Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Zechariah 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 On that day a fountain will open for the house of David and the people of Jerusalem, to cleanse them from sin and impurity. “Nan jou sa a, va gen yon fontèn dlo ki va ouvri pou lakay David, e pou sila ki rete Jérusalem yo, pou peche ak salte.
2 On that day, declares the Father of heaven's armies, I will cut off the idols' names from the land, remembered no more; and I will remove the prophets and the spirit of impurity from the land. “Li va vin rive nan jou sa a”, deklare SENYÈ dèzame yo: “ke Mwen va koupe retire non a zidòl yo soti nan peyi a, e yo p ap sonje yo ankò. Mwen va osi retire pwofèt yo ak lespri pa pwòp la soti nan peyi a.
3 If anyone still prophesies, the father and mother who bore him will tell him, "You must die, for you have spoken lies in our Father's name." And when he prophesies, his father and mother who bore him will stab him. Lè yon moun va pwofetize, alò, papa l ak manman l ki te fè l la va di li: ‘Ou p ap viv, paske ou pale sa ki fo nan non SENYÈ a.’ Konsa, papa li ak manman li ki te fè l la, va fwennen l lè li pwofetize.
4 On that day every prophet will be ashamed of his vision when he prophesies; nor will they wear a hairy cloak to deceive. Anplis, li va vin rive nan jou sa a, ke tout pwofèt yo va vin wont de vizyon yo fè, lè yo ap pwofetize. Yo p ap mete gwo wòb fèt an pwal pou twonpe moun;
5 But he will say, "I am no prophet; I am a farmer, for the land has been my possession since my youth." men yon pwofèt va di: ‘Mwen pa yon pwofèt; mwen se yon kiltivatè tè a, paske mwen se yon sèvitè atache nèt depi mwen jèn.’
6 If someone asks him, "What are these wounds between your hands?" he will say, "I was wounded in the house of my friends." Konsa, yon moun va vin di l: ‘Ki blesi sa ki nan mitan bra ou yo?’ Epi li va reponn: ‘Sa yo se blesi ke mwen te pran lakay zami mwen yo.’
7 Awake, sword, against my shepherd, against the man who stands close to me, declares the Father of heaven's armies. Strike the shepherd, and the sheep will be scattered; and I will turn my hand against the little ones. “Leve, O nepe, kont bèje Mwen an, e kont nonm nan ki byen pre M,” deklare SENYÈ dèzame yo. Frape bèje a pou mouton yo ka gaye; epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.
8 And in all the land, declares our Father, two-thirds will be cut off and perish, but one-third will be left alive in it. “Sa va vin rive nan tout peyi a” deklare SENYÈ a, “Ke de pati nan li va vin koupe retire pou l mouri; men twazyèm pati a va rete ladann l.
9 That final third I will bring into the fire; I will refine them like silver, test them like gold. They will call on my name; I will answer them. Then I will say, "They are my children," and they will say, "Our Father." “Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]