Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "To the angel of the church in Sardis write: The one holding the seven Spirits of our Father and the seven stars says: I know your works. You have a name for being alive, but you are dead. “A zanj legliz nan Sardes la, ekri: Sila ki gen sèt Lespri Bondye ak sèt zetwal yo, di sa a: Mwen konnen zèv nou yo, ke nou gen repitasyon ke nou vivan, men nou mouri.
2 "Wake up! Strengthen what is left and about to die, for I have not found your works finished before my Father. Reveye nou, e ranfòse bagay ki rete yo, ke ou te prèt pou jete deyò; paske Mwen pa twouve zèv nou yo konplè nan zye Bondye.
3 So remember how you received and heard; keep it, and turn back. If you don't stay awake, I'll come like a thief, and you won't know what hour I come to you. Donk, sonje sa nou te resevwa e tande a. Kenbe l e repanti. Konsa, si nou pa reveye nou, Mwen va vini tankou yon vòlè, e nou p ap konnen a kilè Mwen va vini sou nou an.
4 But you have a few in Sardis who haven't stained their clothes; they will walk with me in white, for they are worthy. “Men nou gen kèk moun nan Sardes ki pa t sal vètman yo. Yo va mache avèk Mwen abiye an blan, paske yo dign de sa.
5 The conqueror will be dressed like them in white, and I will never wipe his name from the book of life. I will acknowledge his name before my Father and before his angels. “Sila ki vin venkè a va abiye konsa, an vètman blan. Mwen p ap janm efase non li nan liv lavi a, e Mwen va konfese non li devan Papa M ak devan zanj Li yo.
6 Whoever has an ear, let him hear what the Holy Spirit says to the churches. Sila ki gen yon zòrèy, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo.
7 "And write to the angel of the church in Philadelphia: The holy one, the true one, who holds David's key, who opens and no one shuts, who shuts and no one opens, says this: “A zanj legliz nan Philadelphie a, ekri: Sila ki sen an, ki vrè a, ki gen kle David la, k ap louvri pou pèsòn p ap ka fèmen l, e ki fèmen pou pèsòn p ap ka louvri a, di konsa:
8 "I know your works. Look, I've put an open door before you that no one can shut, because you have little power, yet kept my word and didn't deny my name. Mwen konnen zèv nou yo. Gade byen, Mwen mete devan nou yon pòt louvri ke pèsòn pa kab fèmen, paske nou gen yon ti pouvwa, epi nou te kenbe pawòl Mwen, e pa t nye non Mwen.
9 I will give some from Satan's synagogue—who call themselves Jews but are not; they lie—I will make them come and bow before your feet, and know I have loved you. Gade byen, Mwen va koze sila ki nan sinagòg Satan yo, ki di ke yo se Jwif, men ki pa sa a, kap manti—Mwen va fè yo vin bese nan pye nou, e fè yo konnen ke Mwen renmen nou.
10 Because you kept my word of endurance, I too will keep you from the hour of trial coming on the whole world to test those living on earth. “Paske nou kenbe pawòl pèseverans Mwen an, Mwen va kenbe nou osi nan lè eprèv la, lè ki prèt pou vini sou tout mond lan pou pase a leprèv tout sila ki rete sou latè yo.
11 I am coming soon. Hold fast what you have, so that no one may seize your crown. “Mwen ap vini vit! Kenbe fèm a sa nou genyen an, jis pou pèsòn pa rache kouwòn nou an.
12 Whoever conquers, I will make him a pillar in my Father's temple, and he will never leave it. On him I will write my Father's name, and the name of my Father's city, the new Jerusalem coming down out of heaven from my Father, and my new name. “Sila ki venkè a, Mwen va fè li vin yon pilye nan tanp a Bondye Mwen an. Konsa, li p ap sòti deyò ankò, e Mwen va ekri sou li non a Bondye Mwen an, ak non a gran vil Bondye Mwen an, Jérusalem tounèf la, ki desann soti nan syèl, de Bondye Mwen, avèk non tounèf Mwen an.
13 Whoever has an ear, let him hear what the Holy Spirit says to the churches. “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo”.
14 "To the angel of the church in Laodicea write: The Amen says, the faithful and true witness, the beginning of our Father's creation. “A zanj legliz nan Laodicée a, ekri: Amen lan, Fidèl e Vrè Temwen lan, Kòmansman kreyasyon Bondye la, di konsa:
15 "I know your works: you are neither cold nor hot. I wish you were cold or hot! Mwen konnen zèv nou yo, ke nou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito ke nou te frèt oswa cho.
16 So, because you are lukewarm—neither hot nor cold—I am about to spit you out of my mouth. “Donk, paske nou tyèd, e nou pa cho ni frèt, Mwen va krache nou sòti nan bouch Mwen.
17 Because you say, 'I'm rich, I've grown wealthy, and need nothing,' unaware you are miserable, pitiful, poor, blind, and naked. Paske nou di: “Mwen rich! Mwen gen tan ranmase yon fòtin, e mwen pa bezwen anyen”; men nou pa konnen ke nou se malere, mizerab, pòv, avèg, e toutouni.
18 I advise you: buy from me fire-refined gold, so you become rich; white clothes to wear, so your naked shame isn't exposed; and ointment for your eyes, so you can see. “Konsa, mwen konseye nou achte nan men Mwen lò ki rafine nan dife pou nou kapab vin rich, e vètman blan pou mete sou nou pou wont toutouni nou an pa vin parèt; ak pomad zye pou nou pase nan zye nou pou nou kapab vin wè.
19 Those whom I love, I rebuke and discipline. So be earnest and repent. “Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.
20 Look! I stand knocking at the door. Whoever hears my voice and opens the door, I'll come in to him, eat with him, and he with me. “Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.
21 Whoever conquers I will seat with me on my throne, as I also conquered and sat with my Father on his throne. “Sila ki venkè a, Mwen va lèse l vin chita avè M sou twòn Mwen an, jan Mwen menm tou te vin venkè a, e te vin chita avèk Papa M sou twòn Li an.
22 Whoever has an ear, let him hear what the Holy Spirit says to the churches." “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo”.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]