Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "To the angel of the church in Ephesus write: The one holding the seven stars in his right hand, walking among the seven golden lampstands, says this: “A zanj nan legliz Éphèse la, ekri: Sila ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat Li a, Sila ki mache pami sèt chandelye fèt an lò yo, di sa a:
2 "I know your works, your labor, and your endurance, and that you cannot bear the wicked; you tested those calling themselves apostles but are not, and found them liars. “Mwen konnen zèv nou yo, travay di nou an, ak pèseverans nou, ke nou pa kapab tolere moun mechan, e nou te pase an eprèv sa yo ki rele tèt yo apòt, lè l pa t vrè, epi te twouve yo fo.
3 You have endured and borne up for my name, and have not grown weary. Nou gen pèseverans ak andirans pou koz a non Mwen, e nou pa t bouke.
4 But I have this against you: you have abandoned the love you had at first. “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou kite premye lanmou nou an.
5 So remember where you've fallen from; repent and do your first works. Otherwise I'm coming to you to remove your lampstand from its place—unless you repent. Alò, sonje kote nou te tonbe a, epi repanti e fè zèv ke nou te fè avan yo; sinon Mwen ap vini kote nou pou retire chandelye nou an nan plas li, amwenske nou repanti.
6 But you do have this: you hate the works of the Nicolaitans, which I also hate. Poutan nou genyen sa a, ke nou rayi zèv Nikolayityen yo, ke Mwen menm, Mwen rayi tou.
7 Whoever has an ear, let him hear what the Holy Spirit says to the churches. To the one who conquers I will give to eat from the tree of life in the paradise of our Father. “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.
8 "To the angel of the church in Smyrna write: The first and the last, who died and lived again, says this: “A zanj legliz Smyrne lan, ekri: Premye ak dènye a, ki te mouri an, e ki te retounen a lavi a, di sa a:
9 "I know your suffering and poverty—yet you are rich—and slander from those claiming to be Jews but are not, Satan's synagogue. Mwen konnen tribilasyon ak povrete nou (men nou rich); epi blasfèm pa sila ki di yo se Jwif men ki pa sa yo, men ki se yon sinagòg pou Satan.
10 Don't fear what you're about to suffer. The devil will throw some of you in prison to test you; you'll suffer ten days. Be faithful to death, and I'll give you the crown of life. “Pa pè pou sa nou prèt pou soufri yo. Veye, dyab la prèt pou voye kèk nan nou nan prizon, pou nou kab pase a leprèv, e nou va gen tribilasyon pandan di jou. Rete fidèl jiska lanmò, e mwen va bannou kouwòn lavi a.
11 Whoever has an ear, let him hear what the Holy Spirit tells the churches. Whoever conquers won't be hurt by the second death. “Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. Sila ki venkè a, p ap soufri donmaj pa dezyèm lanmò a.
12 "To the angel of the church in Pergamum write: These are the words of him who has the sharp, two-edged sword: “A zanj legliz nan Pergame nan, ekri: Sila a ki gen nepe file de bò a, di sa a:
13 "I know where you live—where Satan's throne is. Yet you hold to my name and never denied your faith in me, even when Antipas, my faithful witness, was killed among you, where Satan lives. Mwen konnen kote nou rete, kote twòn a Satan an ye. Nou kenbe fèm nan Non Mwen, e nou pa t nye lafwa nan Mwen an, menm nan jou Antipas yo, temwen Mwen an, fidèl Mwen an, ki te touye pami nou, kote Satan rete a.
14 But I have a few things against you: some there hold Balaam's teaching. He taught Balak to set a stumbling block before Israel, to eat food sacrificed to idols and commit sexual sin. “Men Mwen gen kèk bagay kont nou; paske nou gen la kèk moun ki kenbe nan ansèyman Balaam, ki te ansenye Balak pou mete yon wòch chite devan fis Israël yo, pou manje bagay ki te sakrifye a zidòl e komèt zak imoral.
15 So also you have some who hold the teaching of the Nicolaitans. Konsa tou, nou gen kèk moun ki, nan menm jan an, k ap kenbe sou ansèyman Nikolayityen yo.
16 Repent, then. Otherwise I'll come to you soon and fight those who hold to it with the sword of my mouth. “Konsa, repanti; sinon, Mwen va vini kote nou vit, e Mwen va fè lagè kont yo avèk nepe a bouch Mwen an.
17 Anyone with an ear should hear what the Holy Spirit tells the churches. To the victor I will give hidden manna and a white stone inscribed with a new name that only its receiver knows. “Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, a li menm, Mwen va bay kèk nan lamàn kache a, e Mwen va ba li yon wòch blan avèk yon non tounèf ki ekri sou wòch la ke pèsòn p ap konnen, sinon sila ki resevwa l la.
18 "To the angel of the church in Thyatira write: The Son of our Father, whose eyes are like a flame of fire and feet like polished bronze, says: “A zanj a legliz nan Thyatire a, ekri: Fis Bondye a, ki gen zye tankou yon flanm dife a e pye tankou bwonz poli a, di sa a:
19 "I know your works—your love, faith, service, and endurance—and that your last works exceed the first. Mwen konnen zèv nou yo, lanmou nou, lafwa, sèvis, ak pèseverans, e ke zèv nou dènye tan sa yo pi gran pase avan yo.
20 But I have this against you: you tolerate the woman Jezebel, who calls herself a prophet, teaching and misleading my servants into sexual sin and eating food sacrificed to idols. “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou tolere fanm Jézabel la, ki rele tèt li pwofetès, e ki ansenye pou fè egare sèvitè Mwen yo, pou yo kab komèt vye zak imoral e manje bagay sakrifye a zidòl.
21 I gave her time to repent, but she won't repent of her sexual sin. Mwen te ba li tan pou repanti, e li pa vle repanti de imoralite li yo.
22 I will throw her onto a sickbed, and those who commit adultery with her into great suffering, unless they turn from her deeds. “Gade byen, Mwen va jete li sou yon kabann plen maladi, e sila ki fè adiltè yo avèk li nan gran tribilasyon an, amwenske yo repanti de zèv li yo.
23 And I will strike her children dead. Then all the churches will know I am he who searches mind and heart, and will repay each of you for your works. Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.
24 But to the rest of you in Thyatira who don't hold this teaching, who haven't learned Satan's so-called deep things: I lay no other burden on you. “Men Mwen di nou, rès moun ki nan Thyatire yo, ki pa kenbe a doktrin sila a, ki pa t konnen bagay pwofon a Satan yo, jan yo rele yo a, Mwen pa mete lòt fado sou nou.
25 Only hold fast to what you have until I come. Sepandan kenbe fèm a sa nou genyen an jiskaske M vini.
26 Whoever conquers and keeps my works to the end, I will give them authority over the nations, “Sila ki venkè a, e sila ki kenbe zèv Mwen yo jiska lafen an, a li menm Mwen va bay otorite sou nasyon yo.
27 and he will rule them with an iron rod, shattering them like clay pots—as I also received authority from my Father. Li va gouvène yo avèk yon baton fè, tankou veso ajil ki vin kraze an mòso, jan Mwen menm te resevwa otorite soti nan Papa M nan;
28 And I will give him the morning star. epi Mwen va ba li zetwal maten an.
29 Whoever has an ear, let him hear what the Holy Spirit says to the churches." “Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo”.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]