Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Malachi 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Look, I am sending my messenger, and he will prepare the way before me. Then suddenly the Lord whom you are seeking will come to his temple—the messenger of the covenant in whom you delight. Look, he is coming, says the Father of heaven's armies. “Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo.
2 "But who can endure the day he comes? Who can stand when he appears? He is like a refiner's fire, like a launderer's soap. “Men se kilès k ap ka sipòte jou vini Li an? Oswa, se kilès k ap ka kanpe lè Li parèt la? Paske se va tankou dife nan founo a, e se va tankou savon lesiv.
3 He will sit refining and purifying silver; he will purify Levi's sons and refine them like gold and silver, and they will bring offerings to our Father in righteousness. Li va chita tankou yon bòs metal k ap pirifye ajan. Li va pirifye fis a Levi yo, e rafine yo tankou lò ak ajan, pou yo ka ofri bay SENYÈ a ofrann ladwati.
4 Then Judah and Jerusalem's offering will please our Father, as in days past, as in former years." Konsa, ofrann Juda ak Jérusalem yo va yon plezi pou SENYÈ a, tankou nan jou ansyen ak jou lontan yo.
5 I will come near to judge you, a swift witness against sorcerers, adulterers, those who swear falsely, who cheat the worker of his wages, oppress the widow and orphan, push aside the foreigner, and do not fear me, says the Father of heaven's armies. “Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.
6 For I, your Father, do not change; therefore you, children of Jacob, have not been destroyed. “Paske Mwen menm SENYÈ a, Mwen pa chanje. Se pou sa, nou menm, O fis a Jacob yo, nou pa t fin detwi nèt.
7 Since your ancestors' days you have turned from my statutes and not kept them. Return to me, and I will return to you, says the Father of heaven's armies. But you ask, 'How are we to return?' Depi nan jou a papa zansèt nou yo, nou te vire kite règleman Mwen yo, e nou pa t kenbe yo. Retounen vin jwenn Mwen, e Mwen va retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Men nou di: ‘Nan kisa nou va retounen vin jwenn Ou an?’
8 Will a person rob their Father? Yet you rob me. But you ask, 'How have we robbed you?' In the tenth and the offerings. “Èske yon nonm va vòlè Bondye? Men nou ap vòlè M! Men nou di: ‘Nan kisa nou te vòlè Ou a?’ Nan dim ak ofrann yo.
9 You are cursed with a curse, for you are robbing me—the whole nation of you. Nou vin modi avèk malediksyon an;. Paske nou ap vòlè Mwen; tout nasyon an nèt!
10 Bring the full tenth into the storehouse, so there's food in my house. Test me in this, says the Father of heaven's armies, and see if I won't open heaven's windows for you and pour out blessing for you until there's no more need. Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li.
11 I will rebuke the devourer for you, so it will not destroy your ground's fruit, and your vine in the field will not fail to bear, says the Father of heaven's armies. Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo.
12 Then all nations will call you blessed, for you will be a land of delight, says the Father of heaven's armies. “Tout nasyon yo va rele nou beni, paske nou va yon peyi byen bèl”, pale SENYÈ dèzame yo.
13 Your words were harsh against me, says our Father. But you ask, 'What have we said against you?' “Pawòl nou yo te di kont mwen.” Pale SENYÈ a. “Malgre sa, nou di: ‘Kisa nou te pale kont Ou yo?’
14 You said, 'Serving God is useless. What have we gained by keeping his charge and walking as mourners before the Father of heaven's armies?' “Nou te di: ‘Se an ven yo sèvi Bondye’; epi ‘Ki avantaj sa gen pou nou kenbe règleman Li yo, e pou nou mache lamante devan SENYÈ Dèzame yo?
15 Now we call the arrogant blessed. Those who do evil prosper; they even test God and escape. Koulye a, nou vin rele moun ògeye yo, ‘beni’. Non sèlman malfektè yo vin leve wo, men yo menm tante Bondye, e yo chape.’”
16 Then those who feared our Father spoke to one another, and he listened and heard. A scroll of remembrance was written before him for those who fear him and treasure his name. Answit, sila ki te gen lakrent SENYÈ yo te pale a youn lòt; konsa, SENYÈ a te prete zòrèy Li. Li te tande yo, e yon liv souvni te ekri devan Li pou sila ki te gen lakrent SENYÈ yo, e ki te bay gwo respè a non Li yo.
17 They will be mine, says the Father of heaven's armies, on the day I act, my treasured possession. I will spare them as a father spares his son who serves him. “Konsa, yo va vin pou Mwen”, pale SENYÈ Dèzame yo, “nan jou sa a ke M prepare posesyon Mwen an. Epi Mwen va fè yo gras menm jan yon nonm ta fè gras a pwòp fis k ap sèvi li a.”
18 Once more you will see the difference between the righteous and the wicked, between one who serves our Father and one who does not serve him. Konsa, nou va retounen pou nou byen konprann diferans la antre ladwati ak mal, antre sila k ap sèvi Bondye, ak sila ki p ap sèvi Li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]