Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then I saw another mighty angel coming down from heaven, wrapped in a cloud, rainbow over his head, face like the sun, feet like fiery pillars. Mwen te wè yon lòt zanj byen fò ki t ap desann sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj. Yon lakansyèl la te sou tèt li. Figi li te tankou solèy la, e pye li yo tankou kolòn dife.
2 He held a small open scroll, set his right foot on the sea, his left on the land, Li te gen nan men l, yon ti liv ki te louvri. Li te plase pye dwat li sou lanmè a e pye goch li sou tè a.
3 and shouted like a roaring lion. When he shouted, seven thunder peals spoke. Konsa, li te kriye avèk yon gwo vwa, tankou lè yon lyon gwonde. Epi lè l fin kriye fò, sèt kout tonnè yo te reponn ak vwa yo.
4 When the seven peals of thunder spoke, I was about to write, but heard a voice from heaven: "Seal what they said; don't write it." Lè sèt kout tonnè yo te fin sonnen, mwen te prè pou ekri. Men mwen te tande yon vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sele bagay ke sèt kout tonnè yo te pale a. Pa ekri yo.”
5 Then the angel I saw standing on the sea and land raised his right hand to heaven, Answit, zanj ke m te wè kanpe sou lanmè ak sou tè a, te leve men dwat li vè syèl la,
6 and swore by our Father who lives forever and ever, who created heaven and all that is in it, the earth and all that is in it, and the sea and all that is in it: "No more delay! e li te sèmante pa Sila ki vivan pou tout tan e pou tout tan an. Sila ki te kreye syèl la ak bagay ladann yo, tè a ak bagay ladann yo, e lanmè a ak bagay ladann yo, ke p ap gen reta ankò,
7 When the seventh angel is about to sound his trumpet, our Father's mystery will be fulfilled, as he announced to his servant prophets." men nan jou vwa setyèm zanj lan, lè li prè pou sone, alò, mistè a Bondye fini, jan Li te anonse a sèvitè Li yo, menm pwofèt yo.
8 The voice from heaven spoke again: "Go, take the open scroll from the hand of the angel standing on sea and land." Answit, vwa ke m te tande nan syèl la, mwen te tande li te pale avè m ankò, e t ap di: “Ale pran liv ki ouvri a nan men a zanj ki kanpe sou lanmè a ak sou tè a”.
9 So I went to the angel, asking for the little scroll. He said, "Take and eat it. It will turn your stomach bitter, but in your mouth be sweet as honey." Donk, mwen te ale kote zanj lan, pou di l ban mwen ti liv la. Li te di mwen: “Pran l, e manje l. L ap fè vant ou anmè, men nan bouch ou, l ap dous tankou siwo myèl.”
10 I took the little scroll from the angel's hand and ate it. In my mouth, sweet as honey; but once eaten, my stomach turned bitter. Mwen te pran ti liv la nan men zanj lan, e mwen te manje l. Konsa, nan bouch mwen, li te dous tankou siwo myèl. Lè m te fin manje l, vant mwen te vin anmè.
11 Then they told me, "You must prophesy again about many peoples, nations, languages, and kings." Konsa, yo te di mwen: “Ou oblije pwofetize ankò konsènan anpil pèp, nasyon, lang, ak wa.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]