Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "My spirit is broken, my days are snuffed out, the grave is ready for me. “Lespri m fin kase. Jou m yo etenn; tonbo a pare pou mwen.
2 Surely mockers surround me, and my eyes cannot look away from their taunting. Anverite mokè yo avè m, e zye m fikse sou pwovokasyon yo.
3 "Put up a pledge for me with yourself; who else will give their word as my guarantor? “Depoze la koulye a, yon sekirite. Kanpe kon garanti mwen, ak Ou menm. Se kilès ki kab antann avè m?
4 For you have closed their minds to understanding; therefore you will not let them triumph. Paske Ou te anpeche kè yo konprann; pou sa, ou pa p egzalte yo.
5 One who denounces friends for personal gain—the eyes of his children will fail. Sila ki enfòme kont zanmi li yo pou piyaj la, menm zye pitit li yo va vin gate.
6 "He has made me a byword among the peoples, someone they spit in the face. “Men Li te fè m vin tounen yon vye pwovèb pou pèp la. Konsa, yo vin krache sou figi m.
7 My eye has grown dim from grief, and all my limbs are like a shadow. Anplis, zye m vin pa wè klè akoz doulè m, e tout nanm mwen tankou lonbraj.
8 The upright are appalled at this, and the innocent is roused against the godless. Moun ladwati va byen twouble ak sa, e linosan an va leve li menm kont enkwayan yo.
9 Yet the righteous holds to his way, and the one with clean hands grows stronger and stronger. Malgre, moun dwat la va kenbe chemen li e sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò.
10 "But come back, all of you, come now—I find not one wise man among you. Men nou tout, retounen; malgre mwen pa twouve yon nonm saj pami nou.
11 My days are past, my plans are broken off, and with them the desires of my heart. Jou pa m yo fin pase, plan mwen yo vin chire nèt, menm dezi a kè mwen yo.
12 They turn night into day; 'light,' they say, 'is near'—in the face of darkness. Yo fè lannwit mwen vin sanble lajounen. Yo di ‘limyè a toupre’ lè tout se fènwa.
13 If I hope for the grave as my house, if I spread my bed in the darkness, Si mwen chache Sejou mò yo kon lakay mwen, si mwen fè kabann mwen nan tenèb la;
14 if I call to the pit, 'You are my father,' and to the worm, 'My mother' and 'My sister,' Si mwen kriye a fòs tonbo a: ‘Se ou ki papa m’; epi a vè a: “Ou se manman m ak sè m’;
15 where then is my hope? Who can see any hope for me? Alò, koulye a, se kibò espwa mwen ye? Epi se kilès k ap okipe espwa m?
16 Will it go down to the gates of the grave? Will we descend together into the dust?" Èske espwa m va desann avèk mwen nan Sejou Lanmò yo? Èske se ansanm n ap desann nan pousyè a?”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]