Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The revelation of Jesus Christ, which our Father gave him to show his servants what must soon happen. Jesus made it known by sending his angel to his servant John, Revelasyon a Jésus Kri, ke Bondye te bay Li pou montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean,
2 who testified to our Father's word and to the testimony of Jesus Christ—all he saw. ki te temwaye pawòl Bondye a, ak temwayaj Jésus Kri a, menm a tout sa li te wè yo.
3 Blessed is the one who reads this prophecy aloud, and blessed those who hear and keep what's written in it—the time is near. Beni se sila ki li e sila ki tande pawòl pwofesi sila yo, e ki prete atansyon a bagay ki ekri ladann yo. Paske tan an pwòch.
4 John, to the seven churches in Asia: grace and peace to you from the One who is, who was, and who is coming, and from the seven spirits before his throne, Jean, a sèt legliz ki an Asie yo: Gras pou nou ak lapè, ki soti nan Sila ki la, ki te la, e ki va vini an; ki soti anplis nan sèt lespri ki devan twòn Li an;
5 and from Jesus Christ, the faithful witness, firstborn from the dead, ruler of earth's kings. To him who loves us and freed us from our sins by his blood, e nan Jésus Kri, temwen fidèl la, premye ne de lanmò a, e chèf a wa latè yo. A Sila ki renmen nou an, ki te libere nou de peche nou yo pa san Li—
6 and made us a kingdom, priests to his Father—to him glory and dominion forever and ever. Amen. epi Li te fè nou vin yon Wayòm, prèt a Bondye e Papa Li a. A Li menm laglwa, ak règn pou tout tan e pou tout tan. Amen.
7 Look, he is coming with the clouds—every eye will see him, even those who pierced him—and all earth's tribes will mourn over him. Yes, amen. Gade byen, l ap vini avèk nwaj yo, e tout zye va wè L, menm sila ki te pèse L yo. Tout tribi sou latè yo va fè gwo lamantasyon sou Li. Se konsa l ap fèt. Amen.
8 "I am the Alpha and the Omega," says the Sovereign God, "who is and who was and who is coming, the Almighty." “Mwen se Alfa a e Omega a,” di Senyè Bondye a: “Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an.”
9 I, John, your brother and partner in the suffering, kingdom, and perseverance we have in Jesus, was on the island called Patmos because of the word of our Father and the testimony of Jesus. Mwen, Jean, frè nou, ki patisipe avèk nou nan tribilasyon, wayòm, ak pèseverans ki nan Jésus a, te sou lil ki rele Patmos la, akoz pawòl a Bondye ak temwayaj de Jésus a.
10 I was in the Spirit on the Lord's day and heard behind me a loud voice like a trumpet, Mwen te nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa tankou son a yon twonpèt,
11 saying, "Write what you see in a scroll and send it to the seven churches—Ephesus, Smyrna, Pergamum, Thyatira, Sardis, Philadelphia, and Laodicea." ki t ap di: “Ekri nan yon liv sa ou wè a, e voye l nan sèt legliz yo; nan Éphèse, Smyrne, Pergame, Thyatire, Sardes, Philadelphie ak Laodicée.”
12 Then I turned to see the voice speaking to me, and when I turned I saw seven gold lampstands, Alò, mwen te vire pou wè vwa ki t ap pale avè m nan. Epi nan vire, mwen te wè sèt chandelye ki fèt an lò.
13 among the lampstands, one like a son of man—Jesus—dressed in a robe down to his feet, with a gold sash across his chest. Nan mitan chandelye yo, mwen te wè yon moun tankou yon fis a lòm, abiye nan yon wòb ki rive jis nan pye, e mare lestonmak li ak yon sentiwon an lò.
14 The hair of his head was white, like wool, like snow; his eyes like fire's flame. Tèt Li ak cheve Li te blan tankou lèn blanch, tankou lanèj. Zye li te tankou yon flanm dife.
15 His feet were like burnished bronze, refined in a furnace; his voice like many waters roaring. Pye Li te tankou bwonz cho lè l chofe nan fou, epi vwa l te tankou bri anpil dlo.
16 He held seven stars in his right hand, and a sharp two-edged sword came from his mouth, and his face shone like the sun at full strength. Nan men dwat Li, Li te kenbe sèt etwal. Yon nepe file de bò te sòti nan bouch Li. Figi Li te tankou solèy k ap briye nan pwisans li.
17 When I saw him, I fell at his feet as dead. He put his right hand on me, saying, "Don't be afraid. I am the first and the last, Lè m te wè Li, mwen te tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se premye ak dènye a,
18 the living one. I was dead—look, I'm alive forever and ever! I hold the keys of Death and the grave. e Sila ki viv la. Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.
19 Write therefore what you have seen, what is now, and what will take place after this. “Konsa, ekri bagay ke ou gen tan wè yo, bagay ki la yo, ak bagay ki va rive pi devan an.
20 This is the mystery of the seven stars you saw in my right hand, and the seven gold lampstands: the seven stars are the seven churches' angels, and the seven lampstands are the seven churches." Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]