Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then Zophar the Naamathite answered: Epi Tsophar, Naamatit lan, te reponn:
2 "This is why my troubled thoughts compel me to answer, because of the turmoil within me. “Akoz sa a, tout refleksyon k ap boulvèse m yo, fè m fè repons, menm akoz tout anndan m tèlman ajite.
3 I hear a rebuke that dishonors me, and out of my understanding a spirit prompts me to reply. Mwen tande repwòch ki fè m wont. Konsa, lespri bon konprann mwen fè m reponn.
4 Surely you know how it has been from ancient times, ever since mankind was placed on the earth: Èske ou pa konnen bagay sa a depi nan tan ansyen an, depi lòm te mete sou latè,
5 the triumph of the wicked is brief, and the joy of the godless lasts only a moment. Ke viktwa a mechan yo kout, e jwa a enkwayan an se pou yon moman?
6 Though his pride reaches to the heavens and his head touches the clouds, Malgre wotè li ta rive nan syèl la, pou tèt li ta touche nwaj yo,
7 he will perish forever, like his own waste; those who had seen him will ask, 'Where is he?' l ap peri nèt tankou fatra. Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’
8 He will fly away like a dream, never to be found, chased off like a vision of the night. Li vole ale tankou yon rèv, e yo pa kab jwenn li. Menm tankou yon rèv lannwit, li fin chase ale.
9 The eye that saw him will see him no more; his place will look on him no longer. Zye ki te wè l la pa wè l ankò, e plas li a pa gade li ankò.
10 His children will beg from the poor; his own hands must give back his wealth. Fis li yo fè byen pou malere yo, e men yo remèt byen li yo.
11 The youthful vigor that fills his bones will lie down with him in the dust. Zo li yo plen ak fòs jenès li, men li kouche ansanm avè l nan pousyè a.
12 Though evil is sweet in his mouth and he hides it under his tongue, “Sepandan, mechanste dous nan bouch li e li kache li anba lang li,
13 though he is loath to let it go and keeps it in his mouth, Li pito mal la, e refize lage l, men kenbe li nan bouch li,
14 yet his food turns sour in his stomach; it becomes the venom of cobras within him. men manje nan vant li vire. Li tounen pwazon vipè anndan l.
15 He swallows down riches but vomits them up; God drives them out of his belly. Li te vale richès, men vomi fè yo retounen vin parèt. Bondye va fè yo sòti nan vant li.
16 He sucks the poison of cobras; the fangs of a viper kill him. Li souse pwazon koulèv yo; lang a vipè a kap touye li.
17 He will never look on the streams, the rivers flowing with honey and curds. Li pa gade dlo yo ankò, ni rivyè ki koule yo ak siwo ak bòl lèt yo.
18 He must give back the fruit of his toil without swallowing it; he will not enjoy the profit of his trading. Li remèt sa ke li te pran an. Li pa kab vale l. Afè richès a komès li yo, li pa kab menm rejwi de yo.
19 For he crushed and abandoned the poor; he seized a house he did not build. Paske li te oprime e abandone malere yo. Li te sezi yon kay ke li pa t bati.
20 Because his gut knew no peace, he will not escape with the things he craved. “Akoz li pa t kab kalme kè l, li pat kab kenbe anyen nan sa li renmen.
21 Nothing was left for him to devour; therefore his prosperity will not endure. Anyen pat rete ke li pat devore; akoz sa a, byen li yo pat dire.
22 In the fullness of his plenty, distress will overtake him; the full weight of misery will come upon him. Ranpli ak tout bagay li, li va jennen; men a tout moun ki soufri yo va vini kont li.
23 When he has filled his belly, God will unleash his burning anger against him and rain it down on him as his food. Lè li plen vant li, Bondye va voye kòlè fewòs pa Li sou li. Lapli va tonbe sou li pandan l ap manje.
24 Though he flees from an iron weapon, a bronze arrow will pierce him through. Li kapab sove ale devan zam fèt ak fè a, men banza fèt an bwonz lan va tire frennen l.
25 He pulls it out, and it comes from his body; the glittering point comes out of his gall. Terrors fall upon him. L ap rale sòti parèt dèyè do li, menm pwent glise a soti nan fyèl li. Gwo laperèz va parèt sou li.
26 Total darkness lies in wait for his treasures; a fire no one kindled will consume him and devour whatever is left in his tent. Fènwa nèt rezève kon trezò li, e flanm dife san van an va devore li. Li va manje tout sa ki rete nan tant li an.
27 The heavens will expose his guilt, and the earth will rise up against him. Syèl yo va revele inikite li e tè a va leve kont li.
28 All the wealth of his house will be carried off, swept away in the day of God's wrath. Riches lakay li va pati, posesyon li yo va ale nan jou kòlè Li a.
29 This is the wicked man's portion from God, the heritage appointed for him by God." Sa se pòsyon a moun mechan k ap sòti nan men Bondye, sa se eritaj ke Bondye òdone pou bay li.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]