Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The dragon stood on the sea's sand. I saw a beast rising from the sea, with ten horns and seven heads, ten crowns on its horns, and names insulting God on its heads. Dragon an te kanpe sou sab lanmè a. Mwen te wè yon bèt ki sòti nan lanmè a, avèk dis kòn, ak sèt tèt. Sou kòn li yo, te gen dis kouwòn, e sou tèt li te gen non blasfematè yo.
2 The beast I saw was like a leopard, its feet like a bear's, its mouth like a lion's. The dragon gave it his power, his throne, and great authority. Bèt ke m te wè a te tankou yon leyopa. Pat li yo te tankou pat a yon lous, e bouch li te tankou bouch a yon lyon. Konsa, dragon an te ba li pouvwa li a, twòn li an, ak gran otorite.
3 One of its heads seemed fatally wounded, but the wound healed. The whole earth was amazed and followed the beast. Mwen te wè youn nan tèt li yo kòmsi li te fin touye, e blese fatal li a te fin geri. Tout latè te etone, e yo te swiv bèt la.
4 They worshiped the dragon for giving the beast his authority, and worshiped the beast, asking, "Who is like the beast? Who can fight it?" Yo te adore dragon an paske li te bay otorite a bèt la, epi yo te adore bèt la. Yo t ap di: “Kilès ki tankou bèt la, e kilès ki kapab fè lagè avè l?”
5 The beast was given a mouth to speak boasts and insults against God, and was given authority to act forty-two months. Li te resevwa yon bouch pou pale pawòl ki awogan yo avèk blasfèm, e li te resevwa otorite pou aji pandan karant-de mwa.
6 It opened its mouth to insult our Father—to insult his name and his dwelling, those who dwell in heaven. Li te ouvri bouch li ak blasfèm yo kont Bondye, pou blasfeme non Li ak tabènak Li a, ak sila ki rete nan syèl yo.
7 It was given to make war on the holy ones and conquer them, and given authority over every tribe, people, language, and nation. Pouvwa a te osi bay a li menm pou fè lagè avèk sen yo, e pou venk yo. Epi otorite sou chak tribi, pèp, lang, ak nasyon, te vin bay a li menm.
8 Everyone living on earth will worship it, except those whose names have been written in the Lamb's book of life before the foundation of the world—the Lamb who was slain. Tout moun ki viv sou tè a va adore l, tout moun ke non yo pa ekri depi nan fondasyon mond lan, nan liv lavi a Jèn Mouton ki te touye a.
9 If anyone has an ear, let him hear. Si yon moun gen yon zorèy, kite l tande.
10 If anyone is destined for captivity, into captivity he goes; if anyone is to be killed with the sword, with the sword he must be killed. Here is the endurance and the faith of the holy ones. Si yon moun gen pou ale an kaptivite, an kaptivite li prale. Si yon moun dwe touye avèk nepe, avèk nepe, li va touye. Se konsa ak lafwa ak pèseverans a sen yo.
11 Then I saw another beast rise from the earth. It had two horns like a lamb, but spoke like a dragon. Answit, mwen te wè yon lòt bèt ki t ap vin sòti anba tè a. Li te gen de kòn tankou yon jenn mouton, e li te pale tankou yon dragon.
12 It wields all the first beast's authority on its behalf, making the earth and its people worship the first beast, whose deadly wound was healed. Li egzèse tout otorite a premye bèt la nan prezans li. Epi li fè tè a avèk sila ki rete ladann yo adore premye bèt, ki te gen blese fatal ki te geri a.
13 It performs great signs, even making fire come down from heaven to earth in front of people. Li fè gwo sign, jis pou fè dife sòti nan syèl la rive sou tè a devan prezans a moun yo.
14 By the signs it was allowed to perform on behalf of the beast, it deceives those living on earth, telling them to make an image for the beast wounded by the sword and yet lived. E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen blese nepe a, e ki te viv.
15 It was allowed to give breath to the beast's image, so the image could even speak, and cause all who refuse to worship the beast's image to be killed. Konsa, pouvwa a te bay a li menm pou bay souf a imaj bèt la, pou imaj a bèt la ta kapab menm pale e fè tout sila ki refize adore bèt la touye.
16 It compels everyone—small and great, rich and poor, free and slave—to take a mark on their right hand or forehead, Konsa, li koze tout moun, piti kon gran, rich kon malere, moun lib kon esklav, vin resevwa yon mak sou men dwat oswa sou fon yo,
17 so that no one can buy or sell without the mark: the beast's name, or the number of that name. pou pèsòn pa kapab ni achte ni vann, eksepte sila ki pote mak la, ki se non a bèt la oswa chif non li an.
18 This calls for wisdom: let the one with insight calculate the number of the beast, for it is the number of a man—666. Men sajès. Kite sila ki gen bon konprann nan, kalkile chif a bèt la, paske chif la se sa ki pou yon moun. E chif li a se sis-san-swasann-sis.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]