Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After this I saw four angels standing at earth's four corners, holding its four winds so none would blow on land, sea, or any tree. Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.
2 Then I saw another angel rising from the east with the seal of our living Father. He shouted to the four angels given power to harm the earth and the sea, Mwen te wè yon lòt zanj ki t ap monte soti kote solèy la leve a, avèk so a Bondye vivan an. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa a kat zanj ki te gen pèmisyon pou fè mal a tè a ak lanmè a.
3 saying, "Don't harm the earth, sea, or trees until we've sealed our Father's servants on their foreheads." Li te di: “Pa fè tè a, lanmè a, oubyen pyebwa yo mal jiskaske nou fin sele sèvitè-atache Bondye nou yo sou fon yo.”
4 I heard the number of the sealed: 144,000, sealed from every tribe of the sons of Israel. Konsa, mwen te tande kantite a sila ki te sele yo, san-karant-kat-mil, sele soti nan chak tribi a fis Israël yo.
5 From the tribe of Judah 12,000 were sealed, from the tribe of Reuben 12,000, from the tribe of Gad 12,000, Nan tribi Juda a, douz-mil te sele, nan tribi Ruben an, douz-mil, nan tribi Gad la, douz-mil,
6 from the tribe of Asher 12,000, from the tribe of Naphtali 12,000, from the tribe of Manasseh 12,000, nan tribi Aser a, douz-mil, nan tribi Nephthali a, douz-mil, nan tribi Manassé a, douz-mil,
7 from the tribe of Simeon 12,000, from the tribe of Levi 12,000, from the tribe of Issachar 12,000, nan tribi Siméon an, douz-mil, nan tribi Levi a, douz-mil, nan tribi Issacar a, douz-mil,
8 from the tribe of Zebulun 12,000, from the tribe of Joseph 12,000, from the tribe of Benjamin 12,000 were sealed. nan tribi Zabulon an, douz-mil, nan tribi Joseph la, douz-mil, nan tribi Benjamin an, douz-mil te sele.
9 After this I saw a huge crowd no one could count, from every nation, tribe, people, and language, standing before the throne and before the Lamb, in white robes, palm branches in hand. Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo.
10 They cried out loudly, "Salvation belongs to our Father, seated on the throne, and to the Lamb!" Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”
11 All the angels stood around the throne, the elders, and the four living creatures, then fell facedown before the throne and worshiped our Father, Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye.
12 saying, "Amen! Blessing, glory, wisdom, thanks, honor, power, and might to our Father forever and ever! Amen." Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”
13 Then one of the elders asked me, "These dressed in white robes—who are they, and where have they come from?" Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”
14 I said, "My lord, you know." He said, "These come from the great tribulation; they washed their robes and whitened them in the Lamb's blood." Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.” Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an.
15 That's why they are before our Father's throne, serving him day and night in his temple; the one on the throne will shelter them. Pou rezon sa a, yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an. “Epi Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo.
16 They will hunger no more and thirst no more; the sun will not beat down on them, nor any scorching heat. “Yo p ap grangou ankò, ni swaf ankò. Ni solèy la p ap bat yo, ni okenn chalè;
17 For the Lamb at the center of the throne will shepherd them, and he will guide them to springs of living water; and our Father will wipe away every tear from their eyes. paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]