Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When the Lamb opened the seventh seal, there was silence in heaven for about half an hour. Lè Jèn Mouton an te ouvri setyèm so a, te gen silans nan syèl la pandan anviwon demi èdtan.
2 I saw the seven angels who stand before our Father, and seven trumpets were given to them. Epi mwen te wè sèt zanj ki kanpe devan Bondye, e yo te resevwa sèt twonpèt.
3 Another angel came, stood at the altar with a golden censer, and was given much incense to offer with all the saints' prayers on the golden altar before the throne. Yon lòt zanj te vin kanpe devan lotèl la. Li te kenbe yon lansanswa an lò. Anpil lansan te bay a li menm pou l ta kab ajoute sou lapriyè a tout sen ki te sou lotèl an lò ki te devan twòn nan.
4 The incense smoke, with the saints' prayers, rose before our Father from the angel's hand. Konsa, lafimen lansan an avèk lapriyè a tout sen yo te sòti nan men a zanj lan pou monte parèt devan Bondye.
5 The angel took the censer, filled it with altar fire, and threw it to earth: thunder, rumblings, lightning, an earthquake followed. Zanj lan te pran lansanswa a, liplen li avèk dife lotèl la, e voye l sou tè a. Sa te swiv ak gwo kout tonnè, gwo bri, kout eklè ak yon tranbleman detè.
6 Now the seven angels who held the seven trumpets prepared to sound them. Konsa, sèt zanj ki te gen sèt twonpèt yo te prepare yo pou sone yo.
7 The first angel blew his trumpet: hail and fire mixed with blood struck the earth. A third of the earth burned up, a third of the trees burned up, and all the green grass burned up. Premye a te sone, epi te vin parèt lagrèl ak dife tou mele avèk san, e yo te jete yo sou tè a. Epi yon tyè pati tè a te brile, yon tyè nan pyebwa yo te brile e tout zèb vèt yo te brile nèt.
8 The second angel trumpeted: something like a huge mountain, burning with fire, was hurled into the sea. A third of the sea became blood. Dezyèm zanj lan te sone, e yon bagay tankou yon gwo mòn k ap brile ak dife te jete nan lanmè a. Konsa yon tyè nan lanmè a te tounen san.
9 A third of the sea's living creatures died, and a third of the ships were destroyed. Yon tyè nan kreyati vivan ki te nan lanmè yo te mouri, e yon tyè nan bato yo te detwi.
10 The third angel blew his trumpet. A great star, burning like a torch, fell from heaven onto a third of the rivers and the springs of water. Twazyèm zanj lan te sone, epi yon gwo zetwal ki t ap brile tankou yon tòch te tonbe soti nan syèl la. Li te tonbe sou yon tyè nan larivyè ak sous dlo yo.
11 The star's name is Wormwood. A third of the waters turned bitter, and many people died from the waters because they'd turned bitter. Non a zetwal la se “Absinthe.” Yon tyè nan dlo yo te vin anmè, e anpil moun te vin mouri akoz dlo yo ki te vin anmè a.
12 The fourth angel trumpeted: a third of the sun, moon, and stars was struck, darkening a third; a third of the day had no light, and the night likewise. Katriyèm zanj lan te sone, epi yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.
13 Then I saw and heard an eagle flying overhead cry loudly: Woe, woe, woe to those living on earth, from the three angels' remaining trumpet blasts about to sound! Answit, mwen te gade e mwen te tande yon èg k ap vole nan mitan syèl la, ki t ap di nan yon gwo vwa: “Malè! Malè! Malè a sila ki rete sou latè yo, akoz son twonpèt a twa zanj ki toujou rete yo!”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]