Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 A great sign appeared in heaven: a woman dressed in the sun, moon under her feet, a crown of twelve stars on her head. Yon gwo sign te vin parèt nan syèl la: yon fanm abiye avèk solèy la, ak lalin nan anba pye li, e sou tèt li, yon kouwòn douz etwal.
2 She was pregnant and crying out in birth pains, in the agony of giving birth. Li te gwo ansent e te kriye fò ak tranche ak doulè pou l akouche.
3 Then another sign appeared in heaven: a huge fiery-red dragon with seven heads, ten horns, and seven crowns on its heads. Answit, yon lòt sign te parèt nan syèl la. Gade byen, yon gwo dragon wouj avèk sèt tèt ak dis kòn, e sou tèt li yo te gen sèt kouwòn.
4 His tail dragged a third of heaven's stars to earth. The dragon stood before the woman about to give birth, ready to devour her child the moment it was born. Konsa, ke li te baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te jete yo sou latè. Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a.
5 She bore a son, a male child—Jesus—who will rule all nations with an iron rod. But her child was caught up to our Father and his throne. Konsa, li te fè yon fis, yon pitit mal, ki gen pou gouvène tout nasyon yo avèk yon baton fè. Pitit li a te rale monte kote Bondye, e anvè twòn Li an.
6 The woman fled to the wilderness, to a place our Father prepared, to be fed there 1,260 days. Answit fanm nan te sove ale nan dezè a kote li te gen yon plas prepare pa Bondye, pouke la, li ta kapab nouri pandan mil-de-san-swasann jou.
7 War broke out in heaven: Michael and his angels fought the dragon, and the dragon and his angels fought back. Epi te gen lagè nan syèl la. Michel avèk zanj li yo t ap fè lagè avèk dragon an. Dragon an avèk zanj pa li yo t ap fè lagè.
8 But he was not strong enough, and they lost their place in heaven. Men yo pa t reyisi genyen. Konsa, yo pa t jwenn plas ankò nan syèl la.
9 The great dragon—the ancient serpent called the devil and Satan, deceiver of the whole world—was hurled to the earth, his angels with him. Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.
10 Then I heard a loud voice in heaven: 'Now our Father's salvation, power, and kingdom have come, and his Christ's authority. For the accuser of our brothers and sisters, who accuses them before our Father day and night, was thrown down.' Answit mwen te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di: “Koulye a delivrans lan, pwisans lan, wayòm Bondye nou an, ak otorite Kris Li a te vini an. Paske akizatè a frè nou yo jete anba; Sila ki te konn akize yo devan Bondye nou an lajounen kon lannwit lan.
11 They overcame him through the blood of the Lamb and through the word of their testimony; they did not cling to their own lives, even to the point of death. Yo te venk li akoz san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò.
12 Therefore rejoice, you heavens and you who live in them! But woe to the earth and the sea, because the devil has come down to you in great fury, knowing that his time is short. “Pou rezon sa a, rejwi nou o syèl, ak nou menm ki demere ladann yo. Malè a tè a ak lanmè a paske dyab la gen tan desann sou nou avèk gwo kòlè, akoz li konnen tan li an vrèman kout.”
13 Seeing he was thrown to earth, the dragon pursued the woman who bore the male child. Alò, lè dragon an te wè ke li te jete anba sou latè, li te pèsekite fanm ki te bay nesans a pitit mal la.
14 The woman received the great eagle's two wings, to fly to the place prepared for her in the wilderness, where she would be nourished for a time, times, and half a time, out of the serpent's reach. Men de zèl a gwo èg la te bay a fanm nan pou li ta kapab vole rive nan dezè a nan pwòp plas li, kote li te nouri pandan yon ti tan, tan ak mwatye tan, lib de prezans sèpan an.
15 The serpent spewed water like a river from his mouth after the woman, to sweep her away in the flood. Konsa, sèpan an te vide yon dlo sòti nan bouch li tankou yon rivyè dèyè fanm nan, pou li ta kapab baleye l avèk lavalas dlo.
16 Earth helped the woman, opening its mouth to swallow the river the dragon spewed from his mouth. Men tè a te ede fanm nan. Tè a te louvri bouch li e te bwè tout larivyè dlo ke dragon an te vide soti nan bouch li a.
17 Enraged at the woman, the dragon went to war against the rest of her offspring—those who keep our Father's commandments and hold to Jesus' testimony. Donk, dragon a te vin anraje avèk fanm nan. Konsa, li te ale pou fè lagè avèk rès pitit li yo ki kenbe kòmandman Bondye yo, e ki kenbe temwayaj a Jésus a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]