, 'Leave us alone! We have no desire to know your ways. Yo di Bondye: ‘Kite nou!’ Nou pa menm vle konnen chemen Ou yo.
15 What is the Almighty, that we should serve him? And what would we gain by praying to him?' ‘Se kilès Toupwisan an ye pou nou ta sèvi Li, e ki rekonpans nou ta twouve si nou ta priye anvè Li?’
16 But their prosperity is not in their own hands; I want nothing to do with the counsel of the wicked. Gade byen, bonè pa yo pa rete nan men yo; konsèy a mechan yo lwen mwen.
17 How often is the lamp of the wicked snuffed out? How often does their disaster fall upon them? How often does God deal out pains in his anger? “Èske se souvan ke lanp a mechan yo etenn? Èske malè konn vin tonbe sou yo? Èske Bondye mezire destriksyon nan lakòlè Li?
18 How often are they like straw before the wind, like chaff that a storm sweeps away? Èske se tankou pay nan van yo ye vrè, pay ke van pouse ale?
19 You say, 'God stores up a man's punishment for his children.' Let him repay the man himself, so that he learns it. Ou di ke ‘Bondye konsève inikite a yon nonm pou fis li yo.’ Kite Bondye rekonpanse li menm pou l konnen sa.
20 Let his own eyes see his ruin, and let him drink the wrath of the Almighty. Kite pwòp zye pa li wè lè l pouri gate. Kite li bwè lakòlè Bondye.
21 For what does he care about his household after him, when his months are cut short? Paske ki konsiderasyon ki genyen pou lakay sila ki swiv li a, lè fòs kantite mwa li yo vin koupe?
22 Can anyone teach God knowledge, since it is he who judges those on high? “Èske gen moun kab bay Bondye konesans? Se Li menm ki jije sila anwo yo.
23 One person dies in full vigor, wholly at ease and secure, Yon moun mouri ak tout fòs li, byen alèz e kal;
24 his body well nourished and the marrow of his bones still moist. Tout bokal li yo plen lèt e tout mwèl zo l li byen mou,
25 Another dies with a bitter soul, never having tasted any good. Pandan yon lòt mouri ak yon nanm anmè, e pa janm goute nan sa ki bon.
26 Together they lie down in the dust, and the worms cover them both. Ansanm yo kouche nan pousyè a e vè vin kouvri yo.
27 Look, I know your thoughts, and your schemes to wrong me. “Gade byen, mwen konnen sa ou ap panse ak plan nou sèvi pou fè m tò yo.
28 For you say, 'Where now is the house of the noble? Where is the tent where the wicked lived?' Paske ou ap di: ‘Kote kay a prens lan e kote tant kote mechan an rete a?’
29 Have you never asked those who travel the roads? Will you not accept the proof they give, Èske nou pa janm mande vwayajè yo? Èske nou pa konnen temwayaj yo bay?
30 that the evil man is spared in the day of disaster, that he is delivered in the day of wrath? Paske mechan an, li menm, konsève pou gwo jou malè a; Y ap vin parèt nan jou kòlè a.
31 Who confronts him to his face for his conduct, and who repays him for what he has done? Se kilès ki va fè l repwòch pou zak li yo? E kilès ki va rekonpanse li pou sa l fè?
32 He is carried to the grave, and a watch is kept over his tomb. Pandan l ap pote nan tonbo a, y ap veye tonm li.
33 The soil of the valley is sweet to him; everyone follows after him, and those before him are beyond counting. Bòl tè vale a va kouvri l ak tout dousè; anplis, tout moun va swiv dèyè li, menm ak gran fòs san kontwòl yo, yo te ale devan l.
34 So how can you comfort me with empty words? Your answers are nothing but falsehood." Konsa, se kijan pou m ta twouve rekonfò nan konsolasyon an ven nou yo? Paske repons nou yo fèt ak manti.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]