Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I saw the Lamb, Jesus, standing on Mount Zion, with 144,000 having his name and his Father's name written on their foreheads. Answit, mwen te gade! Vwala, Jèn Mouton an te kanpe sou Mòn Sion. Ansanm avèk li, te gen san-karant-kat-mil, ki pote non L ak non a Papa Li, ekri sou fon yo.
2 I heard a voice from heaven like many waters roaring and like loud thunder, and the voice I heard was like harpists playing their harps. Mwen te tande yon son soti nan syèl la, tankou son anpil dlo ak son a gwo kout tonnè. Vwa ke m tande a te tankou sila k ap jwe ap yo.
3 They sang a new song before the throne, four living creatures, and elders; only 144,000 rescued from earth could learn it. Epi yo te chante yon chan tounèf devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ak ansyen yo. E pèsòn pa t kapab aprann chan an, eksepte san-karant-kat-mil ki te achte, soti sou tè a.
4 These are those not made unclean with women, for they are virgins. They follow Jesus, the Lamb, wherever he goes; bought from mankind, firstfruits for our Father and the Lamb, Sa yo se sila ki pa t souye pa fanm yo, paske se vyèj yo ye. Sa yo se sila ki swiv Jèn Mouton an tout kote Li ale. Sa yo te achte pami lòm kòm premye fwi pou Bondye, e pou Jèn Mouton an.
5 and no lie was found in their mouths; they are blameless. Epi manti pa t twouve nan bouch yo; yo te san repwòch.
6 I saw another angel flying overhead with an eternal gospel to proclaim to earth's residents—every nation, tribe, language, and people. Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk yon levanjil etènèl pou preche a sila ki viv sou latè yo, a tout nasyon, tribi, langaj, ak pèp.
7 He cried loudly, "Fear our Father, give him glory, for his judgment hour has come. Worship the maker of heaven, earth, sea, and springs of water." Konsa, li te di avèk yon vwa fò: “Gen lakrent pou Bondye, e ba Li glwa, paske lè jijman Li an gen tan vini. Adore Sila ki te fè syèl la, tè a, lanmè a, ak sous dlo yo.”
8 Second angel followed: "Fallen, fallen is Babylon the great, who made all nations drink the wine of her sexual sin's passion." Yon lòt zanj, yon dezyèm, te swiv, e t ap di: “Tonbe, tonbe, gran Babylone nan, Sila ki te fè tout nasyon yo bwè diven pasyon imoralite li a.”
9 A third angel followed, shouting, "Whoever worships the beast and its image and takes a mark on their forehead or hand. Answit, yon lòt zanj, yon twazyèm, te swiv yo e t ap di avèk yon vwa ki fò: “Si yon moun adore bèt la avèk limaj li a, e resevwa yon mak sou fon li oubyen sou men l,
10 He too will drink the wine of our Father's wrath, undiluted in the cup of his anger, and be tormented with fire and sulfur before the holy angels and the Lamb. li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an.
11 Their torment's smoke rises forever and ever; no rest day or night for those worshiping the beast and its image, or receiving its name's mark." Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa mak non li an.
12 Here is the holy ones' endurance: those keeping our Father's commandments and holding their faith in Jesus. Men isit, pèseverans a sen ki kenbe kòmandman Bondye yo avèk lafwa yo nan Jésus.
13 I heard a voice from heaven: "Write: Happy are the dead who die in the Lord from now on." "Yes," says the Holy Spirit, "they rest from their labors, for their deeds follow them." “Mwen te tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki t ap di: “Ekri, ‘Beni se mò ki mouri nan Senyè a depi koulye a!’”: “Wi”, di Lespri a, “pou yo kapab repoze de travay yo, paske zèv pa yo ap swiv yo.”
14 I looked: a white cloud, and seated on it one like a son of man—Jesus—a gold crown on his head, a sharp sickle in his hand. Answit, mwen te gade, e vwala, yon nwaj blan, epi chita sou nwaj la, se yon moun tankou yon fis a Lòm, avèk yon kouwòn an lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li.
15 Another angel came out of the temple, calling loudly to the one seated on the cloud: "Put in your sickle and reap; the hour to reap has come, earth's harvest is fully ripe." Konsa, yon lòt zanj te vini sòti nan tanp lan, e t ap kriye nan yon vwa fò a Sila ki te chita sou nwaj la: “Mete kouto digo a ladann pou rekòlte, paske lè rekòlt la rive. Mwason latè a mi.”
16 So the one on the cloud swung his sickle over the earth, and the earth was harvested. Answit, Sila ki te chita sou nwaj la te voye kouto digo a sou sifas tè a, epi tè a te rekòlte.
17 Then another angel came out of the temple in heaven, and he too had a sharp sickle. Yon lòt zanj te sòti nan tanp ki nan syèl la, e li menm tou te gen yon kouto digo byen file.
18 Another angel, with authority over the fire, came from the altar and cried loudly to the one holding the sharp sickle: "Send your sharp sickle and gather the clusters from earth's vine, for its grapes are ripe." Konsa, yon lòt zanj ankò, sila ki gen pouvwa sou dife a, te sòti nan lotèl la. Li te rele avèk yon vwa fò a sila ki te gen kouto digo file a. Li te di: “Mete kouto digo file ou ladann. Ranmase grap sou pye rezen latè yo, paske fwi li yo mi.”
19 The angel thrust his sickle into the earth, harvested earth's vine, and threw it into our Father's great winepress of wrath. Zanj lan te voye kouto digo li a sou tè a. Li te ranmase grap sou pye rezen tè yo, e te jete yo nan gwo pèz diven kòlè Bondye a.
20 The winepress was trampled outside the city, and blood flowed from the winepress as high as a horse's bridle for about 180 miles. Konsa, basen pèz diven an te foule anba pye deyò vil la, e san te sòti nan pèz diven an, rive nan brid cheval la pou yon distans de twa-san kilomèt.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]