Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I watched Jesus, the Lamb, open one of the seven seals, and heard one of the four living creatures say, thunderously, "Come!" Alò, mwen te wè lè Jèn Mouton an te kase youn nan sèt so yo, e mwen te tande youn nan kat kreyati vivan yo t ap di avèk yon vwa tankou tonnè “Vini”.
2 I looked: a white horse, its rider holding a bow. Given a crown, he rode out conquering, to conquer. Mwen te gade, e vwala, yon cheval blan te vin parèt; epi Sila ki te chita sou li a te gen yon banza nan men l. Yon kouwòn te bay a li menm, e li te sòti ap venk moun e espwe pou venk moun.
3 When the Lamb opened the second seal, I heard the second living creature say, "Come!" Lè L te kase dezyèm so a, mwen te tande dezyèm kreyati vivan an t ap di: “Vini!”
4 Another fiery red horse came out. Its rider was authorized to take peace from the earth, making people kill each other, and given a great sword. Alò, yon lòt, yon cheval wouj te sòti. A sila ki te chita sou li a, sa te pèmèt pou l pran lapè soti sou tè a, e ke moun sa yo ta touye youn lòt. Yon gran nepe te mete nan men l.
5 When the Lamb opened the third seal, I heard the third living creature say, "Come!" I looked—a black horse, its rider with a pair of scales in hand. Lè Li te kase twazyèm so a, mwen te tande twazyèm kreyati vivan an, t ap di: “Vini pou wè!” Mwen te gade, e vwala, yon cheval nwa; e sila ki te chita sou li a te gen yon balans nan men l.
6 Among the four living creatures I heard something like a voice: "A quart of wheat for a day's wage, three quarts of barley for a day's wage—don't harm the oil and wine!" Konsa, mwen te tande yon bagay tankou yon vwa nan mitan kat kreyati vivan yo ki t ap di: “De gode ble pou yon denye, e sis gode lòj pou yon denye. Pa fè mal a lwil ak diven an.”
7 When the Lamb opened the fourth seal, I heard the fourth living creature's voice say, "Come!" Lè Jèn Mouton an te kase katriyèm so a, mwen te tande vwa a katriyèm kreyati vivan an ki t ap di “Vini pou wè”.
8 I saw a pale horse. Its rider was named Death, the grave following him. Death and the grave were given authority over a fourth of the earth, to kill by sword, famine, plague, and the earth's wild beasts. Mwen te gade, e vwala, yon cheval koulè gri tankou sann, epi sila ki te chita sou li a te gen non Lanmò. Konsa, Sejou Lanmò a t ap swiv li. Otorite te bay a yo menm sou yon ka latè pou yo touye avèk nepe, avèk gwo grangou, epidemi lapès, e avèk bèt sovaj latè yo.
9 When he opened the fifth seal, I saw under the altar the souls of those killed for our Father's word and the testimony they held. Lè Jèn Mouton an te kase senkyèm so a, mwen te wè anba lotèl la nanm a sila yo yo te touye akoz de pawòl Bondye a, e akoz de temwayaj ke yo te kenbe a.
10 They shouted, "How long, Sovereign Father, holy and true, until you judge and avenge our blood on earth-dwellers?" Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?”
11 Each was given a white robe, told to rest a little longer, until their fellow servants and brothers and sisters, to be killed as they were, were complete in number. Yo te ba yo chak yon vètman blan. Yo te di yo ke yo ta dwe repoze pou yon ti tan toujou, jiskaske kantite sèvitè parèy yo ak frè yo ta dwe vin touye menm jan ak yo, pou konplete kous pa yo.
12 I watched the Lamb open the sixth seal: a great earthquake struck, sun black as coarse haircloth, full moon like blood, Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san.
13 and heaven's stars fell to earth, like unripe figs a fig tree drops when shaken by strong wind. Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van.
14 The sky rolled back like a scroll, and every mountain and island was moved from its place. Syèl la te fann e separe tankou yon woulo papye lè l vin woule, e tout mòn ak lil yo te deplase kite plas yo.
15 Earth's kings, nobles, generals, rich, strong, every slave and free, hid in caves and mountain rocks. Alò, wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn.
16 They said to the mountains and rocks, "Fall on us, hide us from the face of God seated on the throne, and from the wrath of the Lamb! Epi yo te di a mòn ak wòch yo: “Tonbe sou nou, e kache nou pou nou pa wè prezans a Sila ki chita sou twòn nan, ak kòlè Jèn Mouton an.
17 For the great day of God's and the Lamb's wrath has come, and who can withstand it?" Paske gran jou kòlè a gen tan vini, e kilès ki kapab kanpe?”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]