Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I saw a scroll in the right hand of the one seated on the throne, written on both sides, sealed with seven seals. Mwen te wè nan men dwat a Sila ki te chita sou twòn lan, yon liv ki te ekri pa anndan kou pa deyò, sele avèk sèt so.
2 I saw a powerful angel calling out loudly, "Who is worthy to open the scroll and break its seals?" Mwen te wè yon zanj pwisan ki t ap pwoklame nan yon vwa fò: “Kilès ki dign pou louvri liv la, e kase so li yo?”
3 And no one in heaven, on earth, or under the earth could open the scroll or look inside it. Men pèsòn nan syèl la, sou tè a, oubyen anba tè a pa t kapab ouvri liv la oubyen gade ladann.
4 I wept hard, because no one was found worthy to open the scroll or look inside it. Alò, mwen te kòmanse kriye anpil, paske pèsòn pa t dign pou louvri liv la oubyen pou gade ladann.
5 Then one of the elders told me, "Stop weeping. See—the Lion of the tribe of Judah, the Root of David—Jesus—has conquered, so he can open the scroll and its seven seals." Epi youn nan ansyen yo te di m: “sispann kriye; gade byen, Lyon nan ki sòti nan tribi Juda a, Rasin a David la, te vin venkè. Li k ap ouvri liv la ak sèt so li yo.”
6 And between the throne and the four living creatures, and among the elders, I saw Jesus, the Lamb, standing as though he had been slain, with seven horns and seven eyes, which are the sevenfold Spirit of our Father sent out into all the earth. Konsa, mwen te wè antre twòn lan, avèk kat kreyati vivan, ak lansyen yo, yon Jèn Mouton te kanpe, kòmsi li te touye deja, avèk sèt kòn aksèt zye, ki se sèt Lespri a Bondye yo, ki te voye sou tout tè a.
7 He came and took the scroll from the right hand of the one seated on the throne. Li te vini, Li te pran liv la nan men dwat a Sila ki te chita sou twòn lan.
8 When he took the scroll, the four living creatures and twenty-four elders fell before the Lamb, each with a harp and gold bowls full of incense—the prayers of our Father's holy people. Lè L te pran liv la, kat kreyati vivan yo ak venn-kat ansyen yo te tonbe devan Jèn Mouton an, yo chak kenbe yon ap ak yon bòl fèt an lò ranpli avèk lansan, ki se te priyè a sen yo.
9 And they sang a new song, saying: "You are worthy to take the scroll and break open its seals, because you were slain, and with your blood you purchased people for our Father from every tribe and language and people and nation, Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di: “Dign se Ou menm pou pran liv la, e kase so li yo. Paske Ou te touye, e Ou te achte pou Bondye avèk san Ou; lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.
10 and you have made them a kingdom and priests to our Father, and they will reign on the earth." Ou te fè nou vin wa ak prèt yo a Bondye nou an; epi nou va renye sou tè a.”
11 I looked, and heard around the throne, the living creatures, and the elders, the voice of many angels—myriad upon myriad, thousands upon thousands, Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye,
12 saying with a loud voice: "Worthy is the Lamb who was slain to receive power and wealth and wisdom and might and honor and glory and blessing!" k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”
13 And every creature in heaven and on earth and under the earth and in the sea, and all that is in them, I heard saying: "To him who sits on the throne and to the Lamb be blessing and honor and glory and might forever and ever!" Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”
14 And the four living creatures said, "Amen!" and the elders fell down and worshiped. Epi kat kreyati vivan yo te kontinye ap di “Amen.” Epi lansyen yo te vin tonbe ba pou adore.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]