Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Zechariah 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 A day is coming for our Father, when your plunder will be divided among you. Gade byen, yon jou pou SENYÈ a ap vini, jou lè piyaj ke yo rache de nou menm yo, va divize andedan nou.
2 I will gather all nations against Jerusalem for battle. The city will be captured, houses plundered, women raped. Half the city will go into exile, but the rest of the people will not be cut off from the city. Paske Mwen va rasanble tout nasyon yo kont Jérusalem pou batay. Vil la va vin kaptire, kay yo va piyaje, fanm yo va vyole. Mwatye nan vil la va voye an egzil, men rès a pèp la p ap koupe retire de vil la.
3 Then our Father will go out and fight against those nations, as he fights on a battle day. Konsa, SENYÈ a va parèt pou goumen kont nasyon sila yo, jan Li goumen nan yon jou batay la.
4 On that day his feet will stand on the Mount of Olives east of Jerusalem, and it will split down the middle from east to west into a huge valley; half the mountain moving north, half south. Nan jou sa a, pye Li va poze sou Mòn Olivier a, ki devan Jérusalem sou pati lès la. Epi Mòn Olivier a va fann nan mitan soti nan lès pou rive nan lwès, e va gen yon gwo gwo vale. Mwatye nan mòn nan va deplase vè nò e lòt mwatye a vè sid.
5 You will flee through the valley of my mountains, for it will reach to Azal. You will flee as you fled from the earthquake in the days of Uzziah king of Judah. Then my Father will come, and all the holy ones with him. Nou va sove ale pa vale a mòn Mwen yo, paske vale a mòn yo va rive jis Atzel. Wi, nou va sove ale menm jan ke nou te sove ale devan tranbleman tè nan jou Ozias la, wa Juda a. Epi SENYÈ a, Bondye mwen an va vini e tout sen fidèl yo va avèk Li!
6 On that day there will be no light, no cold or frost. Nan jou sa a p ap gen limyè, ni fredi, ni glas sou tè.
7 It will be one unique day, known only to our Father—neither day nor night; but at evening there will be light. Li va yon jou inik ki konnen pa SENYÈ a; li p ap ni lajounen ni lannwit, men li va vin rive ke nan aswè, va gen limyè.
8 On that day living waters will flow from Jerusalem, half toward the eastern sea and half toward the western sea, in summer and winter alike. Li va rive nan jou sa a, kouran dlo yo va koule sòti Jérusalem; mwatye nan yo vè pati lès lanmè a, e lòt mwatye a vè pati lwès lanmè a. Li va konsa ni nan sezon ete ni nan sezon ivè.
9 And our Father will be king over all the earth. On that day our Father will be one, and his name one. Epi SENYÈ a va wa sou tout tè a. Nan jou sa a, SENYÈ a va yon sèl, e non Li va yon sèl.
10 The whole land will become a plain, from Geba to Rimmon south of Jerusalem. But Jerusalem will rise and stay in place, from the Benjamin Gate to the site of the First Gate, to the Corner Gate, and from the Tower of Hananel to the king's winepresses. Tout peyi a va devni yon savann, depi Guéba jis rive Rimmon, nan sid Jérusalem. Men Jérusalem va vin leve, e rete nan plas li soti nan Pòtay Benjamin an, jis rive nan pozisyon premye Pòtay la, pou janbe nan Pòtal Kwen an, e soti nan tou Hananéel la, jis rive nan pèz diven a wa a.
11 People will live in it, never again doomed to destruction; Jerusalem will live in safety. Moun yo va viv ladann, e p ap gen malediksyon ankò, paske Jérusalem va rete ansekirite.
12 This is the plague our Father will bring on every nation that fought against Jerusalem: their flesh rots as they stand, their eyes rot in the sockets, their tongues in their mouths. Men sa va fleyo avèk sila SENYÈ a va frape tout pèp ki te fè lagè kont Jérusalem yo: chè yo va pouri pandan yo kanpe sou pye yo, zye yo va pouri nan tèt yo, e lang yo va pouri nan pwòp bouch yo.
13 On that day a great panic from our Father will fall on them; each will grab his neighbor's hand, and his hand will rise against his neighbor's hand. Li va vin rive nan jou sa a ke yon gwo panik ki sòti nan SENYÈ a va tonbe sou yo. Konsa, chak va kenbe men vwazen l, e men a youn va vin leve kont men a lòt la.
14 Judah too will fight at Jerusalem, and the wealth of all surrounding nations will be gathered—gold, silver, and garments in great abundance. Anplis, Juda va goumen nan Jérusalem. Richès a tout nasyon ki ozanviwon yo va vin rasanble ansanm; lò, ajan ak vètman an gran kantite.
15 The same plague will strike the horses, mules, camels, donkeys, and all animals in those camps. Jan fleyo sa a ye a, se konsa tou fleyo a va ye sou cheval, milèt, chamo, bourik ak tout bèf ki va nan kan sa yo.
16 Then every survivor of the nations that attacked Jerusalem will go up year after year to worship the King, the Father of heaven's armies, and to celebrate the Feast of Booths. Epi li va vin rive ke tout moun ki rete nan tout nasyon ki te ale kont Jérusalem yo, yo tout va ale monte ane pa ane pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, e pou selebre Fèt Tonèl yo.
17 Any family of the earth that does not go up to Jerusalem to worship the King, the Father of heaven's armies, will get no rain. Epi sa va rive ke nenpòt moun nan fanmi sou latè yo ki pa monte Jérusalem pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, Lapli p ap tonbe sou yo.
18 If Egypt's family does not go up and present itself, no rain will fall on them; the plague will come with which our Father strikes the nations that don't go up to celebrate the Feast of Booths. Si fanmi peyi Egypte la pa monte oswa pa vini; alò, lapli p ap tonbe sou yo. Va gen fleyo ke SENYÈ a te frape nasyon ki pa t monte pou selebre Fèt Tonèl Yo.
19 This will be the punishment of Egypt and all the nations that do not go up to celebrate the Feast of Booths. Sa va pinisyon Egypte la ak pinisyon a tout nasyon ki pa monte pou selebre Fèt Tonèl yo.
20 On that day "Holy to our Father" will be inscribed on the horses' bells, and the pots in our Father's house will be like the bowls before the altar. Nan jou sa a, va gen anons sa sou klòch cheval yo: “SEN A SENYÈ A”. Epi chodyè ki kwit manje lakay SENYÈ yo, va tankou bòl devan lotèl yo.
21 Every pot in Jerusalem and Judah will be holy to the Father of heaven's armies, so all who sacrifice may come, take some, and cook in them. On that day no merchant will remain in the house of the Father of heaven's armies. Tout chodyè pou kwit manje Jérusalem ak Juda yo, va vin sen pou SENYÈ Dèzame yo; epi tout moun ki fè sakrifis yo va vin pran yo, e bouyi sakrifis ladan yo. Epi p ap gen ankò, yon Kananeyen nan kay SENYÈ Dèzame yo nan jou sa a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]