Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Malachi 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 This is the word of our Father to Israel, delivered through Malachi. Revelasyon pawòl SENYÈ a bay Israël pa Malachie.
2 "I have loved you," says our Father. "But you ask, 'How have you loved us?' Wasn't Esau Jacob's brother?" declares our Father. "Yet I loved Jacob, “Mwen te renmen nou,” pale SENYÈ a. Men ou di: “Nan kisa ou te renmen nou an?” “Se pa Ésaü ki te frè Jacob?” deklare SENYÈ a. “Men se Jacob Mwen te renmen;
3 but Esau I hated. I made his hill country wasteland, left his inheritance to desert jackals." men Mwen te rayi Ésaü. Mwen te fè mòn li yo vin yon kote dezole, e Mwen te livre eritaj li bay chen mawon dezè yo.”
4 Edom may say, "We are shattered, but we will rebuild the ruins." But the Father of heaven's armies says: "They may build, but I will tear down. They will be called the Wicked Land, the people our Father stays angry with forever." Tandiske Edom di: “Yo fin bat nou nèt, men nou va retounen vin bati sou ranblè yo;” konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Yo va bati, men mwen va jete; konsa, moun va rele yo peyi mechan an, e pèp sou sila SENYÈ a fache pou tout tan an.”
5 Your own eyes will see it, and you'll say, 'Great is our Father—beyond Israel's borders!' Zye nou va wè sa e nou va di: “SENYÈ a gran, menm pi lwen lizyè Israël la!”
6 "A son honors his father, a servant his master. If I am a father, where is my honor? If a master, where is my respect? says the Father of heaven's armies to you priests who despise my name. But you ask, 'How have we despised your name?'" “Yon fis onore papa li, e yon sèvitè onore mèt li. Alò, si Mwen se yon papa, kote onè pa M nan? Epi si Mwen se yon mèt, kote respè M nan?” pale SENYÈ Dèzame yo a prèt yo ki meprize non Mwen an. “Men nou di: ‘Nan kisa nou te meprize non Ou an?’
7 "You put unclean food on my altar, then ask, 'How have we made you unclean?' By calling our Father's table despised. N ap ofri pen ki souye sou lotèl Mwen an. Men nou di: ‘Nan kisa nou te souye Ou a?’ Nan sa, n ap di: ‘Tab SENYÈ a meprizab.’
8 When you offer a blind animal, isn't that evil? Offer the lame and sick—isn't that evil? Present it to your governor—will he be pleased with you? Will he accept you?" says the Father of heaven's armies. Lè nou ofri bèt avèg kon sakrifis la, èske sa pa yon mal? Epi lè nou ofri bèt ki bwate, e ki malad la, èske sa pa yon mal? Poukisa nou pa ofri sa yo bay gwo chèf peyi a? Èske l ap kontan avèk nou? Oswa, èske se ak dousè ak kè kontan ke l ap aksepte nou?” pale SENYÈ Dèzame yo.
9 "Now plead with our Father to be gracious to us. With such offerings from your hands, will he accept any of you?" says the Father of heaven's armies. Men koulye a, chèche mande favè Bondye, pou Li kapab beni nou? Ak yon ofrann konsa, èske L ap aksepte okenn nan nou ak dousè? mande SENYÈ Dèzame yo.
10 "If only one of you would shut the doors, so you would not light useless fires on my altar! I take no pleasure in you," says the Father of heaven's armies, "and I will accept no offering from your hands. O ke te genyen youn nan nou pou ta fèmen pòt yo, pou nou pa ta chofe dife pou granmèsi sou lotèl Mwen an! “Mwen pa kontan avèk nou”, pale SENYÈ Dèzame yo. “Ofrann nan k ap sòti nan men nou, Mwen p ap aksepte l nonpli.
11 From sunrise to sunset my name will be great among the nations. Everywhere incense and pure offerings will be brought to my name, because my name will be great among the nations," says the Father of heaven's armies. Paske depi solèy la leve jis rive kote li kouche a, non Mwen va gran pami nasyon yo, e tout kote, lansan ak ofrann sereyal ki san tach va vin ofri a non Mwen. Paske non Mwen va gran pami nasyon yo,” pale SENYÈ Dèzame yo.
12 "But you desecrate it, saying the Sovereign Father's table is unclean and its food may be despised." “Men nou ap pwofane li lè nou di: ‘Tab SENYÈ a vin souye, fwi li, menm manje li vin meprizab.’
13 "You say, 'What a burden!' and snort at it in contempt," says the Father of heaven's armies. "You bring stolen, lame, and diseased animals as offerings—should I accept them from you?" says our Father. Nou di tou: ‘Gade, a la fatigan sa fatigan!’ Nou pa vle menm pran sant li,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Konsa, nou te pote sa ke yo te pran nan vyolans, sa ki te bwate ak sa ki te malad. Konsa menm, nou pote ofrann nan! Èske se sa ke Mwen ta dwe aksepte nan men nou an?” pale SENYÈ a.
14 "Cursed is the cheat who has a sound male in his flock and vows it, but sacrifices a defective animal to the Sovereign Father. For I am a great King," says the Father of heaven's armies, "and my name is to be feared among the nations." “Men malè pou sila k ap twonpe a, ki gen nan bann mouton li an, yon mal, ki fè sèman pou livre li, men ki anfen, fè sakrifis bay SENYÈ a ak yon bèt ki gen defo. Paske Mwen se yon gwo Wa,” pale SENYÈ Dèzame yo, “e non Mwen etonnan pami nasyon yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]