Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Malachi 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now, priests, this command is for you. “Alò, koulye a, prèt yo, lòd sa a se pou nou.
2 If you won't listen, or take it to heart to honor my name, says the Father of heaven's armies, I will send the curse on you and curse your blessings. I have already cursed them, because you don't take it to heart. Si nou pa koute e si nou pa pran sa a kè pou bay lonè a non Mwen”, pale SENYÈ dèzame yo, “alò, Mwen va voye malediksyon sou nou, e Mwen va fè benediksyon nou yo vin tounen malediksyon. Anverite, Mwen fin modi yo deja, akoz nou pa pran sa a kè.
3 I will rebuke your offspring and smear manure on your faces—the manure of your feasts—and you will be carried off with it. Gade byen, Mwen va fè repwòch nou rive jis sou desandan nou yo, e Mwen va gaye poupou sou figi nou, menm poupou a festen nou yo; epi nou va vin disparèt ansanm avè l.
4 Then you will know I sent this command to you, so my covenant with Levi stands, says the Father of heaven's armies. Konsa, nou va konnen ke Mwen te voye lòd sa a bannou, pou akò Mwen an kapab kontinye ak Lévi”, pale SENYÈ dèzame yo.
5 "My covenant with him was life and peace; I gave them to him to be held with reverence, and he revered me and trembled before my name. “Akò Mwen an avèk li se te akò pou lavi ak lapè. Mwen te bay li yo pou li ta kab vin gen lakrent anvè M; epi konsa, li te krent Mwen e te vin gen gwo lakrent pou non Mwen.
6 True instruction was in his mouth, no wrong on his lips. He walked with me in peace and integrity, and turned many from sin. Lalwa verite a te nan bouch li, e inikite pa t janm sou lèv li. Li te mache avè M nan lapè ak ladwati, e li te detounen anpil moun soti nan inikite.
7 A priest's lips guard knowledge, and people seek instruction from his mouth, for he is the messenger of the Father of heaven's armies. Paske lèv a yon prèt dwe gade konesans, e moun ta dwe chache lalwa soti nan bouch li. Paske li se mesaje a SENYÈ dèzame yo.
8 But you turned from the way and made many stumble by your instruction; you corrupted the covenant of Levi, says the Father of heaven's armies. Men pou nou menm, nou te detounen kite chemen an. Nou te koze anpil moun chite nan lalwa a. Nou te dezonore akò Lévi a,” pale SENYÈ dèzame yo.
9 So I made you despised and low before all the people, because you haven't kept my ways but shown favoritism in your instruction." “Akoz sa Mwen te fè nou vin meprizab tou, e vin imilye devan tout pèp la, akoz nou pa t gade chemen Mwen yo, men nou te nan patipri nan lalwa a.
10 Don't we all have one Father? Didn't one Father create us? Why betray each other, desecrating our fathers' covenant? Èske se pa yon sèl papa nou genyen? Èske se pa yon sèl Bondye a ki te kreye nou? Poukisa nou chak ap trayi pwòp frè nou, nan pwofane akò a papa zansèt nou yo?
11 Judah is unfaithful; a detestable thing is done in Israel and Jerusalem. Judah has desecrated our Father's holy place, which he loves, and married the daughter of a foreign god. Juda te aji nan enfidelite, e yon abominasyon te fèt an Israël ak Jérusalem; paske Juda te pwofane sanktyè a SENYÈ a, ke li renmen, e te vin marye ak fi a yon dye etranje.
12 May our Father cut off from Jacob's tents the man who does this—anyone at all—even one bringing an offering to the Father of heaven's armies. SENYÈ a va koupe retire nonm nan ki fè sa a, sila ki leve e sila ki reponn nan, soti nan tant a Jacob yo, oswa sila ki prezante ofrann a SENYÈ Dèzame yo.
13 And a second thing you do: you cover our Father's altar with tears, weeping and groaning, because he no longer regards the offering or accepts it gladly from your hand. “Men yon lòt bagay nou fè: nou kouvri lotèl SENYÈ a ak dlo k ap sòti nan zye nou, nan kriye ak plenyen, akoz Li pa konsidere ofrann yo ankò, ni aksepte yo ak favè ki soti nan men nou.
14 You ask, "Why?" Because our Father witnessed between you and the wife of your youth, whom you betrayed—though your companion, your wife by covenant. Malgre sa, nou di: ‘Pou ki rezon?’ Paske SENYÈ a te yon temwen antre nou menm ak madanm jenès nou an, kont sila nou te aji an trèt la, malgre li se konpanyen e madanm nou selon akò nou an.
15 Didn't the Father make you one with your wife? Body and spirit, you are his. And what does he want? Godly children from your union. So guard your spirit; let no one betray the wife of his youth. Éske Li pa t fè nou youn sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa youn sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a.
16 "For I hate divorce," says our Father, the Father of Israel, "and whoever covers his garment with violence," says the Father of heaven's armies. So guard your spirit; do not be unfaithful. Youn ki rayi epidivòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, ke nou pa enfidèl.
17 You have worn out our Father with your words. Yet you ask, "How have we worn him out?" By saying, "All who do evil are good in his sight, and he delights in them"—or, "Where is the Father of justice?" “Nou te fatige SENYÈ a ak pawòl nou yo. Malgre sa, nou di: ‘Nan kisa nou te fatige Li a?’ Paske n ap di: ‘Tout moun k ap fè mal, bon nan zye SENYÈ a, e Li pran plezi nan yo;’ oswa ‘Kote Bondye jistis la ye?’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]