Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After this I looked: a door stood open in heaven. The first voice I'd heard, like a trumpet speaking to me, said, "Come up here, and I'll show you what must happen after this." Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon pòt ki louvri nan syèl la. Premye vwa m te tande a te tankou son yon twonpèt k ap pale avè m, ki t ap di: “Monte isit la, e mwen va montre ou sa ki dwe rive apre bagay sa yo.”
2 Instantly I was in the Spirit, and a throne stood in heaven, someone seated on it. La menm, mwen te nan Lespri a. Epi gade byen, yon twòn te kanpe nan syèl la, e yon moun te chita sou twòn nan.
3 The one seated looked like jasper and carnelian, and a rainbow like an emerald encircled the throne. Epi Sila ki te chita a te gen aparans yon pyè jasp ak yon sadwàn. Konsa, te gen yon lakansyèl ozanviwon de twòn lan, ak aparans yon emwòd.
4 Twenty-four thrones surrounded the throne; on them sat twenty-four elders in white, gold crowns on their heads. Ozanviwon de twòn lan se te venn-kat twòn: epi ozanviwon de twòn yo, mwen te wè venn-kat ansyen yo chita, abiye an vètman blan, e kouwòn an lò sou tèt yo.
5 Lightning, rumblings, and thunder came from the throne. Seven fiery torches burned before it—the sevenfold Spirit of our Father. Sòti nan twòn nan se te gwo kout ekleraj, gwo son loraj, ak gwo kout tonnè. Konsa, te gen sèt lanp dife ki t ap brile devan twòn nan, ki se sèt Lespri Bondye yo.
6 Before the throne was something like a sea of glass, clear as crystal. Around the throne, on each side, were four living creatures covered with eyes front and back. Epi devan twòn nan, te gen yon bagay tankou yon lanmè glas kristal. Nan mitan e ozanviwon de twòn lan, kat kreyati vivan ranpli avèk zye pa devan kou pa dèyè.
7 The first living creature like a lion, the second living creature like an ox, the third living creature with a human face, the fourth living creature like a flying eagle. Premye kreyati a te tankou yon lyon, dezyèm kreyati a te tankou yon ti towo bèf, twazyèm kreyati a te gen yon figi tankou yon moun, e katriyèm kreyati a te tankou yon èg k ap vole anlè.
8 The four living creatures, each with six wings, are full of eyes around and within. Without rest, day and night, they say: "Holy, holy, holy is the Sovereign Father Almighty, who was and is and is to come!" Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”
9 Whenever the living creatures give glory, honor, and thanks to him seated on the throne, who lives forever and ever, Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an,
10 the twenty-four elders fall before the one seated on the throne, worship the one living forever and ever, and cast their crowns before the throne, saying, venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di:
11 "You are worthy, our Father to receive glory and honor and power, for you created all things, and by your will they existed and were created." “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]