Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The fifth angel trumpeted, and I saw a star fallen from heaven to earth, and he was given the key to the shaft of the abyss. Answit, senkyèm zanj lan te sone, e mwen te wè yon zetwal nan syèl la ki te tonbe sou tè a. Epi kle a fòs labim nan te bay a li menm.
2 He opened the abyss's shaft, and smoke rose like smoke from a great furnace; the sun and air were darkened by the shaft's smoke. Li te ouvri labim nan, e lafimen te sòti nan fòs la tankou lafimen a yon gwo founo. Solèy la avèk lè a te vin tounwa akoz lafimen ki sòti nan labim nan.
3 And locusts came from the smoke onto the earth, given power like earth's scorpions. Answit, krikèt te sòti nan lafimen an pou vini sou latè, epi yo te resevwa pouvwa, jan eskòpyon sou latè yo gen pouvwa a.
4 They were told not to harm the earth's grass, green plants, or trees—only people without our Father's seal on their foreheads. Yo te di yo pou yo pa fè zèb latè yo mal, ni okenn bagay vèt, ni okenn pyebwa, men sèlman moun ki pa gen so Bondye a parèt sou fon yo.
5 They were not permitted to kill them, but to torment them five months—torment like a scorpion's sting when it strikes someone. Konsa, yo pa t pèmèt yo touye pèsòn, men toumante yo pandan senk mwa. Epi toumant yo te tankou toumant a yon eskòpyon lè l pike yon moun.
6 In those days people will seek death and not find it, will long to die, but death will flee from them. Nan jou sa yo, moun va cheche lanmò, e yo p ap twouve l. Yo va anvi mouri e lanmò va sove ale kite yo.
7 The locusts resembled horses ready for war; on their heads were crowns like gold, and their faces were like human faces. Aparans a krikèt yo te tankou cheval ki prepare pou batay. Sou tèt yo te gen bagay tankou kouwòn an lò, e figi yo te tankou figi a moun.
8 They had hair like women's hair, and their teeth were like lions' teeth. Yo te gen cheve ki te tankou cheve a fanm, e dan yo te tankou dan lyon.
9 They had breastplates like iron, and their wings sounded like many horses and chariots rushing to battle. Yo te gen pwotèj lestonmak tankou pwotèj an fè, e bri a zèl yo te tankou bri cha a anpil cheval k ap kouri nan batay.
10 Their tails resembled scorpions and bore stingers; in them was power to harm people five months. Yo gen ke tankou eskòpyon, ak pikan. Epi nan ke yo, te gen pouvwa pou fè moun mal pandan senk mwa.
11 Their king is the angel of the abyss—Destruction in Hebrew, Apollyon in Greek. Yo gen kòm wa sou yo, zanj labim nan. Non li an Ebre se Abaddon, e an Grèk, li rele Apollon.
12 The first woe has passed; look, two more woes are still to come after these things. Premye malè a te gen tan fin pase. Gade byen, de malè ap toujou vini apre bagay sa yo.
13 Then the sixth angel blew his trumpet, and I heard a voice from the four horns of the golden altar before our Father, Answit, sizyèm zanj lan te sone. Mwen te tande yon vwa ki sòti nan kat kòn lotèl an lò ki devan Bondye a.
14 telling the sixth angel with the trumpet, "Free the four angels bound at the great river Euphrates." Youn t ap di a sizyèm zanj ki te gen twonpèt la: “Lage kat zanj ki mare bò kote gwo Larivyè Euphrate la.”
15 The four angels prepared for the hour, day, month, and year were released to kill a third of mankind. Epi kat zanj yo, ki te prepare ojis pou lè a, mwa a, jou ak lane a, te lage pou yo ta kapab touye yon tyè nan limanite.
16 The number of the troops of cavalry was 200 million; I heard their number. Kantite lame ki te sou cheval yo te de-san-milyon. Mwen te tande kantite yo a.
17 This is how I saw the horses in the vision and their riders: breastplates the color of fire, sapphire, and sulfur; the horses' heads were like lions' heads, and fire, smoke, and sulfur came out of their mouths. Konsa, mwen te wè nan vizyon an, cheval ak sila ki te chita sou yo a. Chevalye yo te gen pwotèj lestomak menm koulè ak dife, jasent, ak souf, e tèt cheval yo tankou tèt lyon. E se dife, lafimen ak souf ki t ap sòti nan bouch yo.
18 These three plagues killed a third of mankind—the fire, smoke, and sulfur from their mouths. Yon tyè limanite te vin touye pa twa fleyo sa yo; pa dife, lafimen, ak souf ki t ap sòti nan bouch yo a.
19 The horses' power is in their mouths and tails—their tails, like snakes, have heads, and with them they harm. Paske pouvwa a cheval yo se nan bouch yo ak nan ke yo. Paske ke yo tankou sèpan e yo gen tèt; e avèk yo, yo fè mal yo.
20 The rest of humanity, not killed by these plagues, still refused to turn from what their hands had made—worshiping demons and idols of gold, silver, bronze, stone, and wood, which can't see, hear, or walk. Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo.
21 Nor did they repent of their murders, their witchcraft, their sexual immorality, or their thefts. Ni yo pa t repanti nan asasine moun, ni nan fè wanga, ni imoralite, ni vòl yo te fè yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]