Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I was given a reed like a measuring rod, and told: "Get up and measure the temple of our Father, the altar, and those worshiping there. Answit, yo te ban mwen yon gòl pou mezire tankou yon baton, e youn te di: “Leve pou mezire tanp Bondye a, lotèl la ak sila ki adore ladann yo.
2 Leave out the courtyard outside the temple; don't measure it—it's given to the nations, and they'll trample the holy city forty-two months. Kite gran lakou ki deyò tanp lan. Pa mezire l, paske li te bay a nasyon yo. Konsa, yo va foule vil sen an anba pye yo pandan karant-de mwa.
3 I will empower my two witnesses, and they will prophesy 1,260 days, dressed in mourning clothes." “Mwen va bay otorite a de temwen mwen yo, e yo va pwofetize pandan mil-de-san-swasant jou abiye avèk twal sak.”
4 These are the two olive trees and the two lampstands standing before the Father of the earth. Sa yo se de pye doliv ak de chandelye ki kanpe devan Senyè latè a.
5 If anyone wants to harm them, fire pours from their mouths, devouring their enemies; anyone wanting to harm them must be killed this way. Si yon moun vle fè yo mal, dife va sòti nan bouch yo pou devore lènmi yo. Donk si yon moun vle fè yo mal, li dwe vin touye nan fason sa a.
6 These have authority to shut the sky so no rain falls while they prophesy, and authority over the waters to turn them to blood, and strike the earth with every plague whenever they want. Sa yo gen pouvwa pou fèmen syèl la pou lapli pa tonbe pandan jou pwofesi yo a. Yo gen pouvwa sou dlo pou fè yo tounen san, e pou frape latè avèk tout kalite fleyo, nenpòt lè yo ta vle.
7 When they finish testifying, the beast rising from the abyss will wage war on them, defeat them, and kill them. Lè yo fini temwayaj yo, bèt ki sòti nan labim nan va fè lagè avèk yo e venk yo pou touye yo.
8 Their bodies will lie in the great city's street, figuratively called Sodom and Egypt, where their Lord—Jesus—was also crucified. Konsa, kadav yo va rete nan lari gran vil ki nan lespri a yo rele Sodome e Égypte la, kote osi Senyè yo a te krisifye a.
9 Some from every people, tribe, language, and nation look at their bodies three and a half days and refuse them a tomb. Sila ki soti nan pèp yo, tribi yo, lang ak nasyon yo va gade kadav pa yo pandan twa jou edmi, e li p ap pèmèt pou kadav yo mete nan tonbo.
10 Earth's residents gloat over them and celebrate, and will send each other gifts, because these two prophets tormented earth's residents. Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.
11 After the three and a half days, life-breath from our Father entered them, they stood on their feet, and great fear fell on those watching them. Men apre twa jou edmi yo, souf lavi soti nan Bondye te vini sou yo, yo te kanpe sou pye yo, e gwo laperèz te vin tonbe sou tout sila ki t ap gade yo.
12 They heard a loud voice from heaven tell them, "Come up here." They went up to heaven in the cloud, and their enemies watched them. Epi yo te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di yo: “Vin monte isit la.” Konsa yo te monte nan syèl la nan nwaj la, e menm lènmi yo te gade yo.
13 At that hour a great earthquake struck; a tenth of the city fell, 7,000 people killed in it, and the rest, terrified, gave glory to our Father in heaven. Epi nan lè sa a, te gen yon gwo tranbleman detè, e yon dizyèm pati nan vil la te tonbe. Sèt-mil moun te mouri nan tranbleman detè a, e rès moun yo te vin ranpli avèk laperèz e te bay glwa a Bondye syèl la.
14 The second woe has passed; look, the third woe is coming soon. Dezyèm malè a gen tan pase. Gade byen, twazyèm malè a ap vini byen vit.
15 Then the seventh angel sounded his trumpet, and loud voices in heaven said: "The kingdom of the world has become the kingdom of our Father and of his Christ, and he will reign forever and ever." Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”
16 The twenty-four elders, seated on their thrones before our Father, fell on their faces and worshiped him, Venn-kat ansyen yo, ki chita sou twòn pa yo devan Bondye, te tonbe sou figi yo pou adore Bondye.
17 saying: "We thank you, Sovereign Father Almighty, who is and who was, because you have taken your great power and begun to reign. E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.
18 The nations raged, but your wrath has come, and the time for the dead to be judged, and to reward your servants the prophets and the saints and those who fear your name, both small and great, and to destroy those who destroy the earth." “Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”
19 Then the temple of our Father in heaven opened, and the ark of his covenant appeared inside. Then came lightning, rumblings, thunder, an earthquake, and heavy hail. Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]